"May souf anm", se yon powèm an sikilasyon lib powèt Gary S. DANIEL pibliye nan mwa avril 2024 depi vil Nouyòk Etazini.
Depi jou mwen kwaze powèm nan sou wout, mwen di woy, gade yon pepit. Pou m repete langaj timoun 2000 yo.
Gen plizyè eleman ki fè m salye powèm nan: tras varyasyon rejyonal lang kreyòl nan Nò a, bèl kalanmbou ki chita nan tit la, imaj plimeyank ak mizikalite k ap dodomeya nan toutkò zèv la.
Dabò, depi nan premye vè ki louvri pwezi a debatan, li tou di zèv sa jwenn rasin anba plim yon kreyatè ki, swa soti nan Nò, swa ki deside trennen nan pwezi li aksan ak varyasyon rejyonal lengwistik Nò a: "Kès kou silans lan gèt kèr anm."
Se nan menm lojik la Gary ekri: "May pa may, souf anm nan chenn." San pase nan chimen dekoupe, se langaj moun nan Nò, lakayanm.
Yon lòt bò, gen yon michan kalanmbou ki chita nan tit powèm nan. Tit la pou kont li envite nou reflechi: "May souf anm." Si se tande n ap tande tit la, nou te ka konprann trapde, se "may sou fanm." Sa vle di, moun k ap bay fanm may, bay mato/manti, zakè k ap chache bon sou fanm. Epoutan, lè nou rive lo powèm nan, se yon lòt entèpretasyon, yon lòt lekti n ap genyen : "may souf anm."
Nan zèv sila, se yon powèt k ap jwe ak souf li tankou se Messi (pi gran jwèt foutbòl te ka pwodui) ki deside fè sa l vle ak balon l. Poudayè, m ap raple nou, Gary S. DANIEL se powèt ki envante pwòp teknik ak estil li nan pwezi kreyòl. M ap rè referans ak: "Pwezi gòl, foubòl lavi, elatriye." Tout liv Gary yo disponib sou Amazòn.
Men, nan powèm sa, gen de (2) vè ki plis enterese m:
"Touche silabè nyaj ble lesyèl
Oralanti"
"Ou fè m bèl nan powèm nan"
De grenn pye ou vè sa yo kont pou plen linivè. Se yon powèm k ap pouze zèl. Se yon powèt k ap krache dife. Ou ta di yon nonm ki gen byè Waka l nan tèt li epi l ap travèse komin Pòmago.
Gary S. DANIEL nou pa jwenn fasil nan rejis sa: powèm damou, nan ka sa, Nèg Gonbolyen rive genyen yon pari depi opa.
Kapasite powèt la genyen pou kreye imaj ladouskivyenkenèp envite nou monte sou sèn nan epi petèt, kidire, mete menm pwezi sa nan kabare pou nou ofri moun nou renmen an (yo).
Boutofen, lè nou fin tèks sa, n ap vin konprann, "May souf anm", se yon powèm frètkach, yon kout klòch pou anonse yon nouvo sezon, petèt, yon nouvo rejis Gary S. DANIEL t ap travay an kachèt...
Iléus PAPILLON
Kòdonatè AYITI AP LI
Prezidan Salon du Livre et des Arts du Grand Nord
NB: Ilistrasyon. Se imaj otè a pataje
