Mil pa distans zewo, yon nouvo liv Wilkens Scott Fifi ak Gregphile ekri

Wilkens Scott Fifi ki se yon powèt ayisyen k ap viv lòtbò, li fèt potoprens nan ane 1986 ki se jiris ak aktivis litrè vini ak yon nouvo liv li ke se « mil pa distans zewo » an kolaborasyon ak yon lòt powèt yo rele Gregphile de bout tonton sa yo tanmè pwezi nan ti liv sa, yo mawonen grenn zye nou ak lanmou epi mangoumen sou nou nan lò. « Mil Pa Distans Zewo ». Wilkens ScottFifi ak Gregphile se de powèt ki Anmè Souf yo ak Liv yo "Mil Pa Distans Zewo" pote lanmou.

Nan mond literè, yon nouvo zetwal ap klere nan syèl pwezi  a e vini  avèk  yon kolaborasyon de de powèt sa yo e vini ansanm ak yon liv sòti nan enpòt ki rele "Mil Pa   Zewo." Gregphile ak Wilkens Scott Fifi de vwa inik e kaptivan, antre nan kominote literè a ak yon talan ki dekri sans kontanporen nou an,   natif natal Ayiti, Wilkens Scott Fifi  leve sou tandans pwezi kreyatif epi reyèl. Li ekri ak yon fason ki se yon tantaran ekspresif, ki kaptire zanmi e avèti. Liv li, "Mil Pa Distans Zewo", se yon eksplorasyon pwofon nan emosyon ak reyalite moun yo Pou Wilkens Scott Fifi, tit lan "Mil Pa Distans Zewo" se plis pase yon tèm literè. Li se yon envitasyon pou lektè yo plonje nan pwofondè manman nati a, kote moun yo, byenke lwen, tou pre a. Pou pawòl, chak vès, montre moun ki li lòtbò lanmè a

Zo! M kwè w zo

Se pa kounya a zo kwabosal pèdi kwasenbo l Pou kounya kwabosal tèt anba sou kwalakwa 

Yon espas pouri / lavi kouri dezabite

Andedan kè vil la / vil yo bay Leta bout teren

Chak katye ap pote kwa bosal pa yo

Peyi a yon rivyè dlo sal nan seren lapli

Epi lanmò ri  ( Wilkens Scott Fifi)

 

Liv la ap vivan ak imajinatif, pòte lektè a nan yon vwayaj emosyonèl atravè mond Wilkens Fifi. Pwezantasyon sansasyonèl ki tèm yo ak etil nan pwen de vi pèsonèl chak moun konbine ak yon sòti imajinatif, fè "Mil Pa Distans Zewo" yon mizèb inoubliyab.

 

Gregphile  avèk «Mil Pa Distans Zewo» pa sèlman etabli tèt li kòm yon fòs nan pwezi, men tou kòm yon vwa pwomèt nan tèm kreyatif li. Atik sa a rann homaj nan kreyativite ak pwofondè nan travay yon powèt nouvo ki pral kontinye briye nan lavni literè a.

tèt vil la pa la kalamite se refren en dous en cho dola pa dòlote goud nan pwen akolad franklen ak ipolit dozado souri wòz se fa sou tèt dyòl poupe se nan zo kòt grandèt zanfan isit  M aprann detèmine andirans lamizè figi bisantnè nwaye nan mekòp sa pa ra... ( Gregphile)

Mo li yo pati nan foli

 Wilkens Scott Fifi ak Gregphile nan liv yo a, yo mete an bèl limyè sou konesans ak entèkoneksyon atravè koperasyon ak kreyativite, ki se kle, Mil Pa Distans Zewo a. E yo montre ke liv powèm sa se yon sansasyonèl kolaborasyon ki montre enpòtans kolektivite ak idantite nan kreyasyon. Nan liv la, Wilkens Scott Fifi ak Gregphile mete an avantaj sa Mil Pa Distans Zewo.

 

Godson Moulite

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

6 COMMENTAIRES