Powèm

Powèm Nasyonal kaye No3 pibliye pou fè lwanj lanmou ak byennèt.

Yon fwa ankò nou pote pou ou, senk kout loray lavi, senk pwent, senk kout tiwèl pou rebati Ayiti, senk nanm djougan, senk reyalite ou te bliye. Nou vin ranfòse nanm nan rebati lespri pou yon demen miyò. Kaye powetik sa pibliye pou ranfòse ak fè plis pwomosyon pou Pwezi ak Kilti lakay. Se yon kanpay wololoy, yon vapè lespwa, yon kilti andaki ak pil teknik powetik modèn.

Pran tichèz ba w, si w gen diven oubyen kleren pa neglije, paske se ak pwezi n pral redemare lavi pou rebati Ayiti.

Powèm Nasyonal yon inisyativ powèt Wilkens Scott Fifi ak jounalis powèt Godson Moulite pote pou ou ansanm ak lòt kolaboratè tankou powèt Philippeson JUSTE, powèt Stéphanie BOURSIQUOT, epi Dawinson Saint Charles aka Malab'art (Grafis), Tètpwav Solèy (Atis Pent) ak Le National.

Powèm Nasyonal Sosyal
1
Lè lavi kenbe w nan kou
Pa fè ni de / ni twa
Epi… bap !
Kenbe gagann mouche

Kenbe li nan gòjèt pou lòd
Pou lapè / Pou lavni
Pou manman pitit k ap rele
Pou bebe k pa souse manmèl
Pou lapli ak lasezon
Pou bwat chenn ak Pòs Machan
Pou Lasalin ak Matisan

Kenbe lavi nan kou
Pou souke Bwa Kayiman
Pou jenn fanm ak gason ki detui
Pou tout souf ki koupe san mo pa vante
Pou silans lè n dwe rele
Pou absans lè n pa kanpe
Pou lachte n / tribilasyon non n pote

Kenbe l nan kou / peze l jouk li jou
Peze peze peze
Pou nou jwenn zo pou n souse
Pou ti sous koule jouk flè boujonnen
Pou lanmè pote vag li tounen
Karese pye vil la

Nou tout bezwen kenbe lavi
Fè l reprann plas li nan vi n
Kòmsadwa

Lovely Kermonde Fifi
Philadelphia / Etazini


2
Aba Leta krèy !

Santiman Leta aladriv
kou fouk pantalèt moun fou
k ap penpennen
Douvan baryè Katedral.

Leta mache devan dèyè
Nan pote move  nouvèl
Jouk malere pran kakarèl !

Leta fè laviwonndede sou tout kadav
kouwè mouch
k ap pawaze sou mòso
vyann gate sou tab machann.

Jennifer Eugène
Pòtoprens /Ayiti


3
ADYERIDAN

Pòtoprens kouri kite pantalèt li
nan men mouche Leta
Yo fè l pwomès ki pa kenbe
Pòtoprens bay goute
Leta avaris fè dappiyanp sou li

Pòtoprens ap jwe marèl nan rigòl san l
Leta sansi pete souri
Leta santi dan pouri
Leta sousèt / Leta karanklou

Pòtoprens mal chita
Leta pran plezi jofre
yon kilòt ki pase an bastengal
k ap fè pla men cho ak lamizè

Leta kanpe an zotobre
Men kwa manman w vin pile l
Pòtoprens pot move pòte
Vil la avòte
Leta ret bouchbe

Evens-Edson MAURICE ( Psy-M )
Monreyal / Kanada

4
loksidan sonm pase lapriyè
sonm pase kwa l plante
nan labou ki fè l gras

lè blòf an pèsòn
monte drapo sou tèritwa Bawon yo
sèl simityè k sanble laverite

powèm ta ka move zak
nenpòt lektè nan vant
si paj blanch pat anonse l gen pou vini
tankou vòlè somèy

yon don sakrifis pou resisite kalfou

vini goute eksè
kot zen an pete
pase monte bèl penitans
pase desann
ak twa douzèn ti bebe sou bra l

lè sechrès pouri venn
tou manti twò fon
pou antere jagon trepase

se menm jan m fouye tè
pou jwenn syèl

Jeudinema
Jakmèl / Ayiti


5
Sou boulva lavi
Chimen nou kwaze
Yon lòsyè bone
Yon mòso lajwa
Yon lajwa an plen
Chak ti detay te konte.

M plonje nan yon depresyon san fòs kote
Dwòg / alkòl
Pi gwo preskripsyon lannuit preskri m
M koupe fache ak limyè
Pi bèl melodi pou mwen
Se silans mche tenèb pa bouke ofri m.

Siksè ak kouraj
de zanmitay
M pa gen dwa janm koupe
kòkòday
M konnen yon jou
Y a va pote atizay.

Love-Lee Francklin (Mme Lee)
Okay / Ayiti

Powèm Nasyonal Santimantal
1
Kote m kanpe a
Pa gen bwa / Pa gen syèl
Kote m kanpe a
M pa gen vwa / M pa wè klè

Tout lari a se pwen final
Yon ti van deboutounen lespwa
Pèdi pye l nan rèv la
Li kite tras sou kè m
Yon anpwent lawouze bliye
Yon rèl souspyant
Pase prezan melanje

Kote m kanpe a blese
Kote m kanpe a dedouble
Yon dous / yon cho
1, 2, 3, li p ap fè nwa

M tande mo yo k ap senyen
Yo malad chak fwa boutèy kreve
M tande timoun yo chante
Alarive alarive demen
Je kontre je
Koze yo kache nou tout bwè pwa

Lovely Kermonde Fifi
Philadelphia / Etazini


2
Lanmou n fè kolizyon  !
Se nan chak batman kè w
Mòso souri m fè kolizyon.

Bonnanj mwen chavire nan apante
koridò kò w
Souf ou brize vit devan m
Legzistans mwen danse
lakontantman
nan chak kwen souri w.

Jennifer Eugène
Pòtoprens / Ayiti


3
PLEZI N

Plezi pa n
Se lè mwen ak ou ap pale lang an nou
Lè zòt ap babye
Lè lanmou n fè yo fè tenten
Lè solèy la pete kouri
Pou pran jòf nan mitan mwen ak ou

Plezi pa n
Se lè n janbe lento
Lè n pa bay panno kay chans
Lè m ap fonn kou dlo nan sab ou
Nanpwen veso pou sipòte goutyè w

Plezi pa n
Se lè w kite gou bouch ou
nan pla men lalin
Lè fòm kò n pran fè pwezi
Chak kout plenn son amèn
Lè n pa mande rete
Se kite l ale
Lè n bouke n a kanpe

Evens-Edson MAURICE (Psy-M)
Monreyal / Kanada


4
Vyèj lanmizèrikòd !

gras ak ou Mètrès
solèy leve de fwa sou vizaj
solèy leve fènwa sou pòs
erezman on chante
satouyèt mwen

ou gade m tout pousyè tonbe
lanmè nan je w ban m vag
Ayabonmbe reyon solèy
kòd lonbrik tan an
tanp sekrè pa konn jalou

senbolikman m konprann
vèvè je w anbrase paraf
lèt damou
gou sakrifis mwen

kenpòt jan w gade m
m ase flann anfantenm anlè san foli van
swadizan silans ak moso rèl
ou gade m li jou

AYABONMBE Lavyèj !
nou boukante bouch ak pwovizyon nan je
trezò w ye ebranle vòlkan
nan kan m ou kanpe

Malerezman
lòm pa konn metye l
renmen

Jeudinema
Jakmèl / Ayiti


5
Jodi a m prè pou di w
Lè a pase
Lè m te bezwen w konprann mwen an
Lè sa a pase

M te vle konte sou ou
M te panse f on sèl ak kè w / ak kò w

Jodi a m prè pou di w
Lè sa a pase

Pwa neglijans ou rantre
Ou chifonnen menm eskanp  pantalèt
Ou pa t mete
Kounye a sa a pase

Lè a pase tankou paj kaye
Ki pa donnen bèl nòt

M se miwa ou te tanmen brize
An miyèt ti mòso

Jodi a m prè pou di w
Lè sa a pase

Love-Lee Francklin (Mme Lee)
Okay / Ayiti

Pibliye pa: Wilkens Scott Fifi ak Godson Moulite

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

12 COMMENTAIRES