Ayiti: pil ale vini, tout negosyasyon sa yo, èske fwa sa, se dènye a?

Ak prezans delegasyon CARICOM nan ki sou teren an pou rapousib diskisyon pou jwenn yon repons ak gwo kriz sosyal, politik k ap antere peyi a, nou vle poze kèk kesyon ak sèten aktè k ap patisipe nan diskisyon wo nivo sa yo.

Alapapòt, n ap di li fondalnatal pou gen echanj, gen diskisyon pou n kapab wete peyi a nan Abyssal gouvènman PHKT yo mete l la. 

Se vre nou fèt pou n pale, nou dwe pale. Nou dwe konnen tout espas diskisyon se espas konpwomi. Se banm ma ba w. Men espas konpwomi an pou okenn rezon pa dwe transfòme nan espas konpwomisyon ak espas kapitilasyon. 

Pou sa, li endispansab pou tout moun yo sonje genyen liy wouj ou pa dwe travèse  ou pa fouti franchi/boule nan yon espas diskisyon/negosyasyon. 

Genyen sitiyasyon/sikonstans pito w pèdi tout pase pou vann tèt ou, pase pou w antre nan sa syans politik yo defini « marché de dupe ». 

Pou nou menm pèp Ayisyen, liy wouj la nan espas diskisyon sa yo se prezans Ariel Henry Premye minis nan kad yon akò/antant pou Ayiti ta kòmanse wè bout tunnel la. 

Tout akò/Antant ki konsidere Ariel Henry kòm Premye minis, ki bay Ariel Henry amnisti se trayizon li ye, se touye yon lòt fwa tout viktim depi 2018 pouvwa PHTK yo manje pou yo kapab kenbe pouvwa.

Ayiti p ap tounen teren eksperimantasyon kominote entènasyonal la yon lòt fwa ankò nan sa li defini «real politic», nan batay ke li ap fè pou l toujou pwoteje/sove valè li yo, sèvitè sèvil li yo tankou mouche neurologue Ariel Henry. 

Epi tou, nou ta renmen tout negosyatè ki chita bò tab  la pran konesans kesyon sa yo pou nou:

Èske Caricom ak tout lòt yo ap gen kouraj pou egzije epi aksepte doktè Ariel Henry pou premye minis toujou?

Èske politisyen Ayisyen k ap diskite yo ap dakò pou Ariel Henry se yon eleman nan rezolisyon kriz la?

Kouman nan kad tranzisyon an, yo pral poze pwoblèm jistis ak sekirite a si yo dakò Ariel Henry pou premye minis toujou?

Sou ki baz y ap lage koukouwouj dèyè bandi ak sapat tankou: Izo, Tilapli, Bougòy, Vitelhomme, 400 Mawozo, bandi Savyen yo, epi nan kad yon akò/antant politik pou Ariel Henry ak akolit li yo toujou ap jere peyi a?

N ap mande tout moun k ap negosye yo ansanm ak "Emisè Caricom" yo si yo deja prevwa yon prim pou enpinite? 

Nou ta renmen konnen si se «real politic» la k ap òdone yo kenbe Ariel Henry nan Primati a ou byen kisa k ap esplike l rete toujou?

Ki esplikasyon/eleman langaj politisyen, negosyatè, sosyete sivil, boujwa/chanb komès yo deja prepare pou remèt jounalis/faiseurs d’opinions yo pou lave sèvo nou pou n fè konprann, fè n aksepte akò/antant kote Ariel Henry pral intronise kòm wa/monak pandan dra enpinite y’a pral vin pi blan toujou?

Èske politisyen, sosyete sivil, faiseurs d’opinions, chanb komès yo ap dakò siyen acte de demantibilisation Ayiti nan kad accord/antant Caricom nan, men nou tout konnen se tout kominote entènasyonal la ki dèyè l pou di tout fè tout viktim yo pase kòm pèt ak pwofi yon fason pou yo kapab jwenn moso nan gato a?

 

Marcel Poinsard Mondesir 

05/09/2023

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES