Divès mannyè Ayisyen itilize pou li pale de lajan

Kòm moun ki rete mare ak kilti ayisyen an epitou ki Etidye Sosyoloji, Istwa, Memwa ak Patrimwàn, m souvan renmen suiv epi rale kreyon m make divès fason pèp ayisyen an ap manyen kotidyen l pou l ka esprime l. Men sa ki pi enteresan se diferan mannyè oubyen yon dividal non popilasyon ayisyen an jwenn pou li itilize pou li kapab idantifye kèk objè l ap sèvi chakjou. E tout sa, sitwayen yo itilize Lang kreyòl la kòm prensipal zouti (mwayen Kominikasyon) pou esprime panse yo. Trapde, nenpòt kote Ayisyen an ye, li p ap pran tan pou konprann.

Nan tèks sa jodi a, m ap eseye gade kijan popilasyon ayisyen rive jwenn yon latriye sinonim lè l ap pale de lajan (nan diferan kontèks). Konsa, nan fouye chache, mwen jwenn mon oubyen espresyon sa yo Ayisyen itilize pou li pale de lajan :

 

- Lajan (M souvan tande yo di lajan pa fè bonè oubyen lajan pa fè moun, men lajan sove lavi anpil moun);

- Zekreve (sitou lè moun yo gen lwa, lè fèt Gede 1e ak 2 novanm, nan sitimyè yo sitou, nou souvan tande y ap mande moun k ap suiv yo pou yo lage ti zekreve pou yo atè a);

- Zo (Konpè Anivince, ou pa gen Zo la? M pa wè klè menm non jodi a);

- Penich oubyen peni (Kamarad, ou la toujou? Si se pou towo sa, ou p ap jwenn yon penich ou peni nan men l);

- Kòb (Mwen menm, Kòb moun pa fè m sezi. M konnen se travay pou m travay pou m fè Kòb pa m);

- Yota (M leve maten an, m pa gen yon Yota la);

- Kwata (M gen sòl pou m peye pita, m pa gen Yon kwata la);

- Degouden (Fòk ou lève bonè pou w fè Degouden jennonm);

- Grennbak (Mackenson chaje grenn bak nan bous li);

- Lamama (Ti Lamama m ap tann la pou m ale Pòmago. Mwen Okap depi 2 mwa.);

- Pyas (Si m tonbe la se derandan m k ap sonnen. M pa gen yon Pyas menm);

- Goud (M pa gen yon Goud. Nan sans sa, Goud= lajan pou Ayisyen);

- Ti tchotcho (M pral pran ti tchotcho a pita);

- Monnen (Kilè Leta ap peye nou ti Monnen an mezanmi?);

- Pyès (M pa gen yon pyès la zantray);

- Klou (M tande fiyèl an rantre demen, m pa gen Yon Klou la);

- Lavi (M vin dèyè yon la nan men w la wi frè m. Bagay yo pa bon pou mwen menm.)

Gen yon pil lòt espresyon oubyen mo Ayisyen itilize pou fè referans ak lajan oubyen pou fè konnen sitiyasyon yo pa klè ditou, kidonk, yo wè twoub.

 

Egzanp:

- M blanch

- M razè

- M tankou Jòb

- M vid nèt

- M atè plat

- M pa gen bwas

- Mwen Kat pat

- M sou jant

- Ah m deran dan la

- M toutouni

- M ak de po

- M pa gen yon santim

- M a zewo

- Ban m yon jesyon la non

- Voye m anlè non patnè m

- M wè nwa

- Kat bare twa

- M sou bouda

 

Iléus PAPILLON

Prezidan Observatoire Patrimoine

paplus12@gmail.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES