Lèt tou louvri pou minis Sante piblik la

Pòtoprens, 5 septanm 2023

Doktè Alex Larsen

Minis Sante piblik ak Popilasyon an

Nan biwo li yo.-

 

Motif: Yon kout je sou ravaj maladi tansyon anndan peyi a

 

Mesye minis,

 

Mwen salye ou, epi felisite ou pou kapasite ou nan domèn medikal. Toutfwa, mwen pwofite pou m atire atansyon ou sou yon lòt dosye ki ijan anpil e nou ka menm konpare pwoblèm sila ak fenomèn ensekirite a k ap ravaje peyi a.   

Se ak anpil kè kase pifò Ayisyen ap konstate kijan maladi tansyon ; kit se tansyon wo (ipètansyon) oubyen tansyon ba (ipotansyon) ap ravaje sosyete nou an. Maladi sa a frape tout kategori nan sosyete a, timoun, jenn kou granmoun. Se pa 2 moun ki mouri anba maladi tansyon, san konte anpil lòt ki enfim.

Kot bagay sa sòti menm ?  lontan yo te konn ap di tansyon se maladi gran nèg, paske nan epòk sa yo se moun ki gen mwayen ekonomik ki te plis manje sa k ap sot nan lòt peyi. men kounye a tansyon se maladi ki pi popilè nan peyi a malerezman.

Èske se nan sa n ap manje oubyen sa n ap bwè ki fè ke nou vilnerab konsa? Nan lanne ki pase yo, nou te konsomen plis produi lokal men kounye a ak plan neyoliberal la, nou konsomen nenpòt 95% bagay ki sot lòt peyi.

Pou kisa syantifik ayisyen yo nan peyi a ou lòt bò dlo pa mennen kèk ankèt sou kouman maladi tansyon ap depafini ak peyi a konsa? menmjan tou te ka gen bonjan ankèt sou sans pwofon ensekirite a.

Maladi sa tèlman ap fè ravaj, li t ap enpòtan pou responsab yo ta anpile done lopital yo sou  anviron 3 mwa konsa konsènan moun ki mouri nan zafè maladi tansyon. Epi pran done nan rejis mòtyè Meri yo jis pou yo okouran konbyen fineray ki selebre akoz maladi tansyon.

Mwen panse sa ta dwe yon dosye ki entepele chak Ayisyen kèlkeswa kote y ap viv. paske se pat konsa bagay yo te ye pa bò isit.

Deja, Minis Larsen, m ap remèsye w pou dilijans ou pral fè pou n konnen vrè pwovnans maladi sa ki nan dènye jou sa yo ap ravaje peyi a, pandan w ap pran bonjan mezi pou pwoteje popilasyon an nan sans sa.

Mèsi

Menm kopi a adrese ak tout fòs viv nasyon an.

 

Ruben Sanon

sanonruben@yahoo.com

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES