Pozisyon Kowalisyon ayisyen Kanada kont diktati ann Ayiti sou konjonti a

0
614

Nou menm nan kowalisyon an ki se siyatè akò 30 dawout 2021 an (Montana) nou gen anpil preyokipasyon sou jan entènasyonal la ap enpoze aktè ayisyen règ jwèt pa yo nan mete sou pye yon tranzisyon kontinuite. Nou menm nou rete makònen ak prensip tranzisyon koupe fache a akò 30 dawout la t ap voye monte. Tranzisyon koupe fache a gen yon seri prensip ak makfabrik fondamantal ki karakterize l. Prensip tankou reprann dwa grandèt majè peyi a ki pa ka nan okenn machanday. Kenbe granmounite a vle di voye jete tout fòm okipasyon. CARICOM ki sanse jwe wòl mitan jwèt, sanble atravè ajisman l, yon aktè politik enterese ki ap aji selon ajennda pisans k ap domine peyi a ansanm ak politisyen epi òganizasyon politik restavèk li yo anndan peyi a. Nan lojik sa a, yo enpoze okipasyon transnasyonal kòm kondisyon pou tabli tranzisyon an. Sa pa mache ditou ak konviksyon epi prensip nou.

Yon tranzisyon koupe fache dwe parèt klè kou dlo kòk depi nan chwa moun k ap ladan l. Nan sans sa a nou rete kwè PHTK ak alye l yo pa gen plas nan okenn gouvènman tranzisyon ki vize repran dwa grandèt majè peyi a epi tabli kondisyon pou pèp ayisyen an viv nan lapè ak diyite. Se rejim sa a ki mete nou nan katchouboumbe nou ye la, nan objektif pou demantle depi nan ze tout inisyativ ak mobilizasyon popilè nan peyi a ki egzije pou chanje sistèm nan. Pawòl popilè chavire chodyè a se ekspresyon klè volonte ak detèminasyon pèp ayisyen pou tabli yon lòt modèl sosyete. Kidonk, moun ak òganizasyon « bandi legal » PHTK ak alye l yo ki jwenn sipò « kominote entènasyonal » la, se yo menm pandan plis pase yon deseni ki responsab sityasyon kawotik ak latèrè jodi a. Pèp ayisyen an rele anmwey se ase. PHTK ak alye l yo sou lobedyans Core group (Etazini, Lafrans, Kanada…) pa ka fin kreye kawo, kreye pwoblèm yo, epi pou yo nan chèche solisyon. Yo ap mete dife epi se yo ki ponpye ankò.

Sa fè 13 lane rejim PHTK a sou pouvwa epi ap benefisye benediksyon peyi Core Group yo (an patikilye Etazini, Lafrans ak Kanada), pèp ayisyen pa janm rate okazyon pou voye moun sa yo jete nan poubèl listwa pou krim finansye, masak, kòripsyon ak tout move zak yo komèt kont pèp la. Yon tranzisyon koupe fache mande moun ak òganizasyon ki pa gen grenn zanno kay òfèv, ki pa enplike nan okenn move zak, dwòg, krim finansye, kidnapin, asasina; moun lajistis peyi a oubyen entènasyonal pa t janm kondane. Yon tranzisyon koupe fache dwe gen moun ki pa sou okenn sanksyon nasyonal oswa entènasyonal, moun ki pa t janm mare sosis yo ak rejim kriminèl PHTK epi ki pa janm sèvi enterè peyi etranje. Sa vle di tranzisyon sa a bezwen sèlman moun ak òganizasyon ki entèg, kredib, onèt, patriyòt, djanm, konpetan e ki ap mete enterè Ayiti avan tout bagay. Se nan sans sa a, nou gen anpil preyokipasyon sou prezans Montana nan kolèj prezidansyel CARICOM mete sou pye a paske inisyativ CARICOM nan pa reponn ak okenn demach koupe fache vre. Dapre nou objektif la se fini ak tout inisyativ ayisyen pou peyi a jwenn souverènte tèt li epi anpeche Ayiti pote yon solisyon ayisyen epi granmoun ak kriz yo kreye nan peyi a.

Nou konstate tout mannigans CARICOM ap egzekite nan non patwon l yo kontrè ak tout prensip fondalnatal tranzisyon koupe fache a. Tout sa k ap manniganse la a reponn ak objetik peyi k ap toupizi Ayiti yo pou renouvle ak ranfòse rejim PHTK ak alye l yo ki reponn tankou tchoul ak pwojè peyi k ap domine Ayiti yo. Anplis, se yon galimatcha pou kontinye ak ranfòse depandans ak dominasyon peyi a. Aksepte bagay sa a se vann dwa grandèt majè peyi a bay lagrandyab. Jan Montana te di l lan pwogram inisyal li a, Ayiti bezwen yon tranzisyon koupe fache Ayisyen ak Ayisyèn deside an granmoun. Se yon tranzisyon ki dwe pou pi piti kreye kondisyon pou degansterize peyi a nan tout kouti li (ekonomik ak politik sitou), rapatriye granmounite peyi a nan òganize bon jan eleksyon san dikta peyi etranje ni oligachi lokal la. Tout tranzisyon koupe fache dwe parèt klè pou pèp ayisyen an depi nan chwa moun ak òganizasyon k ap patisipe ladan l yo. Tranzisyon sa a dwe kreye kondisyon pou moun viv nan lapè, nan diyite epi jete baz pou moun viv tankou moun, baz pou sitwayen ak sitwayèn yo wè ak fè politik yon lòt jan nan peyi a epi kreye kondisyon pou pwosè fèt sou tout krim finansye ak masak ki fèt kont pèp ayisyen an.

Tout demach CARICOM nan kontrè ak pwojè sa a. E nan sans sa a nou kwè akò 30 dawout la dwe lanse yon pwosesis kominikasyon pèmanan pou esplike tout òganizasyon siyatè yo ak pèp ayisyen an an jeneral sa k ap manniganse. Lè nou konstate sa k ap fèt la kontrè ak pwojè tranzisyon koupe a, sa ban ou gwo enkyetid. Avan pi ta pi tris, nou rete kwè nan kafou nou ye la a tout vrè patriyòt ak òganizasyon pwogresis yo gen yon responsabilite istorik ak etik pou rasanble epi ini nan yon fwon initè pou anpeche peyi a pran nan yon katchouboumbe ki pral renouvle PHTK ak alye l yo epi demantibile tout inisyativ demokratik ak popilè. Nou dwe makònen fòs nou an granmoun pou ateri pwojè tranzisyon koupe fache a. Se yon randevou nou genyen ak listwa a, an nou reponn prezan epi asime responsabilite nou.

Ayiti avan tout bagay ! Viv Ayiti granmoun ! Viv lit pèp ayisyen an! Moun k ap batay pa mouri !

Pou otantifikasyon :

Alain Saint-Victor

Walner Osna

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES