Lazil Sou Kè m

Tranblemanntè 14 Out la fè anpil viktim ak dega nan sid peyi Dayiti. Dapre dènye rapò otorite yo, plis pase 2000 moun mouri, 12 000 lòt blese, san konte betay ki pèdi nan katastwòf la. Yon nan zòn ki pran gwo frap se komin Lazil nan depatman Nip. Pifò kay nan zòn nan kraze, plizyè moun mouri. Sitiyasyon sa a te mete gwo lapenn nan kè moun Lazil, patikilyèman powèt Jonel Juste ki rakonte tristès li nan yon tèkski titre "Lazil sou kè m".

Lazil sou kè m
Kè m lou
Kè m chaje
Yon samdi maten
Telefòn mwen sonnen
Se move nouvèl ki vin jwenn mwen
Yo di m latè souke kò l
Li fè yon bri ki souke kè
Goudou
Goudou
Goudou
M tande latè tranble
Kè m sot tonbe
Tankou bout beton kay dal beton
Kè m lou
Yo di m Lazil kraze
Pa gen Lazil ankò
M pa gen peyi ankò
Tout kote se lanmò
Se lakansyèl sou tèt Mòn Oko ki kase de bout
Se Gwo Basen ak rivyè Depen k ap kriye
Se larivyè Dòz ki dlo nan je
Se ti zwazo k ap chante dèy
Pou Tant Desya ki dòmi san leve
Dezolasyon toupatou
Depi Kapòl pase Chanje, Moriso, Bèlvi, Abriko, Fekan, Fleran, rive Kafounore se rèl
Latè souke kò l
Tout memwa m plen gravye ak pousyè
Nan dòmi m te ye
Yon tranblemanntè reveye m
Mwen santi l nan kè m
Li reponn mwen nan biskèt
Kèt!
Tranblemanntè
Tranblemannkè
Tranblemannkò
Tranbleman ki reveye vye souvni
Souvni syèl ki desann twò ba
Ki sot tonbe sou tèt nou
Moso syèl ki kraze miyèt moso ak zetwal ki file
Souvni kadav
Zosman
Santò
Lari simityè
Mouchavè
Sèkèy anba dekonm
Mò ki mouri de fwa
Sa gen onzan konsa
M tande goudougoudou retounen
L al geri bosko l nannsid
Li pase li kase kay de bout
Woule wòch sou tèt mòn
Fann vant latè
Antere kretyen vivan tou vivan
Lazil sou kè m
Ayiti sou kè m
Kè m lou
Kè m chaje

Jonel Juste

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES