Gaspiyaj...

Se yon tèks ki ap chache konprann kòman fè pou yon peyi tankou Ayiti ki gen anpil moun n andedan tankou nan dyaspowa an ki kapab, fè gen nan tèt li yon pakèt fanm ak gason ki nan Primati, Palè nasyonal, HCT ak tout lòt enstitisyon yo ki ap touche lajan Leta pou yo pa fè anyen.

Tèks sa tou, se ekspresyon fristrasyon yon patriyòt kont gagòt, banbòch ak tout fòm koripsyon ki genyen nan kès Leta nan zafè depans pou dezyèm rezidans, pèdiyèm, acha fo blende pou PNH etsetera, era.

Gaspiyaj se tout jèn gason ak jènn fanm, avni peyi Dayiti, ki, chak jou, ap kouri kite byen yo ak fanmi yo nan Pòtoprens tankou nan vil pwovens pou yo ale chache lavi lòt kote. Epi rekòmanse a zero lakay vwazen, Etazini, Kanada, Chili, Brezil ak tout lòt rès kote nan mond lan.

Gaspiyaj se pil moun ki ap mouri chak jou nan tout peyi a. Se kòm si vi moun sa yo pa vo anyen. Pandan tan sa, moun sa yo ki rele tèt yo otorite, ekselans, onorab, yo pa jan m ezite ekri bèl nòt pou voye bay dirijan lòt peyi lè yo gen pwoblèm lakay yo. Epi, la nan Bel-Air, Kafou fèy ki tou prè Palè ki kraze a, yo poko kapab rive wè nan gwo liv yo a, malere ak malerez ki ap kouri kite kay yo pou bandi.

Se kiyès ki paran fo dirijan sa yo. Yo pa gen manman? Yo pa gen fanmi? Sanble ke yo pa gen madanm tou. Pou fanm ki ap plede koupe, rache, taye, detaye, plimen ak deplimen nan Leta a, yo pa gen pitit?  

Mwen bliye pitit yo ak tout lòt manb fanmi pwòch yo pa Ayiti. Pitit yo ap viv nan peyi Etazini, Kanada, La Frans etsetera era. Yo la ba nan gwo kay paran yo achte nan lajan yo vòlè nan kès Leta. Timoun sa yo nan lekòl segondè ak inivesite nan lòt peyi  kote bon dirijan responsab, konsyan, sousye konstwui pou jenès pa yo etidye

An plis de sa, jodi an kòm diplomasi peyi Dayiti tounen yon Tisina pou nèg ak fanm Pòtoprens ki nan pouvwa, donk anpil pitit, madanm, mari, menaj, ti boubout sou koute ak fanmi yo nan Konsila ak anbasad ap touche lajan Leta pou yon travay anpil fwa ke yo pa janm ale, alewè pou yo ta gen konpetans ak eksperyans pou pozisyon ke nome yo a.

Definitivman, lokal Konsila ak anbasad yo vin tounen yon boutik ki ap vann paspò. Yo ouvè 7 sou 7, 24 sou 24 pou yo ap fè mache nwa ak dokiman enpòtan Leta sa. 

Antretan, pandan ke yo plonje byen fon nan tout malpwopwete sa yo, si yon jou, ou ta kwaze ak boutikye ou machan n paspò sa yo nan yon espas, ou pa ta rele yo diplomat, yo t ap fache. Kesyon an, se diplomat pou ki diplomasi? Tankou lòt lan ta di: Chalmas, ala kote w tande.

Anatandan ke nou jwenn yon repons pou tout fo dirijan sa yo ki nan Palè, Primati, ministè, Konsila, anbasad etsetera, tankou yon bon zanmi abitye di: Ke dyab lan gen pitye de yo. Ou byen tou, tankou ansyen chantè Manno Charlemagne ta di: Mwen voye yon plòt krache pou yo.

Mwen ap fini pou m di: mwen swete m pa jan m gen chans rankontre gaspiyè, gran manjè sa yo sou chemen m nan dyaspora an. Mwen swete tou nan peryòd eleksyon, mwen pa fè fas ak pil demanbrè sa yo pou yo pa vin ap pale de remanbre ou rekonstui peyi Dayiti ansanm ak yo.

Soyons sérieux, tankou defen an ki se te mari lòt la, ki jodi an ap gaspiye lajan Leta a, ta di: mwen swete ke moun ki ap gen pou vote nan eleksyon ki ap gen pou ta fèt nan peyi a, yo pa retounen ak pil vomi sa yo nan figi moun ankò. 

Silvouplè, de gras, pa resikle yo. Kite yo nan poubèl santi nan listwa. Se la ke plas yo ye.

 

Esau Jean -Baptiste 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES