Lè m jwenn ou,
Gen onz lalinn deja,
Plim mwen te plen ak lank,
Tankou yon rivyè ki débòde,
Ki inondé rivaj li ak souvni pèdi.
Men se sa, do nou vire lwen youn ak lòt,
Menm men mwen ap tranble, rèv yyo pyeje
Nan yon souf senp pou l ekri yon mo.
Pwezi mwen ap vole, tankou yon iwondèl ki pèdi wout,
Li pèdi nan toubiyon silans lan,
E powèm nan, prizonye gwo souf, li kwape lapawòl,
Si li pa ka jwenn ou ankò,
Ou menm, esans limyè chak lèt,
Ki antre pa lagrann pòt nan nanm mwen,
Souf ou, bonvan lotòn,
Te gide pa mwen sou wout ekriti yo.
Vwa ou tou piti, yon mélodi lwen, lwen...
Eko ki rezone nan vale tout sa k bliye,
Mwen pa konnen ki chante pou mwen fredone,
Pèdi nan lonbraj souvni ou,
Kote lank la ap koule dousman,
Nan koridò yon tan ki difisil.
Malgre kriye sosyete nou yo,
Nou rive renmen,
Pou nou kontanple nyans delika syèl la,
Pou nou santi bèg souri ki ezite,
E pou nou revele jwa ki kache dèyè kòlè,
Tankou yon reyon solèy ki travèse tanpèt la.
