30 oktòb Jounen entènasyonal lavi dapre Nasyonzini ; sans dat sa nan moman nou ye la!

Si jodi a se Jounen mondyal lavi n ap mande èske Nasyonzini gade, èske l verifye nan mond lan pou l konnen konbyen peyi, ki kantite popilasyon ki kapab selebre Jounen sa?

Pèp Ayisyen an, k ap viv nan peyi Dayiti ak tout sa k ap apante plizyè peyi pou yo wè si yo kapab jwenn lavi;

Pèp Palestine nan k ap viv nan Gaza ak tout lòt ki gaye nan divès tèritwa anba men kolon Izrayèl yo;

Pèp kontinan Afriken yo ki pa konnen ki Sen pou yo rele ankò;Nou pa bezwen pale pou sila yo k ap trimen nan anpil kote an Azi;

Nan moman nou ye la, pawòl, pozisyon Asanble Jeneral Nasyonzini yo pa vo pip tabak depi youn nan 5(Etazini, Lachin, Larisi, Lafrans, Wayòm Ini/Angletè, yo rele yo Manb pèmanan Konsèy sekirite a) pa bay dizon yo. Kontradiksyon yo, lit enfliyans yo ki mache men nan men ak lit enterè yo sitou enterè ekonomik yo fè se jwèt mò rèd espas Nasyonzini yo tounen. 

Gewo politik la chanje. Nan kontèks sa, menm lè nou ta di yon peyi, yon vwa, se teyori. Nan pratik koze yo, se pi gwo, pi fò.  Nosyon pi gwo a chita sou: Pwa lame w

fòs zam ou sitou zam nikleyè ki kapab anglouti mond lan trapde/nan yon bat je.  

Se pou sa 5 peyi nou site non yo la genyen tout pouvwa sa. Se vre gen lòt peyi ki genyen zam nikleyè wi: tankou Lend, Pakistan Israël. Peyi sa yo pa gen tout pouvwa 5 yo nan Nasyonzini. Sa k sèten, lòt peyi pa kapab jwe nan bab yo.

Selebre jounen entènasyonal Lavi ak enpòtans li se pote yon pawòl lapè tankou Pap François ak anpil lòt pèsonalite plis Òganizasyon k ap pale pawòl lapè, konsa y ap pale pawòl oavi. Èske se nan dezè y ap preche?

Èske moun ki pou tande yo mete gwo boul koton nan zòrèy yo?

Repons lan se ni youn, ni lòt. Sèlman sa k pou tande epi aji apre yo, pawòl Lapè y’a, pawòl konpasyon an, pawòl lavi y’a poko pou yo. Tout sa yo ye, tout sa ki fè yo sanble ak moun jouk pou yo rive ap toupizi pifò nan nou menm se lè vyolans pi fò, se lè krim yo pi lèd toujou yo kapab egzèse yo.  Rezon, se sou laperèz, entimidasyon ak fòs zam, metòd sal, metòd ki wete “tout Imanite” nan moun yo sèvi. 

Gade atitid yo nan peyi nou pale anwo nan tèks la: Ayiti: yo se mèt gang k ap simaye, k ap distribiye lanmò. Nan Gaza: se yo k ap bay zam yo, k ap gide lame Izrayèl la, k ap bonbade Izrayèl ak konsèy plis lajan.

Kontinan Afrik: se menm konpòtman moun ki pou ta di Ola yo genyen. Yo nouri bandi yo sou tout fòm.

Mete sou sa, otorite sa yo genyen anpil mwayen e yo sèvi ak yo pou toufe  vwa moun k ap pote pawòl lapè, pawòl lavi a. Nou tout konnen mwayen yo. Se masmedya yo. Pifò ladan yo, sitou sa k pi pwisan yo, anba men yo. Zam koripsyon an, ki sibtil ak danjere, se zam yo sèvi pou mete baboukèt nan bouch “les Hommes de Paix et de Vie.”

Sa nou konnen e nou konfyan tou n ap fini pa rache viktwa, paske nan dezè y’a vwa moun k ap pale pawòl lapè a, ki se pawòl lavi a ap genyen pou pete tenpan yo pou chire boul koton an.

 

Viv lapè!

Viv renmen!

Viv lavi!

 

Marcel Poinsard Mondésir 

30/10/2023

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES