Yon sou zoum sou « Archives nationales d’Haïti »

(Premye pati)

Se sou prezidan Fabre Nicolas Geffrard nan dat 20 out 1860, «Archives nationales d’Haïti» t apral wè jou.

Bò kote Sena aysyen an (ki pran nesans an 1806), Archives nationales d’Haïti (1860) se yonn nan pi ansyen enstitisyon peyi a ki egziste toujou.

20 out 2022, «Archives nationales d’Haïti» pral fete 162 ane egzistans li. Ògàn etatik sila ta dwe yonn nan pi gwo gadyen patrimwàn peyi nou an, men sitou patrimwàn idantitè nou. Nou ka pran egzanp: si yon etidyan, chèchè, elèv oubyen nenpòt patikilye ta vle verifye dat nesans yon ansyen prezidan, ansyen minis, senatè oubyen manman ak papa yon chèf Leta ki te dirije peyi a an 188o yo, li t ap fasil. Jis ale nan achiv Archives Nationales oubyen monte sou sit enstitisyon an. Èske biwo Leta sila rive konsève jan de dokiman sila yo? Li fasil pou nou reponn kesyon sa. Jis f on pase nan biwo Archives Nationales gen toupre Belè a. N ap konprann nan ki nivo moun k ap dirije enstitisyon sila byen vag nan sa ki gen pou wè ak sovgade dokiman presye yon pèp anndan yon enstitisyon ki pote 162 rekòt kafe sou tèt li. Lòt eleman enpòtan pou nou konsidere. «Archives nationales» se sèl enstitisyon Leta moun ki direktè jeneral li a ap dirije li depi sou Jean-Claude Duvalier (1984). Rete nan tèt yon enstitisyon Leta pandan 38 lane... Se yon gwo rekò nan yon kote djòb Leta se chèz ejektab, jodi m te wè w, rale kò w ban m mete pa m. Lè yon moun gen chans fè tout tan sa nan yon enstitisyon, se ta dwe yon bèl avantaj pou enstitisyon sila. Kounye a, an nou poze kèk kesyon:

  • Èske «Archives nationales» gen yon biwo estanda kote tout dokiman ka byen konsève?
  • Èske Responsab « Archives nationales » yo konnen sa k ap pase nan lokal ki toupre Belè a?
  • Nan ki nivo dokiman sa yo ye anndan biwo ki toupre Belè a, yon zòn Leta pa ka mete pwent pye li?
  • Èske «Archives nationales» la rive nimerize achiv ki sou kont «Archives nationales d’Haïti?»

Kesyon sa yo nou lanse yo nan lanati,petèt. Yo ka rive jwenn «Archives nationales» tou. Men nou sèten, anpil nan moun k ap li tèks sa ka deja jwenn repons yo. Kijan? Jis vizite biwo «Archives Nationales» ki toupre Belè a. Pou zafè nimerizasyon dokiman yo, nou ka vizite sit «Archives Nationales» pou nou wè ak de nawè nou. Men sit la: www.archivesnationales.gouv.ht

Annatandan, yonn nan paj Facebook nou te vizite se: «Archives nationales d’Haïti» gen 14 710 moun k ap suiv li (jis nan mwa mas 2022), dènye piblikasyon nou wè sou li a pote dat 14 fevriye 2016. Se te yon piblikasyon sou Karavàn Chanjman. Sa pouse nou poze de (2) kesyon: Èske Hayti pa ta dwe fè yon transfòmasyon total nan administrasyon piblik la? Èske yon moun ki pa ka limen yon òdinatè (alewè pou li ta kreye yon imel) ta dwe  pran tèt nenpòt enstitisyon nan peyi a? 

Gen yon lòt paj Facebook nou vizite ki gen 2 892 k ap suiv li. Dènye piblikasyon sou paj sa fèt 19 janvye 2022. Ladan, «Archives nationales d'Haïti» fè konnen li gen yon patenarya ak dLOC epi University of Glasgow ki ki pèmèt yo te òganize de (2) jounen fòmasyon sou nimerizasyon pou teknisyen Archives Nationales d’Haïti (ANH) ak Musée du Panthéon national haïtien (MUPANAH.) Selon sa nou li sou paj Facebook la, inisyativ sa rantre nan kad yon pwojè 2 enstitisyon yo (ANH ak MUPANAH) genyen pou rive nimerize achiv ki ra ak presye MUPANAH rive rekipere ak soutyen FIDA, Conseil international des archives, Fondation Prince Klaus ak British Library.

Sa gen 4 ane, an 2018, direktè jeneral «Archives nationales d'Haïti» a, Mesye Jean Wilfrid Bertrand te anonse yon nouvo lokal pou enstitisyon an. Batiman sa t ap koute 80 milyon dola ameriken.

Observatoire Patrimoine egzije Leta haytien pran tout dispozisyon nesè pou pwoteje, konsève epi valorize an ijans tout achiv peyi a. Dosye sa yo konsène idantite tout yon pèp ki te goumen pou bay nou bout tè sa. Yon sosyete ki pran tèt li oserye pa ka kite lapli ap mouye dokiman li. Ni li p ap kite solèy chifonnen achiv li. «Archives nationales d’Haïti» fè pati de memwa peyi a. Pou fini, n ap prete pwòp pawòl «Archives nationales d’Haïti» ki klèwonnen: «Yon bon achivaj se kle pou yon bon gouvènans.»

 

Iléus Papillon

observatoirepatrimoine.ht@gmail.com

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES