La patrie peut très bien s'épanouir

Les fils et filles de la Rédemption ne permettront pas que leur âme étouffe d’indignation quant aux affaires de la République d’Haïti, lorsque la patrie peut très bien s'épanouir.

Nous ne voulons pas être hésitant, lâche, soumis aux forces de destruction; nous ne voulons plus mentir à notre Terre-Mère-Amour-Ayiti-Kiskéya-Boyo-Hispaniola, ni nous mentir car nous souhaitons décider et agir pour le plus grand bien de la Grande Majorité Nationale, et, au fil de la Vérité, avancer et nous élever pour nous rapprocher du Divin Dessalines.

Faites, Entités de notre Terre-Mère, Seigneurs de Paix, Dieux de Guerre, Dieux de Justice, Esprits de Lumière, Esprits Tutélaires, Génie qui veille à notre destinée de Peuple, que nos désirs soient constructifs et par votre présence ô combien bienfaisante, permettez-nous d'atteindre nos objectifs humains d'élévation et de plénitude.

Nous voulons agir afin que votre Volonté soit faite sur la Terre comme au Ciel : Volonté de Paix, de Bonheur, de Grandeur.

Devant !

 

Pitit peyi a kap pote chanjman yo pap kite endiyasyon toufe nou konsènan zafè Peyi Dayiti pandan gen mwayen pou peyi a byen jere pou bonè tout pitit li yo.

Nou sèmante pou n pa nan mòde-lage, pou n pa pran nan kraponnay, ni nou pap bat ba devan fòs fè nwa ki la pou detrui sèlman ; nou deside pou n pa janm nan manti ak Manman-Latè-Damou-Ayiti-Kiskeya-Boyo-Ispayola. Konsa tou nou deside pou n pa nan manti ak pwòp tèt pa nou epi pou n mennen bon jan aksyon nan enterè Majorite Nasyonal la. Se konsa nan apante chimen laverite, nap kapab monte nan nivo siperyè Granmèt Dessalines nan.

Fòs Lapè, Fòs Lagè, Fòs Lajistis, Fòs Limyè, Fòs kap mache avè n yo, Jeni kap mache ak pèp Ayisyen an, toujou ede nou kenbe nan panse nou bon jan lide kap pèmèt nou konstrui bon bagay peyi nou. Pou jan nou bon, ban nou tout sipò pou n kapab reyalize sa nou planifye kòm objektif kap mete nou nan nivo siperyè a.

Nou dedye lavi nou pou nou angaje nan aksyon kap ede nou fè volonte nou atè a la a menm jan ak nan nivo siperyè selès la : tout volonte nou se pou lapè tounen youn nan sèl kòk chante nan peyi a, pou kè kontan simaye nan tout kouch moun kap viv nan peyi a, pou nou retounen pran plas donè nou nan mond la.

Devan !

 

Savannah Savary

Tradiksyon Nody Guerrier

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES