Kay vwazen

Byenseyans fè lè nou ale kay yon moun, pou li eseye mete nou alèz, li toujou di nou: "Fais comme chez toi".  Men, se ki sa ki dèyè pawòl sa?

Ansanm, an nou eseye gade ki dènyè fwa n te tande yon papa ou byen yon manman te di pitit li ki rete nan menm kay ak yo, "Fais comme chez toi".

Donk, lè ou ale kay nenpòt moun epi li di w ak anpil souri e jantiyès, "Fais comme chez toi", se yon fason pou li tou senpleman raple w, ke w pa lakay ou.  Ki vle di: ou gen limit. Gen bagay ke w ka fè, konsa tou gen yon pakèt bagay ke w pa kab fè lakay li.

Ou pa kapab ouvè pòt frijidè. Ou pakab ap monte desann nan tout chanm. Ou pa kab ap ale sou fou pran manje jan w vle.  Ou pa kab mache al nan twalèt moun jan ou vle. Ou pa kab limen radyo ak televizyon jan ou vle. Alewè pou w ta ouvè yo byen fò.

Si ou swaf, se mande pou w mande dlo. E menm la ankò, ou pa gen dwa pou w ap di ki kalite dlo  w bwè.  Si ou bezwen itilize twalèt, se mande pou w mande "silvouplè, ki kote twalèt la ye la"?  Paske ou pa lakay ou. Kò m ou pa lakay ou, donk gen yon jan pou  w konpòte w. 

Objektif tèks sa, se pou n eseye konprann  fénomèm sa ki ap devlope depi plizyè lane nan kesyon tout bagay se kay vwazen pou nou al fè l an menm tan, move konpòtman ayisyen lakay moun yo ki vle fè peyi.

Nan rapò vwazinaj ant Ayiti ak Repiblik dominikèn, se kay vwazen  ayisyen prèske fè tout bagay. E sa yo ki poko fè kay vwazen an pa anpil. 

Pa egzanp, kò m otorite peyi Dayiti pat janm vle konstui okenn inivèsitè serye nan peyi a, vin ajoute ak tout pwoblèm ensekirite jeneralize sa, kounye a, se lakay vwazen anpil nan jèn etidyan yo oblije ale nan Inivèsite pou yo etidye.

An plis de sa, kòm sa fè lontan depi Ayiti sispann yon peyi esansyèlman agrikòl, donk pou pi prè, sitou pou anpil moun ki pa vle ale jis an Florid pou fè makèt ankò, donk se kay vwazen yo al achte prèske tout bagay pou yo manje.  Lè yo vle fè fèt menm, se pa pale.

Se la tou anpil mesye ki vle pran plezi ak jenn ti boubout al pase weekend. Yon week end trankil lwen katouch. Pou yon ti bout tan, avèk yon jenn ti boubout, se plezi nèt al kole nan otèl lakay vwazen.

An palan de gason ki pwal pran plezi kay vwazen ak ti mennaj, moun ki ap li tèks sa t ap gade pou wè si m pa tap pale de mesye dyaspora yo tou nan kesyon sa.

Efektivman, anpil mesye nan dyaspora ki, a koz ensekirite, pa kab rantre an Ayiti vin dèyè jenn ti gengenn, donk pou plis sekirite, se an Repiblik dominikèn yo al dèyè anpil nan ti medam sa yo. Lè konsa, yo tou lwe ak meble kay laba sa tou pou ti boubout lan.

Nan kesyon lwe apatman kay vwazen gen anpil fanmi ak otorite peyi Dayiti ki rantre nan zafè sa tou. Tankou Maurice Sixto ta di: Men, sa w vle yo fè ma komè? Se la  yo kab rete lwen kidnapping ak bri bal. Sa w vle yo fè?  Pou yo te kite fanmi yo nan move sitiyasyon malouk sa. Men, ou t ap ri yo ma komè. 

Gen anpil ak anpil bagay ki te kapab di nan kesyon al fè tout bagay lakay vwazen sa. Men, nan yon ti tèks kèlke mo, nou p ap k ab di tout bagay. Men, anvan n fini, an  nou fè yon ti pale de ekip lokal ak seleksyon nasyonal peyi Dayiti yo nan zafe kay vwazen sa.

Aktyèlman, e sa fè yon bon ti bout tan, pou konsantrasyon, preparasyon, ansanm ak tout match entènasyonal ekip lokal yo ou byen seleksyon nasyonal peyi Dayiti gen pou jwe,  se teren foutbòl lakay vwazen ki tounen estad Sylvio Katò. Erezman  gen ayisyen tout kote. Konsa, toujou gen kèk konpatriyòt ki toujou al bay tout sipò yo ak ekip peyi yo. 

Ajoute ak sa, dyaspora an pa kapab vin fè biznis Ayiti, se lakay vwazen li ale. Li pa diferan tou pou envestisè lokal yo ki, bouke ak kesyon ensekirite, kidnapping tout la sent jounen sa, oblije al fè menm bagay lan tou. San konte otorite ki fin kraze ak volè tout kòb peyi a epi al kanpe gwo biznis lakay vwazen an. 

Men, pou konbyen tan bagay sa ap rete konsa? Ou imajine w pil deviz ki ap travèse ale kay vwazen chak ane? Ekonomis yo gen anpil ke yo kapab di ou ekri sou kesyon sa. 

Malgre tout sa, lè vwazen pa sou san l, li choute ak mete ayisyen deyò lakay li jan li vle. Lè konsa, ansyen ak fiti lidè peyi Dayiti fè sa yo fè pi byen, ki se, al plenyen ak pale anpil nan radyo. Men, kò m anpil ladan yo se blofè, kou weekend lan rive, bonè, bonè, ou wè yo ap travèse fwontyè an ak yon jenn ti mennaj. Pandan yo pral retire estrès semenn lan lakay vwazen, yo tou ap boule kòb peyi a. Lajan Leta, machin  Leta, gaz Leta, donk tout ti rès la pou ti jenn yo.

Kite mele yo ak Leta. Leta se yo. Yo se Leta. Donk, se fè kòb an Ayiti, epi al depanse lakay lòt dirijan responsab ki ap fè peyi. Men, gen yon grenn bagay juisè san konsyans sa yo konnen, ou mèt fè gagòt, pran plezi w, boule kòb Leta jan w vle, kraze, brize tout sa ki sou chemen w jan w vle, pa bliye sa, menm jan bèl mè pa manman, kay vwazen se pa kay pa w.

 

Pwofesè Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES