Emisyon Konbit Liv Timoun, yon emisyon tounèf Observatoire Patrimoine pote pou nou

Depi mwa mas 2024, òganizasyon Observatoire Patrimoine lanse yon inisyativ ki pote non emisyon KONBIT LIV TIMOUN. Yon pwogram espesyal òganizasyon an difize chak dimanch a midi  sou paj Facebook ak YouTube Observatoire Patrimoine, paj Konbit Liv Timoun, Salon du Livre et des Arts du Grand Nord d'Haïti, pou site sa yo sèlman.

Daprè yon dosye de près responsab yo pataje epi nou jwenn Yon kopi semèn sa ak divès piblikasyon emisyon KONBIT LIV TIMOUN yo fè sou paj Facebook ak YouTube Observatoire Patrimoine ak Konbit Liv Timoun, se yon pwogram byen gani chak dimanch kote yo reyini yon lyonn timoun pou pale de lekti, literati, pou pataje rèv yo, fè rezime liv timoun, fè jwèt tradisyonèl, fè deba sou lekti, prezante otè, pent, pataje konesans jeneral, diskite sou patrimwàn, elatriye.

Pou Iléus PAPILLON, yonn nan animatè emisyon sila, "Konbit Liv Timoun, se yon espas nou menm nan Observatoire Patrimoine nou kreye pou pèmèt timoun yo non sèlman defoule yo, men viv ansanm, viv an amoni malgre sitiyasyon an malouk." Sosyològ la  kontinye pou li di: "nan emisyon KONBIT LIV TIMOUN, nou fè timoun yo konnen istwa lòt pèp, istwa peyi yo, pataje liv, ba yo dokiman, pataje konesans ak yo epi ede yo dekouvri kapasite yo genyen pou yo konstwi rèv yo pi byen pandan emisyon an ap ede yo idantifye modèl nan sosyete a pou yo suiv..." Prezidan Observatoire Patrimoine nan ki se tou Operatè kiltirèl ak animatè emisyon KONBIT LIV TIMOUN, Iléus PAPILLON montre li satisfè anpil apre plizyè mwa depi Observatoire Patrimoine ap esperimante inisyativ sila. "Nou satisfè, menm si se ak zong n ap fonksyone toujou. Men sa ki pi enpòtan se kòmanse. Nou kòmanse. Nou santi nou kontan anpil pou jan paran yo ede nou pote pwojè a nan konfye nou timoun yo chak samdi ak dimanch pou nou anrejistre emisyon an nan Delmas 40B annatandan nou gaye kò nou nan tout rès peyi peyi a pou n al mache jwenn lòt (mamay) timoun yo nan lekòl yo pou nou fè yo viv emisyon KONBIT LIV TIMOUN. N ap tou salye Jean Senel SAINT-JUSTE, yonn nan premye moun ki pote kole pou reyalizasyon emisyon sa. Jean Senel te jwenn nou nan wout, li wè se yon lide ki merite koutmen, li deside ede emisyon an. Nou bat gwo bravo pou jès sila. Gen anpil timoun ki pwofite espas sa pou yo devlope talan yo. Anpil nan yo deja swa fè rezime liv, chante, anime, fè lekti, prezante ekriven, prezante liv, elatriye. Nou dwe kontinye goumen pou nou demokratize, konesans, liv ak lekti nan peyi a."

Yon lòt bò, selon Pierre-Paulsonn DEVILIEN, manm Observatoire Patrimoine, lè timoun yo leve nan liv depi tou piti konsa, se pi bèl avanti yo te ka fè nan vi yo. Nou vle pou emisyon KONBIT LIV TIMOUN tounen yon zouti ki ka ede timoun yo devlope potansyèl yo.

Pou kounyea, daprè konsta nou fè, emisyon KONBIT LIV TIMOUN tounen yon espas timoun yo pa ka manke. Depi mèkredi ak samdi rive, 4h boul nan aprèmidi, yo mande paran yo al depoze yo nan emisyon KONBIT LIV TIMOUN. Nou wè kijan timoun yo kontan patisipe nan emisyon sila ki disponib sou paj Facebook Observatoire Patrimoine ak paj Konbit Liv Timoun nan. Tout moun ka suiv li:

https://www.facebook.com/profile.php?id=100069957703874&mibextid=kFxxJD

Observatoire Patrimoine  envite tout moun, tout sektè nan sosyete a pote kole pou kore bèl inisyativ sa ki gen pou prensipal objektif :

. Ankouraje timoun yo li

. Kreye yon baz done ki gen pou wè ak zèv pou timoun

. Fè pwomosyon richès patrimonyal peyi Ayiti

. Pèmèt timoun yo gen aksè ak dokimantasyon ki fèt pou timoun, elatriye.

Pou pi byen ede timoun yo, gen yon latriye aktivite yo mete an plas:

 

. Atelye ekriti

. Rezime liv

. Lekti

. Tchalendj Liv

. Resital tèks, elatriye.

. Chante tradisyonèl

. Konferans sou liv, lekti, patrimwàn, elatriye.

Responsab yo remèsye Inivèsite Leta Ayiti, Jean Senel SAINT-JUSTE, Marc EXAVIER, Johna Bar Resto and Guest House nan Delmas 40B, Cher'Ayiti, Wendell LAPOTERIE, Adnuel LÉONCE, Madame Osvald RÉVOLUS, Asosyasyon Kiltirèl Bonjou Lakilti, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, C3 Éditions, Malab Design, Asosyasyon Fanm pou Chanjman Pòmago (AFACHAP), Bibliothèque Nationale d'Haïti (BNH), Winie, Sarahgine, Shaïna, Calvin, Sarah, Ilheine, Louvensky, Betchina pou nou site sa yo sèlman... ki fòme yon ekip solid pou sipòte emisyon KONBIT LIV TIMOUN depi kreyasyon li.

Pou w pote bourad ou bay inisyativ sila, ou ka ekri Observatoire Patrimoine nan: observatoirepatrimoine.ht@gmail.com oubyen +50933502834

Boutofen, sa t ap bèl si òganizasyon, lekòl, regwoupma' nan diferan kwen nan peyi a rive reprann yon bèl inisyativ tankou Emisyon KONBIT LIV TIMOUN k ap ede timoun yo devlope kapasite yo, ede yo dekouvri lòt mond, lòt sivilizasyon, lòt kilti, pandan y ap rete kole sere ak idantite peyi yo.

Nou swete responsab Observatoire Patrimoine yo bon konba nan nouvèl inisyativ sa, emisyon Konbit Liv Timoun ki sitou mete aksan sou lang timoun ak zèv otè ayisyen pwodui.

 

Hugline LOUIS

huglinelouis39@gmail.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES