Anvi kouri...

Se temwayaj tris yon jenn ayisyen ki anvi kraze rak kite peyi a pou al viv byen lwen kote ke l panse yo ap k ab resevwa l ak trete l tankou moun. Kote ke l kapab vrèman rive rete lwen de tout bandi legal yo ki ap fè vyolans fizik, vèbal ak ekonomik sou popilasyon an.

Fòk li ale. Paske, nan dènye ane sa yo ki sot pase nan peyi a, li wè, li tande ak li viv tout kalite vyolans  bandi ki legal ak sa ilegal. Twòp move souvni. 

Se sa ki fè, menm lè pa gen katouch ki ap tire, li pa kab dòmi. Si l ta rive fèmen je l, se kochma li ap fè. Se toujou move rèv l ap fè pandan ti bout somèy tyake li yo. Finalman, jenn sa se yon moun ki vrèman twomatize. 

Definitivman, se kò li ki an Ayiti, men espri l se yon lòt kote li ye. Li pa kapab sipòte ankò. Li gen anvi al rekòmanse yon lòt kote. Kote yo bay la vi moun enpòtans.

Li anvi pati pou  al viv lwen katouch. Lwen vyolans. Lwen kidnapping. Lwen tout sa ki fè ke l pa k ab viv tankou moun.

Li anvi, menm si se pou yon ti bout tan, al viv yon lòt kote. Yon kote l kapab rive panse reve. Panse pou tèt li ak avni fanmi l.

Li anvi viv nan yon peyi kote manje, dlo kouran, swen sante ak tout lòt bagay de baz yo p ap yon liks pou li ansanb ak pitit li yo. 

Li prefere al viv yon vi majinal, retire, byen lwen kote yo pa konnen l, men omwen, timoun  li yo ap gen pou yo sispann sote, vole barikad anba bal mawon pou al chache pen enstriksyon nan yon peyi kote dirijan pa apresye ak bay edikasyon valè.

Li anvi fè menm jan ak anpil lidè politik yo fè ki se retire madanm yo ak pitit yo nan peyi an, epi al sere yo lwen barikad, ak serenad katouch ki ap plede tire maten, midi, swa nan gwo zam fann fwa bandi pa bò isit.

Wi, definitivman, li anvi mete van nan vwal li pou l al bay timoun li yo yon lòt chans pou yo kab ale lekòl, manje, jwe, grandi epi vini yon bon sitwayen ki kapab sèvi kominote kote yo ap viv la ansanm ak rès mond lan.

Li anvi vire do bay otorite peyi l ki pa menm konnen si l egziste. Li pa k ab wè bann chaloska, maskarad, mal maske sa yo ankò. Li fatige ak tout move tretman ak ipokrizi fo lidè sa yo ki nan opozisyon jis pou yo kab jwenn pozisyon politik pou satisfè bezwen pèsonèl yo, fanmi ak zanmi yo.

Li vle pati paske l anvi tande yon lòt diskou politik. Yon diskou ki vrèman diferan de sa ki ap sòti tout la sent jounen nan bouch politisyen sa yo, ansanm ak entèlektyèl zuzu sa yo ki chita ap kondui gwo machin Izuzu ak anpil gaz Leta nan peyi an ba yo pou fè gagòt ak sirèn nan la ri pou gran  mesi.

Gran manjè sa yo, lè yo manje twòp e yo gonfle, yo toujou bezwen yon espas pou yo al fè dijesyon de tout move gonfleman rasi yo. Se sa ki fè yo se yon bann ak yon pakèt moun ki pran plezi pale, fè anpil gwo bri nan radyo, pou, finalman, yo pa rive di anyen ki gen pou wè ak pwoblèm pèp malere tankou li yo.

Si li anvi kraze rak kite Ayiti bay Doktè a ak tout zanmi li yo, li mande tout militan nan peyi an ki te konn ap goumen ansanm ak li yo, pou yo konprann li. Nan sans sa, li panse yo p ap kouri prese jije l, ni evalye l,  kòm kwa dire li gen foli fou. Epi si se ta vre, li sèlman gen yon foli anvi kouri al chache la vi kote moun ap viv.

Si lót la gen foli chèf Palè nasyonal ak Prinati, Si anpil lòt moun fè chwa pou yo bandi legal, li menm tou se yon dwa l genyen pou l anvi pati kouri kite peyi an bay ti gwoup gran manjè sa yo nan pouvwa ansanb ak ansyen manb opozisyon yo. 

Nan moman an, li gen anvi fè yon banm ak yon pakèt lòt bagay. Men, sof rete nan peyi sa pou goumen kont bandi sa yo ki gen manda legal pou yo taye banda. Fòk li ale.  

Men, ale ki bò? Ale kay vwazen ou ale lakay tout lòt moun sa yo ki renmen di yo se zanmi peyi Dayiti yo? Si wi, èske yo ap vrèman rive resevwa l tankou moun? 

Se tout kesyon sa yo ki te toujou ap travèse nan tèt li ki fè l p at jan m gen twòp gwo anvi pou l te deplase, paske yo te fè l konnen se lakay ki lakay. Se lakay li te k ab viv byen. Men jodi an, li pa kapab ankò.

Nan syèk pase an, li te goumen kont VSN ak FRAPH ki te konn ap frape trè fò nan katye popilè yo. Pa twòp lontan de sa, li te anfas manb GNB yo tou. Kounye an se yon G9 ak tout lòt 3 let ki fòme òganizasyon nan opozisyon ki nan pozisyon ki ap plede siyen tout akò akwòkò yo. Definitivman, li bouke. 

E li vrèman pè tou. Nan sans sa, li anvi kouri. li anvi kraze rak, pati pou ale nenpòt kote. 

Men gen yon pwoblèm ki prezante.  Li pa gen paspò. E li pa anvi kouche ak chaloska mal maske sa yo ki deyò ak andedan biwo Imigrasyon ki ap fè rakèt yo. Paske li pa anvi al akouche ti bandi nan peyi moun yo. Donk, fas a gwo dilèm sa ki poze a, kòman li ap rive fè yon paspò pou l k ab dekole kite peyi a bay bandi yo ak tout chèf yo?

 

Esau Jean-Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES