Ventnèf (29) lane deja depi lame ak FRAPH manje Pè Jean-Marie Vincent (Janboul)

Yon jou tankou jodi a, 28 dawout 1994, ekip jeneral Cédras, Michel François ak Toto Constant responsab Fraph  etenn souf youn nan prensipal poto mitan rezistans kont kou deta, youn nan prensipal vwa ti peyizan yo, youn nan prensipal pòt drapo Ti Legliz yo, youn nan prensipal animatè Teyoloji liberasyon an a Pè Jean-Marie Vincent. 

Zak sila se te yon lòt siyal ki te montre panzouyis t ap koupe tout rasin rezistans lan epi sitou anpeche pwojè chanjman nan kad yon renouvèlmam elektoral ak Jean-Marie Vincent.

Gangsterizasyon peyi a ak tout sa k mache ak li kòm vyol, vòl, krim san parèy yo, demantibilay Leta se pwolonjman kou deta 1991 ak dekapitasyon tout lidè sosyal tankou Pè Jean-Marie Vincent pou peyi sousè yo Etazini an tèt kapab kontinye wete tout trip nou. 

29 lane apre sasinay Janboul se kounye a Ayiti ap pèdi pitit li yo.

29 lane apre sasinay Janboul se kounye a aksyon destriksyon milye riral la ap rapousib.

29 lane apre sasinay Janboul se kounye a enperyalis vin pi anraje lè l bay gang yo kat blanch sou lavi tout Ayisyen. 

Men Janboul ou pa bezwen pèdi lespwa kote w ye la, menm lè sèten nan kamarad ki t ap lite bò kote w ki pa bò isit toujou ap jwe yoyo, vann nanm yo, tounen prensipal relè enperyalis la sou teren an.

29 lane apre sasinay ou Janboul, youn nan pwen fò kontribisyon w nan batay popilè a ki se raliman fòs pwogresis yo pou yon veritab akonpayman mas yo pou evite anpil fo pa poko kapab reyalize. Lespri chapèl la, koze pam pi bon an rete fò, pou n pa di yon grangrenn pou pèmèt plis gany fèt e sa tout kote ak nan tout nivo. 

Ou ta anvi di «lumpenisation» an vin pi fò, sa k rann ralliement, mete ansanm pi difisil toujou.

Si w te kapab vin pale ak yo pou 29 ane sasinay ou a pou w ta di yo poukisa y ap trennen pye konsa. Èske yo pa remake Lènmi an vin pi fewòs, pi brital, pi kriyèl. Konsa youn nan fason pou n kase yo se nan mete fòs nou ansanm san Ipokrizi ak mètdam.

 

Marcel P. Mondésir

28/08/2023

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES