Akademi Kreyòl Ayisyen ap selebre Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl 2023

Akademi Kreyòl Ayisyen ap selebre jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl jedi 26 oktòb 2023 nan otèl Marriott ki nan Tijo .Nan okazyon an Akademi Kreyòl Ayisyen ap prezante ofisyèlman dezyèm rezolisyon sou ótograf lang kreyòl ayisyen an.

Akademi Kreyòl Ayisyen prepare yon dezyèm rezolisyon pou li prezante bay itilizatè yo.Pou Akademi an rive nan dezyèm rezolisyon sa a divès jounen atelye travay te òganize. Kèk nan enstitisyon patnè ki kolabore avèk AKA  nan kad reyalizasyon atelye  sa yo se ministè Kilti, ministè Edikasyon nasyonal , Sekreteri d Eta pou alfabetizasyon ( SEA), Inivèsite Leta Ayiti ( ILA), Fakilte Lengwistik aplike ( FLA), Jounal Bòn Nouvèl. Anpil pèsonalite ak reprezantan enstitisyon ki ap travay sou lang Kreyòl la te patisipe nan atelye sa yo. Pami yo nou ka site pwofesè Kreyòl , direktè lekòl, kreyolis , pawolye , editè  tradiktè, reprezantan enstitisyon piblik, asosyasyon pwofesè Kreyòl nan divès depatman nan peyi a.

Nan dezyèm rezolisyon an  nou jwenn chanjman nan alfabè kreyòl la ( son , siy, grafik, lèt ak grafèm )nan kreyòl nan ótograf kreyòl la.Disposiszyon ótograf nan patikil " an" , " de", ak " o" dispozisyon nan laj ak klè , dispozisyon konsènan tirè .elatriye.

Fòk nou di gen yon premye rezolisyon ki soti an 2017 e ki sèvi kòm referans pou itilizatè yo. Pou lane 2023 a apre rechèch pou kadraj teyorik ak atelye travay  plis divès konsiltasyon, Akademi Kreyòl Ayisyen prezante dezyèm rezolisyon sa a sou òtograf kreyòl ayisyen  an.

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES