Fwon PATRIYOTIK Popilè (FPP) mande pou yon pèsonalite endepandan, san paspouki, konpetan, ki enspire konfyans pran gouvènay pouvwa tranzisyon an

0
222

Fwon PATRIYOTIK Popilè (FPP) konstate plizyè jou apre Premye Minis defakto Aryèl Anri fòse rete nan kanpe lwen, lavi poko ka reprann nan peyi a. Gang kriminèl yo ki te tounen bridsoukou " Viv Ansanm", yon òganizasyon politik, pou dechouke Aryèl Anri, ogmante volim vyolans la nan tout kwen ak rakwen zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Vyolans avèg sa a k ap frape tout sektè nan lavi nasyonal pandan lame meriken ap fè gwo mannèv nan lanmè peyi a pa sanble inosan.

Anachi planifye sa a anndan peyi a melanje ak fason enperyalis meriken ap pote boure pou swadizan ede rezoud kriz la ak soutretans KARIKÒM, fè FPP kwè gen plis volonte pou anvliman sitiyasyon an olye li pèmèt popilasyon an rale yon souf. Konsa, zòt ap pi alèz pou jistifye tèz rasis ki di ayisyen paka antann yo, ayisyen paka dirije tèt yo. Senaryo katastwòf sa a ki reyini vyolans avèg jeneralize ak enpas politik pwograme louvri pòt byen laj bay zwazo bèk fè vin fè " enjerans imanitè".

Nan kalfou danjere sa a, FPP kwè, li enpòtan pou patriyòt ak pwogresis ayisyen leve nivo entèlijans ak konsyans yo pou byen analize moman an. Byen idantifye lènmi ak zanmi, anndan kou deyò peyi a, byen evalye kapasite rezistans popilasyon pou byen chwazi ki kote pou n jouke makout nou. Nan moman an la a, prensipal atant ayisyen alawonnbadè se rekòmanse sikile libelibè nan 4 kwen peyi a pou tout aktivite reprann ak pou tout moun retounen nan katye yo.

Pou sa fèt, zam dwe sispann tire. Vyòl, kidnaping, sasinay ak masak sou popilasyon an dwe kanpe. Toutotan, lapè pa tabli sou tout teritwa peyi a okenn aktivite p ap posib. Se objektif imedya sa a ki ta dwe bousòl tout responsab k ap chache rezoud kriz malouk sila a. Pèmèt lavi reprann nan peyi a gen yon pri. Li p ap ka fèt nan nenpòt kondisyon. Li p ap tolere solisyon politik mafreze ni solisyon sekiritè pèpè enpòze.

Yon solisyon politik ki chita sou fòse ayisyen repase po kann plen foumi nan rebwase majorite sektè ak aktè politik ki gen gwo responsablite nan dezas sila a p ap pote apezman nan sosyete a. Bay dirijan politik patante dirije yon gouvènman tranzisyon kote wòl prensipal li se òganize 2 eleksyon, pa kredib nonplis. Tranzisyon sa a dwe evite tout solisyon kouri pou lapli tonbe nan rivyè, ki ka debouche sou eleksyon/seleksyon bouyi vide.

Nan kalfou istorik sila a, tout swadizan zanmi Ayiti yo dwe konprann nesesite pou kite sosyete a jwenn pèsonalite endepandan, san paspouki, konpetan, ki enspire konfyans pou pran gouvènay pouvwa tranzisyon an. Yon gouvènans non patizan ap gen plis lejitimite, plis otorite moral pou l pale ak tout moun, tout sektè. Li ka pi vit jwenn yon pòz nan men divès pwotagonis yo.

Konsa tou, tout solisyon gwo ponyèt pou abòde kesyon vyolans ka voye peyi a nan plis tyouboum. Twòp san deja koule. Tout debakman teknisyen, polisye oubyen militè etranje nan peyi a dwe fèt sou demand nouvo gouvènman non patizan an ki solisite koutmen pou ekzekite Plan Nasyonal Sekirite ekspè ayisyen yo elabore e ki gen ladann diferan apwòch sou kouman pasifye peyi a. Pwoblèm sekirite a, se pwoblèm nasyon an, se pwoblèm ayisyen. Nouvo gouvènman an dwe devlope anpil entèlijans, kreyativite ak imajinasyon pou jwenn angranmoun kouman retabli lapè rapidman nan peyi a.

Lapè p ap rekoumanse boujonnen nan peyi a si sosyete a pa pran yon seri angajman pwofon pou atake pwoblèm vyolans la nan rasin istorik ak sosyal li. Youn ladan yo se mete anplas rapidman mekanism pou chache verite sou tout move zak, tout krim san, tout krim finansye ki lakòz gwo dezolasyon. Sosyete a dwe konnen ki rezon ki pouse bann jenn gason ak jenn fanm sa yo pran zam kont sosyete a? Ki sektè, ki moun ki fè yo jwenn zam ak bal sila yo? Nan ki peyi etranje yo soti? Kijan zam sa a yo fè travèse fwontyè, pase ladwann? Verite sila yo dwe mennen jistis, reparasyon ak padon ekitab pou rekonsilye sosyete a ak tèt li.

Anpil gwo espesyalis montre relasyon ki genyen ant lamizè ak vyolans, sitou nan peyi isit. Gouvènman tranzisyon k ap soti nan chita pale ant ayisyen yo, dwe bay tèt li kapasite pou mennen gwo batay kont koripsyon ak gaspiyay pou jwenn resous nesesè pou adrese pwoblèm grangou, mizè ak chomaj k ap ravaje majorite popilasyon an. Chantye yo anpil, tan an kout. Youn nan chantye enpòtan k ap ede sosyete a ranmase eskanp li, se òganizasyon konferans nasyonal la. Pèp ayisyen dwe rekoumanse pale ak tèt li, gade figi l nan glas. Gade kote l soti, kote l rive jodi a ak kote li vle ale? Se yon terapi enpòtan pou chase tout twomatism sosyete a andire depi evènman 12 Janvye 2010 yo rive sou diferan masak yo. Tout demach sila yo ak lòt ankò ki ranmase prensipal revandikasyon popilasyon an enskri yo nan pèspektiv pou atake 3 nan peryòd tranzisyon an 2 pwoblèm fondamantal: sòti nan depandans total kapital parapò ak entènasyonal la epi chanje Leta pèpè, Leta restavèk la kote prensipal wòl li se anpeche pèp ayisyen patisipe nan lavi ak lavni peyi a.

Pou FPP, moman an difisil anpil, li charye anpil doulè, men rezistans ak detèminasyon pèp ayisyen pèmèt li tounen yon opòtinite pou Ayiti koupe fache ak jan mafya entènasyonal ak lokal t ap mennen peyi a. Batay la paka kanpe. Sosyete a dwe rete veyatif pou evite fòs reyaksyonè rebwase menm aktè yo pou asire kontinuite sistèm nan.

ABA SOLISYON POLITIK ENPOZE!

ABA OKIPASYON MILITÈ ETRANJE!

VIV YON GOUVÈNANS NON PATIZAN !

VIV YON SOLISYON AYISYÈN!

Pòtoprens, 26 Mas 2024

Pou Fwon Patriyotik Popilè:

 

Camille Chalmers

 Jean William Jeanty

Sabine Manigat

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES