Pwezi Libète : gwoupman atizay k ap selebre lang nou an ak tout longè sou X

Pwezi Libète te pran nesans 22 Avril 2023 nan yon espas sou rezo sosyal Twitè ki vin X jodi a, kote yon gwoup jèn gason ak fanm tout laj, te chwazi mete tèt yo ansanm pou te bay atizay sou tout fòm jarèt, nan sousi pou pote pwòp kontribisyon yo nan chanjman peyi d Ayiti, sitou 22 Avril se dat ki rezève pou fete jounen entènasyonal latè.

Mouvman sa jiskaprezan se gwoup jèn ayisyen sa yo k ap dirije li e ki trè byento konte mete pi bon estrikti nan mouvman sila. Y ap viv nan peyi diferan, yo gen konpetans diferan tou, men sa k pi enpòtan sèke yo gen menm kè, menm nanm ak menm espri, nan fè pwomosyon pou kilti ayisyen an atravè atizay sou tout fòm. Tankou :

-Marc Arthur Zulmé (Tinèg)

-Aland Cadet

-Wilkens Scott Fifi

-Donley Ménard

-Ernst Manolo Vernet (Manlee)

-Francesca Vikqtoria Ernest (Vikqie)

-Juvencia Pommier (Juju)

-Stacy Victoria Pommier (Prizon dore)

-Lorvens Suprême

-Wilson Lainé

-Love-Lee Franklin (Diva-Lee)

-Malherbe Joseph (Relem Moun)

 

Pwezi Libète se yon mouvman ki te kreye pou mete an valè tout sa ki gen rapò avèk atizay, sitou atizay nan peyi d Ayiti. Se yon espas ki la pou pèmèt moun fè konesans avèk zèv otè atravè oraliti ak literati, kit y ap viv nan peyi d Ayiti oubyen nan peyi etranje, kit yo se ayisyen oubyen etranje. Men jiskaprezan se sou zèv an kreyòl ak otè ayisyen yo plis konsantre yo. Sitou otè ki pa gen twòp vizibilite yo malgre gwo efò y ap fè. Pwezi Libète se tout sa ki gen rapò avèk lèkti ak ekriti ki gen bèl/bon atizay k ap fè chika epi bwase senti anba ti vant lakilti. Pwezi Libète òganize yon espas chak samdi nan aswè, kote yo souvan gen youn oubyen de envite espesyal avèk yo, sou yon sijè ki gen rapò avèk atizay, epi ofri kèk moun kèk minit pou deklame tèks pèsonèl yo oubyen tèks yon lòt otè ki vivan oubyen ki mouri deja. Pwezi Libète kòmanse blayi kò li sou kèk lòt rezo sosyal tankou, Facebook, Instagram, TikTok, pou nou site sa yo sèlman. Dènye espas yo te gen chans òganize te fèt avèk onorab pwofesè Nesmy MANIGAT, minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, sou "Valè lang kreyòl ayisyen an ak literati nan sistèm edikatif ayisyen an", jou ki te 2 Mas la. Jiskaprezan pwezi libète ap kontinye fè chemen li jiskaske l rive nan somè.

Pwezi Libète se yon mouvman, yon filozofi, yon rèv zye klè, yon eta nanm pou tout moun ki renmen lè pwent plim ap karese fèy papye pou akouche tèks ki gen rim an pwoz oubyen an vè. Pwezi Libète se kòd lonbrit lakilti ki makònen tout sa ki kreyòl.

 

Godson MOULITE ak Malherbe JOSEPH ( pou Pwezi Libète )

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

14 COMMENTAIRES