Lanmò n san dat

Si w vle wè jan mizè

lonnen n pa bras

Lè rèl machann bay baboukèt

grinnbak Lincoln flank goud sabò

Jan pòch lari mouri bobis

Al gad latibonit

W a wè longè chagren leta plante isit

nan manti karavàn

 

W a  wè rèv n an reta

Plenn kil de sak s on abse bò tete gòch

 

Lanmò n san dat

Bò isit

antèman n pa gen jou

 

W a wè rèv la fin mazora

Nan kannale sou dan

Pil fatra lòt peyi

 

W a wè lavi isit s on paswa

K ap fè lanmò lasisin

 

Alevwa pou ladwann ak fwontyè baryè lib

 

James Stanley Jean-Simon

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES