Ekzèsis pwofesyon fas ak reyalite espirityèl

Zanmi lektè mwen yo, mwen salye nou tout alawonnbadè nan non Seyè-a ki gen tout pouvwa-a. Anvan ou li atik sila-a, li enpòtan pou ou li : Ayiti, terre montagneuse, vocable idéal pour la refondation de la nation, pibliye 3 mas 2020, Grandè peyi d’Ayiti, yon trezò kache nan men vrè pitit tè-a pa mwayen yon konstitisyon ki reponn ak reyalite nou, pibliye : 14 novanm 2022, 9 desanm 2022 ak 20 janvye 2023. Mantalite ayitien an, yon pongongon ki kouche ankwa kont devlòpman peyi-a pibliye : 18 novanm 2022, 29 dawout 2023 ak 31 dawout 2023.  Mwn konsidere atik sa yo kòm prereki konsènan nouvo atik sila. Nan premye atik sa yo mwen te abòde lorijin èn (rayisman) lakay Ayitien, ak tout koz yo. Tandiske nan atik sa nou pral wè pratik yo.

Mwen toujou ankouraje jenn yo aprann metye, paske yon moun ki san metye se tankou yon machin san limyè  y ap kondwi nan fè nwa. E mwen di pi lwen  : metye se yon nesesite san parèy nan la vi yon moun, kote moun sila te ka ap travay yo revoke l men metye li a ap rete avè l.

Toutfwa, nou rive nan yon faz kote nou konstate pa rapò ak yon latriye temwayaj, sa nou viv k ap pase nan peyi a sitou nan zafè travay nou vin konprann aprann metye pa anyen devan ekzèsis metye a, kit se nan antrepriz ak enstitisyon (piblik ou prive) nou yo.

Mwen k ap pale ak ou-a, mwen fè 12 lanne ap anime emisyon En Route vers la Technique (ETECH). Mwen pase 4 estasyon radyo, tankou : Lumière, RCH 2000, Voix de l’Évangile ak Yhaveh Nissi. Mwen trete sijè pwofesyon fas ak reyalite espirityèl sou tout 4 estasyon radyo sa yo. Mwen tèlman jwenn temwayaj, li enposib pou m ta pataje yo tout nan yon sèl atik. Toutfwa, n ap gade kèk ansanm.

Moun k ap reflechi yo di ke jalouzi fè lòm mechan. Nan ka ki konsènan nou, e lefètke pifò Ayisyen ap viv nan wazivte sa vledi san okipasyon, kote mouche Leta pa mande yo sa yo pot pou vann. Pou plis enfo, li atik : Kisa mouche Leta ayisyen deside bay pèp la ? Estabilite oubyen enstabilite ?, pibliye 2a dawout 2023, Le National. 

Zanmi m yo, se pa 2 moun non ki : enfim, depeyize oubyen mouri paske yo t ap travay eke move je leve kont yo, menmkan yo pa fè anyen ki mal.

Yo rakonte m listwa yon jenn gason kite fini ak etid klasik li epi etidye kontabilite. Apre lisans li nan kontabilite, li jwenn yon travay nan Faktori, kote li t ap travay nan sèvis kontabilite Izin nan. Sa t ap mache trè byen pou li jouk tan yon jou gen yon lòt kontab ki mande misye prete machin (veyikil) li. San reflechi, li bay kle a. lè moveje a retounen li remèt kle-a se vre men li tann yon poud nan machin nan. Apre travay kòm abitid zanmi an pran machin li pou kondui, li tèlman gen gratèl se ak anpil difikilte l rive lakay li.  misye tou pat ka retounen nan travay la ankò paske li te malad grav ak yon maladi sinatrèl, anpil doktè fè ekzamen pou li men yo wè misye gen bon sante. Chak jou k ap pase, misye ap depafini, se po ak zo l sèlman ki te rete e kèk jou apre li mouri.

Lòt bagay, nan lanne 2013, youn nan lè mwen t ap trete menm sijè sa sou radyo Rch 2000, yon mesye rele nan radio a pou di ke: emisyon jodi a se pou li, paske mwa sa fè 3 lanne depi yon malfèktè kase ren li epi mete l kouche lakay. Poutèt yo te rele l sou yon travay tandiske te gentan gen yon lòt moun te gentan koumanse travay sa.

Gen yon zanm li menm ki se manm asosiyasyn En Route vers la Technue misye se yon teknisyen nan ebenisteri (bwazri). Pandan l ap pase nan yon zòn, li remake yon chantye, li jis salye travayè yo ep pale ak kontremèt la de konpetans ak disponibilite li. konsa, li tou jwenn aksè pou vin travay. Misye fè 3 jou ap travay nòmal, sou 4e jou-a misye santi yon kranp nan men l yo, saw tande a, li pa ka travay ankò, li di kontremèt la sa epi li rantre lakay li. nan demen misye vin koumanse gen pwoblèm nan je l, li ale lopital, doktè pa ka fè anyen pou li. Erezman misye se yon sèvitè Bondye e li pat pran Levanjl pou dra. Donk, li lage kòl nan lapryè e konsa l vin rejwenn sante l gras a Dye. E misye tou kite kòb travay la.

Yo aprann nou timoun pa antre nan jandam, fè koupe fè, dèyè mòn se mòn. Malerezman se yon gwo verite sitou nan peyi nou.

Mwen konn yon fòmatè : ki t ap travay nan yon enstitisyon kote gen yon malfèktè ki te voye 3 zonbi sou li. Kouman sa te fèt ? yon bon jou misye vin travay direktè enstitisyon (malfèktè-a).

Atansyon !  se sak fè saj la di ke aparans twonpe moun anpil, paske poko janm gen yon moun ki se yon moveje ki pa toujou pran aparans moun de byen, yo toujou ap fè kil pèsonèl tankou, pale de yo kòm bon moun poutan se lè ou pran w a konnen. Ebyen, direktè atoufè sa jis pran pòz ap pale ak fòmatè a epi l depoze men l sou zepòl li, yon moun ki pa konnen ap panse se yon papa k ap pale ak pitit li, konsa ak pwosede mistik l voye 3 zonbi sou fòmatè e si se pat Bondye ki te kanpe pou misye malfèktè a t ap tou fini ak li, erezman Bondye tou puisan te la bò kote fòmatè a.

Gen yon zanmi ki te promosyon m lè m t ap fè Dwa, misye te gen yon boulanjri. Biznis la koumanse ap byen mache, jouk yon jou pandan ke l chita nan biwo l yon mesye tou mal abiye parèt kote l pou di l ke se li ki responsab zòn sa nan malfezans, etone, zanmi an mande misye kouman ? misye reponn tout biznis ki nan zòn nan se li kifè maji pou yo jis pou lòt malfèktè pa vin kraze yo.

Zanmi an pa okipe misye, bagay dwòl boulanjri-a kraze jouk tan zanmi an likide rès biznis la.

Nan lanne 2002, lè sa m tap fè filo nan lise Firmin, pwofesè filozofi a rakonte nou yon bagay etonan. Li di lè l te jenn gason li te konn yon gwo otorite nan pouvwa epòk la pa bò isit ki te gen 2 zonbi sou li nan 2 bag nan dwèt li,  kote lè l bezwen pale franse li tcheke tèl bag, lè l vle pale angle l’al nan lòt bag la. Kouman sa fè posib ? yo jis touye (toudi) ou fè 2 entelektyèl tounen zonbi epi itilize konpetans yo. Sak pi rèd la otorite sa a pat menm konn ni li ni ekri.

Gen yon jounalis ki t ap rakonte m li te konn al fè yon emisyon evanjelik sou yon estasyon radyo, yon bon maten mèt radyo a fè ekspre kite yon emetè nan papòt la pa anndan, misye di li tande yon vwa k ap di ou mèt pran l.

E si li te pran l lè konsa zonbi l t ap ba sèvis nan radyo-a. anfen, lè misye fin pote viktwa sa-a li tou kite radyo-a.

Gen yon Avoka ki t al plede nan tribinal, lalwa te bò kote misye, pati ki anfas misye a mande yon sispansyon odyans, pandan Mèt la soti men li kite wòb avokal nan sal odyans la yon avoka malfèktè tou poudre wòb la, kote lòt Me la mete wòb li pou plede li tou tonbe malad ebyen men lanmò misye tou.

Mwen sonje yon kad ki t ap travay nan Leta, yo deside manje misye, poutèt gen yon pwomosyon ki te pou bay, kòm misye se li ki pi byen plase e fòme pou pozisyon an, direktè-a, falsifye CV li epi tou transfere misye nan santral. Zanmi lektè, moun m ap pale ou a te yon enjenyè sivil, yon fotograf, yon teknisyen nan konstriksyon batiman, pou m site sa yo sèlman. Yon fwa misye rive yo mete l nan manitansyon. Apre kèk ane misye vin pran yon promosyon kòm reponsab seksyon. Yo bay misye yon frap mistik nan biwo-a, lage misye atè. Apre yon lanne ak kèk mwa, misye koumanse fè ti jefò opwenke li retounen nan travay la, petèt misye te fè yon mwa konsa men yon jou mèkredi li te fin fè ovètay e nan vandredi misye pral tonbe mouri vrèman dwòl. Mechan an fè sa konsa, tandiske 3 pitit li kite yo ak madanm li rete nan mankman, mizè, sou konsyans yo kòlonn mechan yo, koumanse sou direktè a fini sou malfèktè-a.

Pafwa ou gendwa ap travay yon kote epi ou tande koze sa-a :  Abon ou vin gate zafè moun bò isit la, ou pa ka antre yon kote ou wè tout mou ap danse sou yon sèl pye epi ou vle danse sou 2 pye.

Danse sou yon sèl pye, vledi fè sa ki pa bon nan travay la.

Oubyen ou ka tande yo di, si ou anpeche m manje m ap anpeche w fè lòt la tou, ou si ou anpeche m vòlò, fè koripsyon, ou anpeche m travay mwen menm m ap touye ou. Sa se nan kad enstitisyon kit se piblik ou prive. 

Zanmi mwen yo m pa ekri atik sa a pou m fè kè ou sote opwenke ou ta dekouraje pou ou pa aprann metye e pou ou pa chache travay paske keseswa fizik ou espirityèl tout travay gen pwòp risk yo. Pa bliye lavi anvantou se yon latriye lit. Chak jou ou gen yon defi depaman pou ou leve.

E nou wè nan zafè travay gen anpil moun malfèktè, dejwe, depeyize, enfim touye nèt ou toudi. E si yo pat nan travay sa-a petèt yo te ka ap viv toujou.

Yon zanmi rakonte m listwa yon Sitwayen. Se li kite tèt fanmi-an kote antèman se li, lekòl timoun yo se li, manje a se li… yon bon jou nan travay li yon moveje ba li yon lanmen monte ki tou voye misye nan peyi san chapo ou anba tè.

Kouman nou ka konprann fenomèn fè koupe fè ?

Ann jis rezime l nan ti listwa sila :

Gen yon nonm ki te anjandre nan Dyab, yo rayi l konsa yo bay misye : kout poud li pa pran, yo ba l lanmen monte li pa pran. Lè sa ekip malfèktè yo al mennen yon ankèt mistik, yo pale ak lespri mesye a ap sèvi a, demon an di yo li p ap janm livre chwal sila-a paske l ba li sa li renmen. Lè yo ale chache konnen sa demon an renmen, yo jis prepare l ba li menm jan, lespri-a kontan epi li tou livre chwal li. Se konsa, yo tann yon ti pèlen pou misye anjandre-a epi misye mouri lapoula.

 

E konsènan moun ke malveyan atake nan kad travay yo epi atak la pito rebondi epi atenn moveje a?

Lè nou gade nan Bib la espesyalman nan Estè 7 vèsè 9, nou wè pyèj enmi an prepare pou yon moun k ap sèvi Bondye tout bon se menm enmi-a k ap pase ou k ap tonbe ladan’l. poutèt kisa? Yo aprann nou dèyè mòn se mòn men erezman dèyè Bondye pa gen lòt.

Yon rakonte m listwa yon kad ki byen konpetan k ap travay nan Leta kote misye t'ap pral pran yon promosyon gen yon moveje ki deside se li pou pran promosyon an. Nan sans sa-a, malfèktè aranje l pou l bay kad la pwazon, nan yon premye tan nan yon kola fanta e dezyèmman nan yon bonbon, kou a pa pase. Nonsèlman anpil atak vèbal men ankò malveyan pase yon dènye vitès ak yon pè zonbi, yon jou, pandan 2 mesye yo (malfèktè ak kad) te nan yon fòmasyon, malfèktè a depoze yon men l sou zepòl kad la epi tonbe ap resite orezon nan kè l pou fini ak sèvitè-a men erezman Bondye pa janm absan. Kad la jis fè misye retire men sou li epi mande l si li gen yon pwoblèm?

Ou konn sa ki pase ? malentansyone a tou rete ak pyès li nan men l e kad la jis wè misye pa manje jou a epi li rete nan yon kwen ak men li nan machwè.

Yon mwa apre atak yo kad la jwenn promosyon e misye tou jwenn yon promosyon. Men 2 mwa apre, malfèktè sa a fè yon tèrib maladi e jouk tan atik sa ap ekri a misye poko janm retabli. Wi, se Bib la ki toujou gen rezon nan Galat 6 vèsè 7 li di : Sa yon nonm simen se sa l ap rekòlte.

Kòm konsèy, lè w ap pale ak yon moun sitou nan milye travay, pa kite li frape w ou depoze men sou do w ou pase men nan kou w.

Toutotan ou pa ta bwè ni manje nan men tout kolèg travay ou m panse l t ap pi bon, paske evite miyò pase mande padon.  M ap fini pou m di : zanmi lektè mwen yo, pa jwe ak la vi nou sitou nan zafè travay. Nan sans sa a gen 2 kondisyon :  premye a, si se lespri (loa) ke w ap sèvi w ap jwenn yon pwoteksyon limite ou pasaje paske menm nan semèn nan gen kèk jou si yo atake w y ap pran ou.

Anfen, si ou nan Jezi tout bon vre lè enmi an atake anpil fwa Seyè a tou rache dan mechan an. E si malveyan an pa poze l swake Bondye depeyize l, enfim li oubyen touye l.

Ebyen zanmi mwen yo dapre sa mwen aprann e konprann, chwa a se nan men nou li ye. Ebyen m ta swete nou fè bon chwa a !

 

Ruben Sanon, Ing. Avocat 

sanonruben@yahoo.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES