Au Dieu de la Liberté !

Jean-Jacques Dessalines, Dieu de Guerre, véritable Génie de l'Amour Divin qui a sacrifié sa vie pour la restauration de la dignité de l’Homme Noir, véritable manifestation tangible de la Justice, de la Liberté et donc de la Vérité, les descendants des Marrons Libertaires te demandent humblement de remplir leurs espaces intérieurs de tes divines essences. Sois présent dans tous les actes de notre vie, Dieu-Génie, permanent défenseur, sage protecteur, conseiller sans pareil !

Père de la nation haïtienne respecté et bien-aimé ! Fais que la justice et la liberté fleurissent dans la vérité de chaque citoyen et que son cœur déborde de tendresse envers ses amis et tous les hommes, ses compatriotes et la Grande Majorité Nationale, tous les êtres et la Création toute entière, afin que nous devenions, avec Toi, le défenseur de tous.

 

Vive Jean-Jacques Dessalines, Dieu de la Liberté ! Devant !

 

Savannah Savary 

 

Jean-Jacques Dessalines, Towo gwonde lagè, Jeni lanmou Bondye Lavi a, ki sakrifye lavi pa l pou mete nèg nwè nan diyite moun, egzanp klè pou jistis sosyal, libète, laverite. Pitit pitit Fanm ak Gason vanyan ki te sèmante libète ou lanmò yo mete yo byen ba pou yo mande w ranpli yo ak esans ou. Toujou kanpe bò kote nou nan tout aksyon nou yo, Granmèt, defansè nou pou tout tan, zèl ou toujou laj ase pou kouvri nou tout, konseye san parèy nou !

Papa nasyon nou an ki gen respè ak lanmou nou pou tout tan ! Wouze lespri tout sitwayen yo pou lajistis ak libète toujou fleri nan nanm yo,  pou kè yo ka toujou ranpli rabouch ak tandrès pou tout zanmi ak tout konpatriyòt Majorite Nasyonal la epi pou tout moun an jeneral, konsa oumenm ansanm ak nou tout, nap toujou la pou n defann tout moun.

 

Devan ! Viv Jean-Jacques Dessalines,  Bondie la Libète ! Devan !

 

Savannah Savary

Tradiksyon Nody Guerrier

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES