Bwa mare, syèl bèl

Bwa mare, zetwal file, plastik bèbèl, zèl ravèt, anlè dwat nan tèt syèl. Jilèt zwing voye ale rale bèl bwas, bwase file, fil mòl tout fè yon sèl. Bwa mare plastik mete bèbèl nèt al kole. Deskripsyon sa yo pote lizay yon kreyasyon nou leve jwenn. Listwa sou orijin ak nan ki moman presi li chita nan kilti nou rete, jouk jounen jodi a, yon deba k ap bouyi. Ipotèz ki plis popilè a remonte listwa evansyon li nan 3000 lan avan Jezi Kris, nan zòn mwayen oryan, li eksplike se yon zouti Ansyen yo te konn itilize pou voye siyal lè yo nan yon distans ki pa pre.

Zouti sila, ki chare tout yon tradisyon jouk jounnen jodi a pote non “Kap” nan lang ayisyen an. Kap anlè, syèl bèl tout moun ta fè l, si w pa konn monte pou w fè koule, rale monte, pran l nan ke fè lapatèt byen rèd pou l ka fè apik ale anlè, anlè nèt, w ap santi w manke yon pa pou mete w pi pre jenerasyon w. Lide pou ede tradisyon sila kenbe mande yon bon rale mennen vini nan eseye detaye kèk aspè pozitif koze Kap la pote. Eske kap rete yon zouti enpotan toujou? Kouman nou ka konprann evolisyon oubyen degradasyon tradisyon nan peyi Ayiti? Pou lanse nan chimen sa, nou ape gade sezon Kap la ak je nou fikse byen dwat sou eleman sosyolojik, edikasyonèl ak ekonomik li pote nan djakout li. Anplis pou n pase pi douvan sou kèk modèl Kap ki egziste ak tout mesaj yo chare.

Kap, istwa jwèt tradisyonèl ki te alamòd depi kanaval rive jouk rara. Tout rit tanbou,  di rabòday,  di maskawon lafrik ginen tout mele, tout koulè yo melanje. Kap la bèl pase sa w pa konnen. Kap nan epòk rara se plis pou lwès peyi a. Tout depatman yo pa kenbe men ak tradisyon sa nan menm peryòd nan ane a. Tankou nan nòdwès, se epòk vakans moun monte kap, pi presi nan mwa jen pou rive fen mwa dawout. Gen lòt kwen peyi a tou se janvye, mwa sila se mwa youn nan pi gwo festival sou koze kap tou. Solèy mèt cho yo,  li mèt ap boule, timoun kou granmoun rete nèt ale pou y ap file kap. Voye l ale koule pou tout katye rele anmwe gad yon grandou, gade yon bèl kap papye fen, gade yon bèl zèv. Pou nèg ki pa renmen fè kap, ki pa konn fè l oubyen ki pa ka monte rete ap gade jan youn lòt ap fè flann tout kalite. Tankou flann de (2) tèt pou yo wè si yo ka  koule yon lòt. Sa montre nan zafè plezi kap gen pou je gen pou lespri. Kap bèl!

Depi nan konsepsyon kap la gentan gen yon jewometri ki taye banda nan tèt sila k ap fè l la. Tankou yon enjenyè plan an gentan nan tèt oubyen sou papye depi avan menm kreyatè a koumanse pran fil pou mare bwa yo. Egzèsis sa deja yon bon pratik pou ede timoun kou granmoun fè lespri yo travay, kreye ak bon ekilib san fòs kote pou ede zèv yo rete anlè nan syèl. Soti nan kreyasyon an pou rive nan akonplisman an, fè kap la pote distraksyon ak aprantisaj, sitou lè moun yo ap fè lespri yo mache pou yo pote yon fòm inik, yon melanj koulè pèsonn potko ta ka imajine. Pou ale pi lwen, nou ka desann depi nan egzèsis ale chèche bwa pou reyalize kap la, san konte egzèsis fizik nan mache oubyen kouri sou chimen an, li pote yon rapò ant sila k ap al koupe bwa  ak anviwonman li. Se yon konesans anplis sou itilite pye bwa nan anviwonman. Sèlman, fasèt sa mande lòt touch edikasyonèl pou fè moun yo konprann sekrè a chita nan plante pye bwa yo tou, konsa sezon kap pap ka pote ratman sou loksijèn nou bezwen pou n respire. Pale sou edikasyon ak fòmasyon sa pote de sans, youn ki chita bò kote pi gran yo epi yon lòt ki mache ak sa n ka rele yon otofòmasyon. Pou premye bò a, gen obligasyon bò kote pi gran yo pou ede tchovi yo konprann enpotans kap la ak tout sezon li yo. Travay sila ka fèt yon fason endividyèl, menmjan li t ap enpotan pou lekòl yo tou antre pati sa nan pwogram yo lè sezon an pre rive. Nan lòt bò a, li bobo ak nivo imajinasyon timoun yo nan fason y ap konpile lide pou pote touch orijinal pa yo nan chak kreyasyon. Nan menm lide a, gen lòt atelye ki ka fèt pou ankadre lòt timoun ak granmoun ki renmen ak anvi jwi moman an tou.

Kap bwa mare plastik mete zèl bèl, ke l lapatèt, li anlè l ap fè bèbèl nan tèt syèl lap bat a pik jouk poul rive jwenn sa k nan syèl. Kap bèl, bèbèl, kap papye fen, kap plastik kap, 2 bwa kap, 3 bwa depil mare li anlè plastik monte. Kap Platonnen san mele, pou kap pa pote manje fòk ou pa ta gen nan poch. Tout moun sou de (2) ran anriyan, moman manje kwit pa gen mèt. Mwen pote alimèt, lòt la ap pote bwapen ak chapon. Tèt kole, anpil men chay pa lou, se yon egzèsis viv ansanm san parèy. Nan moman sa yo lontan se te bèl epòk, nan monte kap pa konn gen granmoun ni timoun. Se tout yon kominote ki ap pataje menm koneksyon an, gen aktè yo, epi espektatè yo tou. Nan pati aktè yo nou jwenn sila k ap monte kap yo, yo de (2) konn pa menm kote epi youn ap bat pou koule pa lòt la, se bèl konpetisyon. Se pa konptisyon pou simen deziyon men se pito pou kreye bèlte. Nan bò kote pa espektatè yo nou jwenn sila ki ap suiv sèn lan, je yo pa kite syèl, k ap rele anmwe viktwa lè pati pa yo fè yon bèl bwas. Sa te konn fè gen plis kominikasyon ant moun yo. Timoun ki fè tout ane a dèyè gwo baryè, se tann sezon kap pou w wè yo anwo do kay yo oubyen sou yon tèt mòn. Moun kore moun. Lòt kote nou ka gade nan pratik kap la, se kesyon orè a. Bèl randevou konn kase kote tout moun ki enterese ap tann lè rive pou yo al gade syèl la k ap resevwa flè ak bèl lin ki soti depi sou latè beni. Jounen jodi a, n ap mande kote timoun k ap viv anfans yo tout bon tankou n ka mande tou kote tèt mòn yo. Lavi devan dèyè, pa etone se sou youtube ak lòt rezo sosyal yon timoun monte lè li bezwen gade kap k ap monte.

Jilèt Chandra, Jilèt Bouyi, Fil Sire, Fil Layilonn, Fil Sak, Bwa Bebel, Bwa Chevalye, Sizo. Machann Fil, Machann Plastik, Manchann Bwa, Manchan Lanmidon, Machan twal, tout kanpe sou piwèt yo nan sezon kap. Se moman pou yo vann detay ak sila ki bezwen ale voye pwòp kap pa yo anlè. Se pa sèlman machann sa yo ki konn fè lajan nan moman an, genyen atizan yo tou. Nan kèk vil tankou Pòtoprens, Okap ake Jakmèl atizan yo fè kap mete la pou vann. Se pa ti bèl, achte youn se achte yon zèv atistik wòdpòte. Nan zafè Kap gen pou pote kichòy nan pòch tou.

Gen plizyè fòm kap ki egziste, se pa pou Ayiti sèlman, men se atravè tout mond lan. Nan pati sa a nou ap fè konesans ak kat (4) modèl kap Ayisyen konn fè. 

 

1- Kap 5 bwa

 Pou reyalize li moun ki ap nou itilize triyang rektang, yon moun k ap gade ka wè kare tou, sa depann de jan ou vire kap la.  Kap 5 bwa X epi travèse yon bwa nan mitan l tankou yon kwa anplis li yon bwa nan mitan monte anwo pou fè lapatèt la. Toujou imitasyon mwatye lalin lan pou fè sèvo kap la ki se lapatèt kap la. Modèl sa se li ki pi popilè, li fèt pi fasil ak pi rapid tou. Kap 5 bwa ki prezante nan travay sa pa gen plastik sou li. Sa ede nou wè detay yo pi byen tou. Li poko kouvri ak pwoteje, se yon kap ki fenk fèt. Yon kap 5 bwa, yon kap ki mare avèk fil ki pa twò lou epi ki genyen papye fen sou li.

 

2- Kap MARASA

 Nap gade nan kap marasa nou genyen 2 X yo. 2 X yo ki se 4 bwa epi yon bwa travèse nan mitan ki fè 5 bwa, li fèt ak 6 bwa. Se 6 bwa tipikalman ki fè kap sa , si nap gade nan Shape yo n ap wè yon pakèt triyang. Triyang sou tout fòm. Modèl sila prezante detay san konplèks pou fòm jewometrik yo ka tou parèt. Teknik matematik lan avèk atistik ki genyen nan Dizay yo fèt avèk papye fen epi monte yon fason tou pou pwoteje pou van pa pete papye fen yo.

 

3- Kap H 

se ak 5 bwa li fèt tou. Kounya la ou gen 2 bwa paralèl, yon bwa ki travèse nan mitan, yon bwa ki rete nan mitan ki pral fè lapatèt epi bwa transvèsal la ki fè mwatye lalin lan. Premye kout je li bay resanblans kap 5 bwa oubyen 3 bwa a. Sa se manman koze pou montre nan zafè kap 5 bwa a gen plizyè fason ou ka fè li. Men anpil moun sèlman abitye ak kap 5 bwa kote bwa a travèse nan mitan an, nou gen X, bwa la*+patèt la ki nan mitan epi travèse. Nou ka wè rektang nou ka triyang ladann. Modèl sa fèt yon ti jan pi senp pou kap la parèt pi senp nan estrikti l, jan l dwe ye a ak sa l vle di a.. Lè w ap gade w ap wè jan l fèt la. Si w ap gade bò jòn ak mov lan wap wè liy H la. Nan bò wouj ak jòn lan ankò gen bò H la. Se yon kap ki trè senp, lapatèt kap sa fèt sou menm estanda kap 5 bwa, yo fèt menm jan.

 

4- Kap V 5 bwa

se toujou 5 bwa ki fè kap V a, lè n di kap 5 bwa, anpil fwa nou wè yon kap ki mare ak yon X epi ki gen yon bwa ki pase nan mitan l. Poutan, kap V sa li menm li genyen 2 bwa nan mitan yo, 2 bwa baz yo ki vin fè V a ki kòmanse anba li ale anlè epi li yon bwa ki travèse l ki ka fènl tounen. Li toujou genyen menm fòm lapatèt la, men li pa toujou monte menm an ake lòt. Pou monte l ou konn pa bezwen. Menm nan sitiyasyon yon moun ap itilize ke pou li, ke a fèt diferan. Nan kap 5 bwa se mare fil agoch fil adwat pou fè lapake a avek moso twal oubyen avèk fil la.  Kap V a li menm ou sèlman mete yon fil nan mitan 2 bwa yo ki fè baz kap la ki se 2 bwa anba yo.

Kap la rele kap V, kidonk se fòmil triyang ak rektang ki aplike pou fè dizay yo ak pou mete papye fen yo. Aprè pou kouvri ak plastik pou pwoteje l, yon fason lè van an twòp pou l pa pete. Rapidman kòman li fèt, se ak 5 bwa, ou mare 2 premye bwa yo anba tankou w ap fè yon V. Se tankou w met bwa atè ou mete de pwent bwa yo anba epi ou ouvè anlè a epi w gon bwa ki travèsel ki vin fè yon A tèt anba.

Bèl fè bèbèl tou natirèlman. Se pa syèl la sèlman ki bèl lè bwa mare ak lanmou epi estetisite, men se tout yon gwoup lespri k ap byen meble, yon jenerasyon k ap aprann ak yon kominote tout moun jwenn. Sezon kap fin pèdi lizay li, pa etone gen sila ki ka twouve yo twò eklere pou yo nan kenbe fil kap. Se komsi kesyon sa pase mòd, fyète pa ka chita la ankò. Yon lojik konsa se byen konte mal kalkile paske gen patikilarite kou estrikti ki toujou kenbe tradisyon kap la nan nivo yo kapab. Kreye aktivite pou pote tradisyon sa sou fòm festival ak  lòt fòm ekspozisyon, fè li vin yon zèv za. Sa ki ranfòse, malgre tout bagay, enpòtans kesyon Kap la nan peyi a kou nan letranje. Gen sa ki fèt deja konsa tou gen lòt pa ki dwe fèt pou kenbe nannan tradisyon an nan imajinè ayisyen an. Kap yon zouti pou pran plezi, kreye, viv ansanm, aprann ak fè lajan tou ka yon moniman tou, si nou konsidere nan ki nivo lespri imen an gen kapasite pou kreye.

 

Godson Moulite  sou direksyon Tètpwav SOLÈY  ak Wolken J. CASIMIR

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES