Kisa mouche Leta ayisyen deside bay pèp la ? Estabilite oubyen enstabilite ?

Tout pwogrè yon peyi fè depann de ki moun ou gwoup moun k ap dirije l. Lòt fason nou ka di sa, ki moun ki nan tèt Leta a ?

Yo defini Leta tankou yon moun envizib men ki feraye pa mwayen kad siperyè administrasyon an.

Nou tout konnen lanati gen kè plen lè li wè vid. Se poutèt sa lanati, yon fason ou yon lòt toujou ranpli vid yo. Sa fè nou konprann soufrans ak lajwa yon pèp se pa yon aza men yon bagay planifye. Nan sa ki gade nou pa bò isit Ayiti : Kisa mouche Leta ayisyen deside bay pèp la ? zanmi lektè mwen yo, se ak kesyon sa nou pral eseye reponn nan atik sa.

M ap koumanse pou m di yon papa ki pa pran swen fanmi li, tankou reflechi ak yon kote pou yo dòmi leve, abiye yo, ba yo manje, voye pitit li lekòl... Aprè kèk ane, konsekans la ap vizib nan je tout lòt moun, non sèlman nan lokalite a men tou, menm lòt kote ou pa ta imajine. Se menm jan yon otorite ki pa pran swen pèp l ap dirije a, tout lòt nasyon ak tout moun ki gen bon sans ap wè sa.

Yon Leta ki pa deside mete bon jan kondisyon pou bay sekirite epi mete travay se jis yon seri dirijan ki pa nan wòtè tach yo. Nan sans sa, se popilasyon an k ap trakase tèt li pou l wè sa li ka fòse fè pou konbat ak lavi.

Refleksyon sa mennen nou nan 2 chimen. Sa mwen rele chimen konstriksyon ak chimen dezagreman. Saj la di e m ap site : « Olye ou ban m yon pwason li pi bon pou ou montre m peche. konsa mwen ka al peche kantite pwason mwen vle ». E pa gen anyen ki di yon bon jou mwen p ap ta kapab ede ou.

Sak fè fòs yon peyi se sekirite, bon jan wout tout kote ak lè aktivite yo (travay) ap mache byen.

Youn nan konsta nou fè, depi lane 2008 rive jouk jounen jodi a, pifò dirijan nou yo lè yo wè chalè beton an ap monte, yo jis pran yon malen plezi mennen demach, fè gwo lòbi pou envestisè sòti nan peyi letranje pou rantre Ayiti jis pou fè diskou di: pral gen travay… sou baz lespwa fè viv. Epi kijan sa fini ? Ebyen : Laprès fè travay pa l. jou ale, jou vini jouk tan tout moun bliye koze konsa.

Kreyasyon travay kòrèk nan sans pwòp tèm nan pèmèt yon peyi viv ou reviv, kòm avantaj : sa pèmèt ekonomi peyi a devlope, diminye prostitisyon, bese ensekirite. San m p ap pran defans pyès moun k ap bay pwoblèm nan sosyete a, sa gen anviron 8 mwa m ap gade sou rezo sosyal yo, yon jèn gason ki ka gen 19 lane konsa, kote li gen yon manch long nan men l epi l ap plenyen lavi l pase mal, li di  : « kounye a se sou ban lekòl pou m ta ye pou m te aprann yon metye men se yon zam ki nan menm, o Leta peyi m gade sa ou fè m ou gaspiye lavi m… »

Se te vrèman tris. Donk sa fè m konprann si Leta te pran responsabilite l non sèlman lavi jèn gason sa ak lavi anpil lòt pa t ap pase mal konsa!

Yon lòt jèn gason ki t ap patisipe nan yon manifestasyon lari. Pandan yon Jounalis poze l kesyon pou konn sa ki motive l ki fè l ap manifeste. Men sa li reponn : « Moun ka panse m ap viv men se pa vre, m al lekòl mwen aprann metye, mwen pa janm jwenn travay, kounye a se chache m ap chache aprann boule kawotchou petèt Leta a sèvi ak mwen… Si Leta pa konn si m ekziste, sa ka anpeche mwen pran manifestasyon kòm program ? S’ak anpeche m kwè barikad se lavni m menm jan kèk malfèktè ap kleronnen nan sosyete a » !

Li enpòtan pou nou note, mwen pa fè refleksyon sa yo nan sans pou m ta fè ou pran defans moun k ap fè dezòd oubyen k ap bay pwoblèm ak sosyete a. Toutfwa, n ap viv yon fenomèn grav, lè yon Leta pa sousye de byennèt popilasyon an men ki chita ap fè bonè yon ti gwoup. Kalkile w yon jèn ki gen fòmasyon, gras a Dye ki gen sante, li ta travay men elas li pa jwenn travay. Tandiske, kou li kite Ayiti e kèlkeswa peyi li rive a l ap jwenn travay. Se vre li ka pa renmen travay li jwenn nan men sa ki esansyèl l ap jwenn travay e pa rapò ak sa li ka bay tèt li manje e menm rive ede fanmi l.

 

Yo aprann mwen depi yon nasyon fin etabli sa vle di gen estrikti kote enstitisyon yo ap fonksyone, donk mouche Leta se sèl kòk chante, sa l vle se sa l ap fè paske peyi l pou li. Monopòl vyolans la tou chita nan men l, si Leta vle destabilize peyi a l ap fè l, e si li vle met lapè l ap fèl.

Pou m kaba, m ap raple ou mouche Leta peyi w pou ou, kisa ou deside charite pèp la ? Estabilite ou enstabilite ? Kòm se sèl ou ki ka di yon mo ebyen n ap tann repons ou..

 

Ruben Sanon, Ing. Avocat

sanonruben@yahoo.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES