Ipokrizi nan mitan tan pèdi

De la Pinta, la Nina, la Santa Maria ak dènye bato militè peyi Kanada ki nan dlo peyi Dayiti, menm jan ak nan tan lontan, kolon nan tan modèn yo kontinye ap fè kous yo sou tèritwa an pou dekouvri tout ti rès sa ki te rete pou dekouvri nan peyi Papa Dessalines lan. 

Nan sans sa, si ekriven, Pwofesè Roger Gaillard te ap viv ankò jodi an, li te ap ekri yon lòt tòm ak plis paj de liv li an ke li te rele: Les blancs débarquent.

Tandiske pou chantè angaje, ansyen Majistra Pòtoprens lan, Manno Charlemagne li menm, avèk guita li pase an bandolyè nan kou l, ansanb ak Twoup Koral Kafou an, li t ap gen pou l chante ou byen pou l mande tankou li te konn abitwe fè l lè li te vivan: Èske blan Kanadyen yo gen alyen kat?

Malerezman, zafè alyenkat sa, se nan peyi ki gen otorite responsab ki ap kontwole tèritwa yo ki gen bagay konsa. Men, nan peyi ki pa gen otorite, tout mounn kapab rantre ak sòti jan yo vle tankou se nan yon savan dezole, abandone ki pa menm genyen yon chèf seksyon ki pou voye je sou li.

De tout fason, sa fè kèlke jou depi ke sou tout rezo sosyal yo se kesyon bato militè Kanadyen sa ki sou lanmè peyi Dayiti ki ap pale.

Anvan sa, se te yon zafè drone, ak yon kesyon avyon ke tout mounn te kapab wè ki te ap siwonnen nan syèl peyi Dayiti, jodi an se bato militè ki vinn tranpe kò li nan dlo teritoryal peyi an. Men, jounen jodi an, ki sa ki rete pou pèp ayisyen wè ankò?

Antandan ke nou ap rete tann repons ak kesyon sa, an nou chache konprann rezon ki fè bato militè peyi Kanada sou teritwa peyi Dayiti jodi an.  Èske se bato militè ki, nan zafè èd iminanitè, gen medikaman pou vinn ede malere ki malad yo? Ou byen se yon bato fòs entèvansyon etrange ki vinn twoke kòn yo ak bandi ki gen gwo  zam fannfwa nan men yo pou touye pèp ayisyen ki san sekou?

Olye ke m vinn ak repons konkrè, sanble ke se lòt kesyon ke m ap kontinye poze ankò. Se sa ke m abitwe ekri: Chache konpran n pou finalman pa vrèman rive konprann anyen nan anyen. E depi w wè se sa ki rive fèt, ou mèt konnen pa gen anyen serye ki ap regle. 

Ou, si toutefwa, ta vle gen yon bagay ke zafè bato militè an ta vinn regle, ou mèt konnen tankou toujou, se zafè pèsonèl yo ke yo ap regle, men se pa zafè pèp ayisyen nan peyi Dayiti.

Paske, depi zafè bato sa mouye nan dlo peyi Dayiti kote anpil mounn kapab konstate sa ak 2 nawè yo, bandi kontinye ap kidnape, vyole ak touye chak jou ke Bon Dye mete. Bandi yo tèlman pa pè, pa twòp lwoin Palè nasyonal, toujou gen gwo tire ki ap fèt nan zonn Bèlè. 

San konte imaj enfreyan sa yo kote malere ak malerèz, ti granmounn tankou timoun ap, pou yo pa kite po yo nan katye ke bandi yo anvayi, kouri ak sa ke yo kapab pote, pou chache refij. Malerezman pou ale ki kote? 

Paske se tout peyi an ki plen bandi. Bandi nan Leta. Bandi ki ap vann zam ak minisyon. Bandi ki ap achete zam ak minisyon pou bay lòt ti vagabon bandi pye sal yo ki rete nan katye popilè pou teworize mas pòv yo ki deja ap viv nan tout move kondisyon.

Pandan tout bagay sa yo ap pase anba je tout mounn, lè se pa reprezantan OEA, se ekspè LONI ak anvwaye espesyal ki sòti Washington ki rantre vinn rankontre dirijan politik ak sosyete sivil sou dosye kriz politik pouri ke peyi Dayiti ye depi plizyè zane an.  Semèm pase, se te tou pa manb peyi KARIKÒM yo ki, nan menm kesyon pèdi tan an, te fè vizit pa yo an Ayiti pou te chita pale ak doktè an, ansanb ak nèg ak fanm ki te nan opozisyon pou pozisyon, san konte kèk manb nan sosyete sivil lan, tankou ak mesye dam Montana yo. 

Tout gwo ekspè sa yo kontinye ap rantre nan peyi an pou yo wè sa ki kab fèt nan kesyon enstabilite pouri sa. Men, kòman sa? Tout mounn konnen ke se yo ki finn demanbre peyi an. Epi se yo kounye ki jounnen jodi an an ki ap fè demach, pale anpil ak pil monte desann pou yo rive wè kòman pou yo remanbre peyi an.  Definitivman, nan kafou ka twouboubinbe sa, mwen vrèman pèdi.

Men pandan ke m pèdi, jodi an, pèp ayisyen an li menm, li bouke. Yo pa konnen ki Sen pou yo rele. Yo bouke ak tout akò akwòkò ki ap plede siyen yo. Yo vrèman bouke ak doktè chalantan sa ki p ap vrèman regle anyen nan zafè politik nan tèt peyi an.

Yo fout bouke tou ak pil vizit monte desann sa yo. Anmwe, yo pa gen vwa ankò pou rele yo bouke ak tout move zanmi sa yo ki ap plede ba yo kou nan do. Kò yo pa gen kote ankò pou yo ap kontinye pran pil kout ponya sa yo. Wi, yo fout bouke ak tout pil ipokrizi sa yo. 

 

Pwofesè Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES