Moun k ap chache travay ak lè li fin jwenn travay la, anpil fwa se 2 moun depaman

Tout moun toujou dòmi reve  demen yo ap bèl. E menm pi gwo parese ki ekziste a panse konsa, lè nou di parese nou wè : yon manman, yon papa, yon jenn fi ou yon jenn gason manfouben kote anyen pa di l anyen, dòmi pa janm pase nan je l.

Aprè Bondye fin fè n kado lavi ak sante, Li bay tout moun 24 trè chak jou, ladan l gen moun ki deside rete dòmi nenpòt 17 tè, pran 5 kè pou bouyi zen epi 2 zè ki rete-a pou yo chache yon bagay pou manje, kote aprann pa enterese yo. Yon tip de moun konsa kèlkeswa travay li ta jwenn l ap bay pwoblèm kanmenm paske moun sa pa gen yon bon vizyon.

Mwen sonje yon mesye ki t ap chache djòb pou li kab pran swen fanmi l. li fè nenpòt 2 lane ap mache kot yon zanmi, jouk tan zanmi an refere l bay yon direktè anfen mesye a nome nan Leta. kote li fin gen yon lanne nan travay la, li pa sou travay ankò. Yon bon jou, youn nan kad travay la kontre ak li epi di l men m pa wè w non, ki pwoblèm ou genyen ?  li reponn kad la : « ti monnen y ap ban mwen a pa ka fè anyen pou mwen ».

Zanmi m yo tande byen, gen yon prensip jeneral ki di lajan pa janmen satisfè lòm, paske tout otan lòm genyen se tout otan l ap chache gen plis toujou. Noteke, toutfwa lòm nan ap chache gen lajan nan bon kondisyon sa pa yon pwoblèm men se lè l ap fè sa nan vye kondisyon, ki pa bon.

Antanke Avoka, manm Bawo, mwen fè anpil eksperyans, kote mwen al defann swa salarye ou patwon oubyen yon enstitisyon ka rele m pou m pase moun entèvyou pou travay.  Mwen vin konprann lè yon moun ap mande travay ak lè moun nan fin jwenn travay, anpil fwa se de moun ki pa sanble ditou. Se tankou lannwit ak lajounen.

Lè yon moun ap mande travay, li pi saj pase lasajès, men yon fwa patwon an fin aksepte l, anpil fwa kòn konn pouse nan tèt yo. Se tankou travay li jwenn nan, li tou rive kote l te bezwen  an, oubyen li gentan jwenn sa l t ap chache a !

Mwen sonje yon Dam ki te bezwen yon travay li mennen ankèt, li mennen demach kote kèk moun jis pou ka al pale ak patwon an pou li. Ebyen kòm prensip la di : « Moun ki chache ap jwenn ».

Yon bon jou patwon an rele dam nan epi tou angaje li, nan 6 premye mwa yo se te bèl bagay. Patwon wè se yon anplwaye konsa li tap chache. Jou ale jou vini, dam sa a koumanse deplwaye zèl li epi pouse kòn nan travay moun yo (tout Ayisyen konprann langaj sa). Li menm rive di li twò byen fòme pou travay la. Li pa respekte menm sipèvizè patwon an mete sou tèt li a.

 

Sa w konnen ki pase ? 

Menm dam sa kite pran aparans yon bon zanj pou l te rantre nan travay la, kounye a li di li se manbo li ye, li pa nan rans, li rele sipèvizè a lajistis e li rive di l ap fè patwon an depanse yon dividal lajan pou frekan. E si se pat yon bon avoka patwon sa te rele, lè konsa ansyen bon zanj sa t ap gentan bon sou li.

Zanmi lektè mwen yo, si m t ap kontinye pran ekzanp m pa t ap fini tèlman genyen pou m ta pataje ak nou.

Men sa mwen pa konprann nan nan tematik sa, nou te ka konsidere kòm limit rechèch la, se lè yon moun gen dezi pou li travay,  oubyen vle bezwen travay :  li prepare dosye l, chache kontak … e anpil fwa, li fin jwenn travay la, li tèlman bat kò l, li pèdi l, e apre li ta renmen tounen nan menm travay sa, sou pretèks li sonje kòlèg li yo oubyen l ap panse ak kòb li te konn touche nan travay la.

Anfèt, li enpòtan pou m raple nou ke yon patwon ret yon patwon, e salarye, ouvrye ou anplwaye rete yon moun k ap bay sèvis ak antrepriz la. Donk, youn dwe respekte lòt. Men yon gwo pwoblèm ki se lè anplwaye a ap pran vye konsèy nan men lòt moun. E moveje sa yo toujou la pou monte tèt sitou sila yo ki fèt vin nan travay la. Pandan m ap ekri la m sonje yon pwovèb manman papa m ki se defen Marinette André te montre m kote li te di m: «Zanmi ba ou konsèy pou w achete chwal nan sezon lapli men lè sèk tonbe w a degaje w pou w ba l manje».

Sa vledi, zanmi k ap di w pou w bay pwoblèm nan travay la, men lè patwon an voye ou sou beton an pafwa li pap menm pran tan salye ou. Donk, li enpòtan pou nou toujou reflechi anvan nou aji paske chak desizyon ou pran ka gen benefis ou konsekans.Nan sans sa si ou deside kite yon travay ou pa bezwen chita ap fè move mès. De preferans chache kite travay la ak tout sajès. Ou pa janm konnen…

Pou n kaba, nou sot wè nan atik sa 2 moun ki abite nan menm kò ;  yon moun k  ap chache travay ki saj anpil ak lè moun sa fin jwenn travay la anpil fwa li panse li menm plis pase patwon an !

 Ou menm k ap travay, ann efòse nou chak jou pou nou ka vin yon pi bon anplwaye. lè sa l ap pi bon pou nou.

Zanmi lè w ap travay pa plede ap rakonte tout sa k pase nan travay la, paske si moun k ap tande ou a se yon rayisab li ye, konsa li ka ba ou vye konsèy. E menmkan yon moun t ap travay menm kote ak ou se pa tout konsèy li ba ou pou ou pran l e si moun sa se yon egri li ye daprè ou menm ou panse l ap ba ou bon bonsèy ? Ebyen kou ou pran nan zip wa banm rezon !

 

Ruben Sanon, Ing. Avocat

sanonruben@yahoo.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES