Mantalite ayisyen an, yon pongongon ki kouche ankwa kont devlòpman peyi-a

Twazyèm pati

Apre piblikasyon dezyèm atik sou mantalite ayitien... jou 29 dawout la, li tounen yon lobligasyon pou m ekri yon twazyèm pati, kote ke nou pral chita sou fenomèn imitasyon sitou nan domèn mòd, pandan n ap kontinye ak kèk move konpòteman Ayitien itilize pou kontrekare prochen li.

Ayitien se youn nan pèp ki esklav zafè mòd nan monn nan. Kèlkeswa sa yon atis entènasyonal fè li ta difisil anpil pou jenès ayitien an pa ta imite’l. Nou konnen ke imitasyon se yon fenomèn tou patou. Men kisa ki anpeche nou imite sa ki bon ?

Mwen si ak sèten ke gen anpil nan nou ka pale de relativite, ki vledi sa ki bon pou mwen pa fòseman bon pou yon lòt moun, oubyen sa ki verite pou mwen k’a pa verite pou yon lòt moun… ok, mwen pa vini pou’m demanti’w.

Men ede’m konprann souple : paske mwen wè yon moun ke yo rele: sta, sipèsta, megasta.. bon mwen pa konn vokab yo twò byen n’a padone’m. lefèt ke sipèsta sa, raze cheve’l pandan ke li kite yon lòt pati pou li fè dizay, san reflechi m’gentan kouri fè'l tou. Yon bon jou m’gad telefòn mwen m'wè yon sta ki mete yon pantalon chire sou li; tout jèn rele anmwey men sa ki alamòd kounye a, m’kouri swa al achte yon pantalon chire, si mwen pa ta ko gen kòb m’chache yon sizo epi koumanse chire pantalon yo jis pou’m ka alamòd. Oubyen kou’m wè yon sipèsta mete yon pantalon ki tèlman kole sou li, m’kouri imite’l. e gen yon lòt group moun yo jis wè kèk prizonye k’ap mache janm louvri, pou kisa paske yo pa bay yo dwa pou mete sentiron epi pantalon an twò laj pou yo, m’gentan kouri non sèlman sa, m’pa met sentiron ankò men tou pantalon’m toujou ap tonbe sou mwen e mwen wè tout bagay sa yo bon. Paske lè’m aji konsa sosyete-a wè mwen eklere anpil... mwen pran ekzanp la sou pantalon ak koup nan cheve men li valab tou pou tout lòt kadfigi yo.

Bon zanmi lektè yo, vye mantalite sa boulvèse sante nou ak zafè mòd sa epi fè nou sanble ak ti jwèt ak pil.

Etranje a fabrike elikoptè, mwen di ki mele’m sa, li fabrike machin e fè lòt envansyon mwen pa wè bagay sa yo tandiske yo itil. Men kou li fè yon bagay ki pa itil se la ke’m branche. Se kòm si mwen pa gen vokasyon pou’m fè sa ki bon.

Mantalite ayitien fè ke li santi’l alèz lè l’ap itilize yon teknoloji dènye kri. Men janmen reflechi ki jan pou'l pèfeksyone'l ale wè pou'l ta vin ak youn. Men elas! An nou pran ekzanp nan zafè òdinatè (dèsktòp). Anvan te gen ekran ki plat yo te gen figi bonbe. Ou konnen kote ekran plat yo vini, yo jete tout ekran figi bonbe yo, se sanse menm kadfigi pou televizyon yo.

Ayisyen panse si li achte yon materyèl swa yon telefòn nèf pou di-mil (10.000) goud epi yon lòt moun achte menm mak telefòn sa ki gen menm kapasite, li ta achte pa li-a pou kenz-mil (15.000) goud, dènye Moun nan ap panse ke pa li a pi bon, paske santibon koute chè…

M’sonje yon nonm ki t’ap anseye, li di elèv yo : Nou wè chemiz ki sou mwen an ? li soti Etazini se sèl mwen ak yon kouzen’m ki genyen’l nan peyi-a..

Gen yon mekanisyen li menm ki te fin ranje yon bèl machin pou yon patwon, misye estime ke Lapolis rete machin nan twòp pou yo poze’l kesyon, tankou ki kote ou jwen ak machin sa ? misye di sak pase Polisye yo wè li twò lèd pou machin nan. E li konkli pou li di : Yon moun lèd tankou’m se bèl machin pou’m woule pou’m ka gen valè. Selon li, valè’l depann de sa'l posede.

E sela ke mwen vin konprann ke yon fi oubyen yon gason k’ap douko se paske li santi ke jan'm yo ye a pa bon. donk l’ap rele sou kò'l pou wè si li ta chanje koulè Bondye ba li-a.

M ap kontinye pou m di, Mantalite nou fè ke nou pa kwè nan sa nou ka fè, gad kouman otorite pa bò isit ap mande kominote entènasyonal la sekou nan sans pou voye yon fòs pou kabab ede yo. Youn nan otorite nou yo pa wè ke nou gentan gen Lame pa nou deja men yo panse ke Lame lòt bò dlo siperyè ke pa yo-a paske se etranje donk yo toujou gen lespwa jouk tan ke yo fèt kare ap mennen demach.

Nan menm lide sa, majorite Ayitien toujou panse ke depi yon moun se nwa ou ye, pa gen anyen ki bon ou ka fè, kòm prèv, li difisil pou’w wè yon ayitien k’ap vann yon atik pou li pa di men sa blan an voye, men sa li fè, m’ap ba ou’l jan blan an voye’l la.

Yon fason ou on lòt, Ayitien toujou ap chache leve lòt nasyon  sou pwòp Ayitien parèy yo.

Ann pran ekzanp kèk chofè transpò piblik k’ap bare wout pou anpeche lòt izaje parèy yo pase. Men kou se yon moun anwo ou yon blan se yon fyète pou fè koutwazi.

Lòt bagay, eske nou pa wè jan pifò lajan n'ap itilize kouman yo lèd ?  Se paske depi se goud nou maltrete'l tandiske lè se lanjan meriken nou chouchoute'l.

Mantalite nou fè nou gade moun sou laparans, si nou wè yon moun byen abiye nou tou panse ke moun sa pa ka bay pwoblèm nan sosyete-a.  E daprè menm tip mantalite sila-a se ke moun san mwayen ekonomik ki gen kapasite pou fè sak pa sa.

Ann gade nan nivo Lapolis, nan yon doub kabin ann di genyen 6 Polisye nan patwouy la tout ap batay pou chita devan, nan klimatizè. Anpil fwa yo kite bak la vid e sa mete yo nan plis ensekirite.

Zanmi lektè mwen yo, jouk kounye a ou konnen gen de moun ki gen malèz tankou :  tèt fèmal, vant fèmal … se kay Ougan yo kouri ale olye yo pran wout lopital.

Konbyen ti ekip foutbòl katye, kominal e latriye k' ap òganize chanpyona olye poual fè antrennman yo pito al nan simetyè, fè maji jis pou yo k'a ranpòte viktwa. Men yo pa konnen ke lè ou gen viktwa san ou pa fè pyès jefò pou sa  w'ap triyonfe se vre men nan fon kè' w se blòf..

Pou kisa depi ou pale de opozisyon nan peyi-a ou tou pale de bagay negatif ?

M'sonje yon atoufè kote :  maten, midi aswè li t'ap fè manifestasyon, anvan yon moun gen pwoblèm li te gen kè sansib pou viktim yo.

Ou konn pou kisa ?  Paske li potko rive nan pouvwa, yon fwa li rive, li vin fè pi mal pase sak te la. E sak pi rèd la, tout vye desizyon li pran, li di pèp la se sa k'ap bon pou li….

Youn nan pwovèb ke Ayitien renmen di :  Tout koukouy klere pou je yo. Nan sans sa, m'ap viv vi pa'm e si ou kapab ou mèt viv vi pa'w.

Kalklle'w, nan peyi Sendomeng depi yon Dominiken gen machin li anpa'n tout lòt k'ap pase ap kanpe machin yo pou mande zanmi ki an difikilte-a kouman yo ka ede'l ?  sa se yon bon mantalite. Men lakay nou, pafwa machin ou anpa'n gen kèk lòt chofè k'ap fawouche'w, vwa pou yo ta ede'w.

Si w'ap mache sitou nan Pòtoprens bat pou pye ou pa glise, m' pa bezwen di'w si ou ta tonbe. Pa etone si ou wè kèk Ayitien ap fawouche'w pou di :

 Eyy, kisa'w t'ap pran atè-a ?

E nan menm lide sa, konbyen moun k'ap monte kamyonèt epi yo frape tèt yo nan machin nan. Pa etone si ou tande kèk moun di :  ou menm ou toujou ap chache kraze machin ak tèt ou.

Oubyen yo pete yon sèl ekla ri...

Mwen panse seri atik sa yo enpòtan anpil pou nou ka panse yon lòt mannyè. Paske yon moun ki ensansib ak doulè yon lòt moun se yon malentansyone li ye, Donk li se yon mechan.

Konpatriyòt zanmi mwen yo ann fè jefò pou nou fè diferans nan sa n'ap antreprann jis pou nou rebati mantalite nou. E se konsa, n'a gen yon lòt sosyete kote moun ap kontan viv ladan'l..

 

 

Ruben Sanon, Ing. Avocat

sanonruben@yahoo.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES