Kloti mwa lang ak kilti kreyòl 2023: Rektè UEH la mande pou lang kreyol la rantre pi fon nan lajistis

N ap di Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) an yon gwo Mèsi pou bèl envitasyon sa a Rektora Inivèsite Leta a resevwa pou l pran lapawòl jounen jodia.

Alapapòt, yon chay konpliman pou selebrasyon mwa lang ak kilti Kreyòl la. Ochan pou piblikasyon ofisyèl Dezyèm Rezolisyon Otograf lang kreyol ayisyen an.

Malgre sitiyasyon peyi a jan l ye a, AKA rive kenbe randevou nou kase chak ane, chak mwa oktob, pou n raple n batay pou lang nou an, lang nasyonal nou an, poko fini. Batay pou lang ki fè n sonje sa n ye, sa n vle ye, sa n dwe ye. Batay pou lang kreyòl nou an jwenn rekonesans ak espas pou l jwe wòl li komsadwa a poko fini. Batay pou tout popilasyon peyi d Ayiti a rive jwi tout dwa lengwistik li poko fini.

Menmsi AKA pa gen ase resous, prezans li sèlman pèmèt nou fè anpil pwogrè sou jan nou konsidere kreyòl la nan Lekòl, nan Leta, nan Inivèsite yo, nan sosyete a. Pifò nan nou sispann pè, sispann wont pale kreyòl. Sou rezo sosyo yo, lang manman nou an ap layite kò l pi plis. Ou ta sezi wè kantite ak kalite moun ki vin santi yo alèz nan pale ak ekri kreyòl. Anpil biwo Leta kòmanse pi aktif nan batay la. Nou ka site Ministè Kilti ak Kominikasyon ki toujou kanpe bò kote AKA ak Ministè Edikasyon Nasyonal k ap fè jefò pou l mete Refòm Bernard la sou pye.

 

Men kòm nou konnen, batay la poko fini.

Jounen jodia mwen vle lonje dwèt sou yon reyalite n ap viv chak jou, k ap vegle je nou, san nou pa pran tan ni gade, ni reflechi sou li. Ou ta di nou pa menm wè l.

Eske nou konsyan nou kontinye ap jije moun nan yon lang yo pa konprann? San yo pa konnen ki sa y ap di sou yo ? Pou ki sa tribinal kondane yo oswa pou ki sa tribinal libere yo ? Ki sa lalwa repwoche yo ? San yo pa konnen ki sa yo dwe oubyen ki sa yo pa dwe fè pou Leta ak lasosyete konsidere yo kòm moun ki respekte lalwa ?

Paske :

- Lwa yo, regleman yo, kòd yo pa an kreyòl;

- Pledwari yo pa fèt an Kreyòl;

- Jijman yo pa ekri an Kreyòl;

- Pifò dokiman lajistis, tankou somasyon, sitasyon, elatriye, pa an kreyòl.

- Epi, menm si gen kèk dokiman ki gen vèsyon kreyòl se pa tout tan mo ak konsèp yo itilize yo korèk. Pa egzanp, pou yo tradwi « mandat d’amener », yo konn di « manda rale mennen vini ».

Sa k pi rèd la, menm lwa yo konn depaman ak reyalite sosyojiridik peyi a. Lwa ki ekri an franse yo pa toujou menm ak regleman ak prensip kominote yo aplike an kreyòl. Dwa enfòmèl la, dwa koutimye a, ki pèmèt rezoud anpil anpil konfli nan mitan moun ki pale kreyòl yo, pa toujou menm ak lwa, kòd, dokiman jiridik systèm ofisyèl la rekonèt.

Nou gen anpil travay pou n fè :

- Pou sitwayen yo vin pi pre lajistis ;

- Pou lajistis rive jwenn sitwayen yo ;

- Pou sitwayen yo gen konfyans nan lajistis ;

- Pou lajistis sispann pèmèt yo fè pi piti yo, sitou moun ki pale kreyòl sèlman yo, abi ak enjistis.

Mouvman sa a mande yon gwo konbit.

Se tout enstitsyon lajistis, se tout profesyonèl domèn nan, ki pou mete men.

N ap bezwen patisipasyon jij, komisè, sibtiti, avoka, grefye, isye, notè, apantè, fonde pouvwa ak tout lòt aktè sistèm jistis lan.

Men toudabò, se Ministè Jistis ak Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) ki dwe pran lidèchip kesyon an. Se yo ki pou ba l oryantasyon. Se yo ki pou mete resous ak bonjan estrateji pou kòz la vanse kòmsadwa. Akademi Kreyòl Ayisyen ak tou Inivèsite Leta a ka bay yon gwo koutmen.

Nan konbit sa a, anpil lòt enstitisyon Leta ak Sosyete Sivil la dwe pote kole, tankou :

- Lekòl Majistrati (EMA) ;

- Biwo Pwotektè Sitwayen ;

- Federasyon Bawo Avoka Peyi d Ayiti.

- Lekòl Bawo Avoka yo;

- Oganizasyon Dwa Moun.

- Oganizasyon Dwa Fanm;

- Asosyasyon Majistra;

- Asosyasyon Paketye

- Asosyasyon Grefye;

- Asosyasyon Isye;

- Asosyasyon Notè

- ONG k ap travay nan domèn lajistis

- Oganzasyon k ap travay pou lang kreyòl yo

- Elatriye.

N ap bezwen tou kontribisyon lengwis, sosyològ, antropològ, psikològ, tout save ki maton nan plizyè domèn lasyans, kit se syans sosyal, kit se syans moun, kit se syans aplike. Se pou sa Inivèsite yo, Lekòl Siperyè yo, pa dwe rete dèyè.

Déjà mwen ka ban nou garanti Inivèsite Leta a gen tan anbake nan demach sa a. Ak tout Fakilte Lengwistik Aplike, Lekòl ak Fakilte Dwa yo ak tout lòt Fakilte nou yo nan Pòtoprens tankou pwovens, nou pare pou nou pote kole. Mwen ka di tou, ak pèmisyon Prezidan AKA a, Akademi Kreyòl la pare tou.

Pou konnye a, annatandan Ministè Jistis ak CSPJ ranmase kòz la – sou pwen sa a, nou jwe sou Minis Kilti a ki se yonn nan pèsonalite ki te ede chwazi premye Akademisyen yo pou l pale nan zorèy Minis Jistis la pou nou -, annatandan tout lòt aktè nou site yo pran dispozisyon pou bay lang kreyòl la pasaj ak ouvèti nan domèn lajistis, Inivèsite Leta a koube l byen ba pou l di nou :

Kenbe fèm. Rete djanm. Wout la long se vre. Men nou pi pre pase n pi lwen. Lang kreyòl nou an, lang ki simante tout ayisyen alawonnbadè, gen pou l pran espas ki rele l chè mèt chè mètrès nan tout sektè, nan tout domèn, sou tout tab, sou tout pyedestal kote enterè pèp ayisyen an dwe rive.

Bòn Fèt kreyòl.

Bèl Jounen Intènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl

26 OKTOB 2023

 

FRITZ DESHOMMES

REKTE UEH

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES