Koutba sou koutba

Se pa konsa, Ayiti rete li rive kote li ye a. Nan maryaj  pèp la te vle fè ak lame a, lanmou an pat dire twò lontan. Paske lame a se tèt li selman l te wè nan relasyon an. Nou sonje jeneral ki te nan tèt CNG a te di nan Nouyòk: «Jan nou wè figi m fre a, se konsa pèp ayisyen ye.» 

Sa se youn, men kanta pou bakoulou sa yo rele kominite entènasyonal la menm, se pi rèd. Mantè pase yo pa genyen. Wa ipokrit pa w, men pa pase yo. Yo toujou konpòte yo tankou ti sen, men se yon ekip rat mòde soufle. Se yo, men se pa yo. Yo rizèz, resèlèz, machann lèt. Yo toujou ap bay bèl pawòl tout la jounen pou yo k ab dechèpiye tout sa Ayiti genyen anba wòb li, de preferans nan sou sòl li ak anba lanmè l. 

Podyab, pèp ayisyen te tèlman kwè nan fo pwomès nan zafè demokrasi ak dwa moun ki te ap pale an, li te panse se yon bagay serye ki te ap regle. Malerezman pou peyi a, pil pwojè sa yo toujou fè foch kouch ou byen fo zanmi yo te toujou avòte yo depi nan vant. Ajoute ak rat kay ki te toujou ap manje pay kay, donk tout rezilta yo se koudba sou koudba. 

Paske aprè 7 fevriye 86, olye chen de gad sistèm lan te fè eleksyon demokratik pou yo te kite Pwofesè Gerard Gourgue pase kòm prezidan, yo te prefere fè Riyèl Vayan pou yo te asasine moun yo ki te vin vote nan biwo vòt la. 

Kò m chen de gad sistèm lan ak tout bon zanmi yo te vle fè yon demokrasi nan sans pa yo, finalman yo te rive fè yon maskarad eleksyon an janvye 1988 pou te mete yon prezidan ranplase jeneral ki te nan tèt CNG a. 

Se konsa yo te rive mete Pwofesè an sou pouvwa 7 fevriye 1988.  Men lè yo wè misye pat yon nèg yo te kapab fè sa ke yo vle ak li, yo pat pèdi tan, aprè 4 mwa, yo te voye l ale tankou yon pakèt rad sal. 

Aprè sa, tout militè te vle fè yon ti kou. Pou ki pwogram politik, pa gen moun ki te konnen sa yo te vle fè. Se konsa, ou jwenn yon pakèt ofisye ki se pitit ansyen makout, melanje ak sa yo ki se privilejye sistèm lan, yo tout t ap goumen pou pouvwa. Nou sonje kou Deta septanm 1988 ak avril 1989. Se pat pwason Davril. Se te istwa vrè. Militè ki t ap goumen antre yo pou pouvwa. 

Pandan tan sa, enperyalis oksidantal la ap pale de demokrasi, men yo te vle se yo ki pou mete pwòp prezidan pa yo. Nan yon estil prezidan popetwal. Konsa, li tap pi fasil, nan sa yo rele nouvèl òd mondyal la, pou yo te kapab fè gagòt legalman.  Paske bourik lan te chaje, li pat kapab kanpe. 

Se konsa, sou  gouvènman tranzisyon madanm ki te sòti nan Kou Kasasyon an, pou yo te kab avanse plan makab pwojè neyo-liberal yo an, donk nan yon sanblan de sa yo rele demokrasi, yo te vle fè yon eleksyon pike kole pou youn nan ajan sistèm lan. Paske yo panse sektè popilè a t ap bòykote eleksyon an. 

Men, tankou pwovèb kreyòl lan di: byen konte, mal kalkile. Kò m chat konnen, rat konnen, nan fen ane 1990, pandan enperyalis oksidantal lan t ap prepare eleksyon pou ansyen minis finans rejim diktatoryal la, ti pè a ak tout lòt moun ki te nan sektè  popilè a te mete kò yo tou piti. Konsa, an oktòb 1990, yo te fè chwa pou patisipe nan pwosesis la. Se konsa, nan eleksyon jeneral ki te fè t 16 desan 1990 la, sektè  popilè a te rive genyen pòs prezidan devan kandida kominote entènasyonal la. San konte yon pil ak yon pakèt majistra, depite ak senatè. 

Pèp lan te al vote ti pè a paske misye se te yon nèg ki te konn ap pale pou moun pòv yo. Sepandan, ajan lokal ou kolabo yo, pat vle wè ti pè a.  Se ka ki fè, yo te konn ba li tout non. Kòm pwopagann lan te fò anpil sou teren an, menm moun ki gen menm orijin ak misye yo te rive pran nan vye pyèj oligarchi lokal ak entènasyonal la.  

Se ki fè, olye yo te kite nèg la prete sèman 7 fevriye 1991, klas reyaksyonè a te prefere mete ak yon pakèt makout notwa pou yo te kab fè yon kou Deta 7 janvye 1991 ki, erezman te rive avòte. 

Selon yon ansyen Majò ki, nan moman an, te responsab Anjen Lou nan Palè nasyonal, kou a te rive avòte, paske andedan lame a, gen anpil jèn ofisye ki te kont li. Yo pat pran nan manèv mouvman pasif, men makoutikman trè agresif kèk jeneral nan kòmandman lame an te ap eseye fè an favè chèf kou a ki te ansyen minis enteryè ansyen rejim diktati bout di an. Donk pandan anpil nan gwo jeneral sa yo te nan kache, yo te ap kite tan pase pou kou Deta an te kab mòde, sou lòd kèk lòt jeneral pwogresis nan lame a, jenn ofisye sa yo te oblije mete anba kòd lidè kou a epi retire chaloska, maskarad mal maske an nan Palè nasyonal. 

Men malerezman pou peyi a, oligachi lokal ak entènasyonal la se yon move pèdan. Yo pa kab tann. Kite pase 5 kan se twòp tan. Kò m yo pat kab tann, se sak fè aprè 7 mwa, yo te rive bay lidè moun pòv yo yon kou Deta. Yo te voye l al kanpe lwen. 

Pandan 3 zan ke lidè an te pase an egzil kay Tonton Sam, rejim militè lan ansanb ak alye fòs fè nwa yo te kontinye ap touye sipòtè prezidan an. Moun sa yo p at fè anyen ki te mal. Yo te sèlman kwè nan lidè yo ki te konn ap pale de yon chanjman demokratik ki te gen pou debouche sou estabilite politik ki se rezilta pwogrè ekonomik ak sosyal.  

Men kò m se te yon elit ki toujou ap domine sèlman ki te k ab pale ak fè demokrasi, yo p at respekte dwa lòt moun te k ab genyen. Se konsa yo te pèsekite tout moun ki p at gen menm lide ak yo.

Pou kèk fanatik ti pè an te rive sove tèt yo kont gwoup eskadron lanmò ki rele FRAP ki te konn ap frape trè fò kont pèp la, donk gen anpil nan moun sa yo ki te oblije riske vi yo sou lanmè. Se konsa, tankou nan peyi a, menm jan ak nan tout dyaspowa a, te gen 2 kan ki te an fas. Se te kan defakto kont kan lavalas. Ki te vle di: moun ki ap sipòte kou Deta kont moun ki ap goumen pou retou prezidan an sou pouvwa. 

Finalman nan yon move akò akwòkò, aprè 3 zan pase an egzil, kominote entènasyonal  la te deside, ak yon fòs okipasyon ki te gen plizyè milye sòlda, retounen prezidan an ak yon pwojè polis pou ede nan zafè pwojè demokrasi ki te konn ap pale a. 

Men depi nan kreyasyon fòs polis sivil sa, p at vrèman gen yon volonte bò kote otorite yo pou bay rezilta. Gwo enfliyans politik dirijan lokal yo melanje ak enjerans san pran souf kominote entènasyonal la nan zafè politik peyi Dayiti, sa te rive andikape jenn enstitisyon sa nan vrè mwayen pou l te  fonksyone. 

Lanmò trajik Marie Christine Jeune, ofisye polis sa ki te mouri nan sitiyasyon imilyant sa, se prèv otorite peyi Ayiti yo potko prè pou te bay enstitisyon Leta yo priyorite sou aksyon malonèt bandi. Fason jenn fanm plen karaktè sa te tonbe, te montre a klè, anpil moun potko prè tou pou aksepte opinyon kontrè de lòt moun.  

Depi lò, pat vrèman gen anyen ki te montre te gen yon bagay ki te ap fèt pou chanje sitiyasyon moun ki pòv yo.  Antretan, lame te demobilize. Epi, nan yon tranzisyon ki pa janm vle fini, sititasyon sosyo ekonomik ak politik yo te ap deteyore chak jou.  

Prezidan eli. Prezidan ale, se te mennman parèyman. Pandan tout ale vini sa yo, se klas ekonomik mafye an ki enplike nan tout move aksyon anba tab ak nan kontreband,  ki vin pi puisan politikman.  

Antretan kò m konstisyon 1987 la te bay ansyen pè prezidan an dwa pou l te kapab retounen vin prezidan, donk se konsa nan eleksyon ki te fèt an novanm nan ane 2000 yo, avek tout popilarite ke li te ankò genyen sou teren an,  misye te vin nan tèt peyi a pou yon lòt manda 5 lane.  Se sa sipòtè lavalas yo te rele yon ti pas kout antre 2 frè marasa yo.

Men, pa bliye, moun ki pa renmen w lan, p ap janm renmen w. Kèlkeswa sa w eseye fè. Se sa k fè nan sans sa, te gen anpil kolabo san konsyans, san etadam ki te konvèti tèt yo an ajan sistèm enperyalis oksidantal la, epi kanpe an fas prezidan sa ak tout sistèm Leta a. 

Epi tan ap pase. Kò m p at gen lame ankò, oligachi lokal ak entènasyonal la bay kèk moun zam, inifòm ak lajan pou nan zak banditis yo te touye polisye ki te ap fè pòs nan kèk komisarya nan kèk vil pwovens. 

Jwenn ak kèk feblès pouvwa egzekitif la ak lejislatif la tou, sitou pwoblèm nan zafè eleksyon konteste ki te mennen yo nan Leta a, donk li te pi fasil pou ajan lokal yo te mete ak kominote entènasyonal la pou yo te tou chanbade pouvwa lavalas dezyèm vèsyon an.  

Kontrèman ak kou Deta 30 septanb 1991, fwa sa se tout moun ki te nan pouvwa egzekitif ak nan palman ki te pèdi jòb yo. 

Aprè kout fòs sa, pou entènasyonal lan ansanb ak kolabo yo te kontinye ap pase peyi an nan betiz, pou yo te rete nan kad konstitisyon an, yo te al chache nan Kou Kasasyon yon Jij pou yo te kapab mete prezidan.  Epi vini ak yon Premye minis ki te konn ap fè anpil bri pou zero rezilta.  

Antretan anpil dlo sal ak fatra te rive koule anba pon an. Olye pwojè nouvo kontra sosyal la te pote kèk choz pozitif pou peyi a, se te Kidnapin, vyòl, vyolans, asasina ki te ap taye banda sou gouvènman tranzisyon an. 

De pouvwa politik ki te ap pale de espwa ak inite, se te inite pou divize davantaj. De la vi chè, kidnapin, vyolans peyi a te ap kontinye desann nan bafon pi rèd. Se pa san rezon sa yo te ap pase paske yo te antre nan enjerans moun ki te gen pwojè makab yo pou afebli enstitisyon yo e rive, definitivman, destitiye Leta peyi  Dayiti. 

Boum, tranbleman tè 12 jamvye 2010 lan te vin fasilite pwojè makawon sa avanse pi rapid. Se konsa nan enjerans moun ki toujou finanse ak infliyanse sa k ap pase nan peyi a, yo te tou pwofite rantre pil bandi ak kravat yo, fè yo vin ofisyèlman chèf, legalman nan yon eleksyon ki pat legal. 

Sa w tande a, egzekitif bandi legal nan Palè nasyonal ak yon pakèt dezonorab mal eli nan Bisantnè, melanje ak yon pil ti vagabon, vwayou ak sapat nan tout katye pòv yo vin gen plis pouvwa pase jan yo te genyen anvan. 

Avèk tout pouvwa legal sa yo vin genyen nan rezilta yon eleksyon ki ilegal, bandi sa yo te kontinye ap fè sa yo te konn ap fè anvan, pandan ak aprè 2004, ki se touye polisye, kidnape, vyole fanm ak touye tout kategori moun nan peyi a. 

Kòm enstitisyon Leta vin pi pa kapab pase jan yo te ye anvan an, donk bandi enpoze pwòp lwa pa yo nan tout peyi.  

E se la, efektivman laboratwa ki te toujou ap travay sou dosye tout mal peyi a te vle rive ak Ayiti jodi a. De Misyon estabilite an 2004 ak peyi destabilize an 2023, Ayiti vin pa gen ren ankò pou, malerezman, fè anyen.

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES