Pèp ayisyen ap mouri fot de konesans

Nan liv Osée 4 vèsè 6, li ekri ke pèp Bon Dye an ap peri fot de konesans. Nan ti atik byen kout sa, mwen menm, mwen ekri ke pèp ayisyen ap mouri fot de konesans.

 

Gen anpil egzanp ke m te k ab pran pou m ilistre tit tèks lan, men pou evite yon long lekti ak lektè m yo, mwen ap jis pran kèlke egzanp.

 

An nou fè yon ti rete nan bib lan toujou. Kretyen yo ap repete tout tan Egzòd 14 vèsè 14 ki di: "rete an silans, Letènèl ap konbat pou ou." 

 

Sepandan, se menm bib sa ki plen yon pakèt vèsè sou zafè mèt ak esklav. De tout fason, yon sèl bagay ke m konnen, si nan epòk Papa Dessalines lan, li te chita ap li ak repete Egzòd 14 vèsè 14, jiskounye an pèp ayisyen t ap nan esklavaj.

 

Lòt bagay ankò, jiskote kretyen ayisyen an ye nan Karayib lan, se tout tan li ap repete li se Israyèl pa la fwa. Se sa ki fè li toujou vle rete sou jenou l ap priye tout la sent jounen. Pou li, se Bon Dye pèp Israyèl lan ki ap vinn retire l nan sa move zanmi l yo mete l lan. 

 

Kòm si se Bon Dye ki te mete bandi legal yo sou pouvwa nan move eleksyon an 2010.  Se dirijan abolocho nan Leta an tankou nan legliz ki fè zam rantre nan peyi an. Men, se pa Bon Dye ki fè zam rantre nan Site Letènèl pou vin kidnape ak touye sèvitè ak sèvant ki ap sèvi li yo.

 

Se tout tan ou ap tande moun legliz yo ap repete ke Bon Dye ke yo ap sèvi an gen zye pou l wè. Li gen bouch pou l pale. E li gen zòrèy pou l tande. Mwen pap pale bagay ke m pa konnen. Mwen pa konnen si se vre, si se pa vre. Men, sèl sa ke m konnen, men m nan peyi etranje anpil ayisyen ap mouri fot de konesans.

 

Pa egzanp, gen Kowona ki t ap fè ravaj nan Etazini. Finalman, prese prese, ekspè yo te rive jwennn yon vaksen pou soulaje mond lan kont maladi mòtèl sa.  Bim, pou refere ak kesyon "marque de la bête", ou tande gen kretyen ki di w: Yo p ap pran vaksen pou yo pa al mete "le sang de la bête" andedan yo.

 

Gen youn ki te di m yon lè, li p ap renmen ak nèg ki pran vaksen, pou l pa al nan fè sèks ak yo. Chanmas, ala kote w tande koze papa.

 

Brèf, se te yon ti parentèz ke m te ouvè sou kèk kretyen pwotestan nan Nouyòk, Etazini. An nou retounen nan bagay ki pi serye ki se kriz politik, pwoblèm ensekirite ke peyi an ap viv nan dènye ane sa yo.

 

Ti atik sa, se pou kretyen ayisyen yo. Sa yo ki ap repete tout tan, se Israyèl pa la fwa ke yo ye. Fè yon ti koudèy nan zòn kote Israyèl ye an, ou ap wè ak ki pil materyèl lou ke militè Israyelyen to ap sèvi kont lòt peyi enemi li yo. Pran yon ti tan pou konprann kiyès ki bon zanmi Israyèl. Ki moun ki ap ba l tout sipò militè ak ekonomik ki fè li sa li ye nan zòn lan.

 

O, pèp Bon Dye an te pase plis ke 400 zan nan esklavaj an Ejip. Chita kite moun ap fè nou fè 40 jou jèn. Rete ap monte sou la montay.  Plede ap fè revèy ak longvèy tout tan. Rete ap repete ke Bon Dye ap fann lanmè wouj ki devan w lan. Mete nan tèt ou ke menm Bon Dye ki te la otrefwa an, se li ki la jodi an.  Li ap gen pou l vin n kraze miray Jeriko ki devan w lan.  Al kwè sa. 

 

Si w kwè sa, pa gen anyen ke m kab di ou fè pou m retire lavaj sèvo ke yo Pastè yo fè nan tèt ou an. Men, mwen gen yon sèl bagay ke m rete kwè, ke se nan Osée 4 vèsè 6 li ye, ke se nan eksperyans pèsonèl, pitit papa Dessalines yo ap mouri paske yo pa gen konesans pou yo konprann nan ki sa ke yo ye la. Yo poko gen konesans ase pou yo konprann ke moun ki ba yo bib lan, se yo ki ap pran tè peyi Dayiti ak tout resous ki gen ladan l.

 

Pa koute okenn moun ki, pou zonbifye w, chita ap pale zansèt ou yo mal. Pa tande fo pwofèt ki ap krache sou moun ki te goumen pou te kase chèn esklavaj nan pye gran, gran paran w yo . 

 

Se pa zafè vèse san kochon nan Seremoni Bwa Kayiman ak jan ke nou te pran endepandans nou ki fè nou pòv konsa Jodi an. Vye pawòl sa yo se zafè politik kapitalis ke Pastè yo ap regle. Se pa zafè pa w.  Se pa zafè peyi.

 

Kesyon an, se fè yo fè nou pòv nan mete ak vye dirijan volè, sanwont, mal pouwont ki toujou la ap siyen tout move akò ki kontinye ap desakòde peyi an.

 

Oke, ou vle rete nan bib lan, paske se liv dè liv li ye. Ou vle rete ladan l, paske se nan li ou kwè, e byen se pa sou la montay ni sou jenou l ke David te rete lè l te gen Goliath devan l kòm obstak.

 

Si nan Nouvo Testaman, se mirak ke pitit lòm lan te chita ap fè, men tout Ansyen Testaman an se te gwo batay ki te toujou genyen ant pèp ak pèp.

 

Menm nan Nouvo Testaman lan, pitit lòm lan te oblije mete ponyèt pou l te mete bandi, brigan, komèsan yo deyò nan tanp papa li an.  

 

An plis, lè yo te vin arète pitit lòm lan pou yo al touye l sou kwa a, Apot Pyè te gen bèl epe l bò kote l, paske sèvitè an te konnen se fè ki koupe fè. E, li pat ezite itilize epe an pou l te bay zòrèy Marcus yon ti afeksyon. 

 

Ke moun ki gen zòrèy pou tande e ak konpreyansyon pou konprann, ke yo konprann epi aji antan ke bon sitwayen responsab.  

 

E si sa ke m di yo la rive fè sans, mwen mande kretyen legliz yo ki p ap dòmi pou yo banm yon gwo amèn.  

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES