Solèy achte lèsepase douvanjou ak yon souri tou nèf pou parafe lespwa nan tout kwenzerakwen latè. Fò m di nou byen, mwen te chita devan galri grann mwen an ki fasafas, bab pou bab, nen ak bouch ak gran chimen an, mwen chita, an bon chèlbèdèk, bòzò kouwè m nanpwen, m ap keyi bonjou ki soti nan sekous kè machann latanyen, machann rapadou, machann pen baka, machann tabak, machann kann, machann bannann, machann lam, machann zo... Machann sila yo soti jouk dèyè mòn, lwen, lwen, lwen, lwen kote lonbrit solèy la tere. Sa fè soupi yo ak fòs yo swe avan yo rive nan sèlpòt mache Dipi e m aprann chak jou machann sila yo al vann nan lòt mache, y al bouske lavi pasi pala, yo pa bay pyès zotobre a babin regle anyen pou yo.
Kote m chita a mwen pa brase kò m menm, jekwazandye m anfouye nan piyèt yo, nan anvi viv yo apatrid mele ak asasen san fwa ni lwa ap mennase depi digdantan. Grann mwen rele m, mande m pote kafetyè a pou li bò kizin nan, m fè sa, li ban m yon gwo gode kafe ak 5 pen baka pou m bloke grangou nan pasaj. Kafe grann mwen w a gou pa w! Mwen lage 3 gout atè. Mwen bwè jouk tan mwen rasazye. Mwen di grann mwen mèsi an souriyan epi mwen monte al chanje bèt yo plas nan mòn nan pou Matant mwen, apresa m desann al benyen PastonTal. Lè m rive, mwen pa benyen. Se pa salòp m salòp non ni se pa dlo a ki frèt pou m ta di m pè fredi. Mesyedam nou pa mande m kont se mwen ki chwazi rakonte nou. Bò dlo a gen yon latriye bèl toutrèl, madan sara, tchit, tòt, kolobri, kolasòt... k ap pawaze, valkande sou tout pyebwa k ap simaye frechè yo. Pandan mwen pral wete rad pou m al voye dlo sou mwen, savonnen kò m tètopye, foubi po m byen foubi wete kras, gen yon gwo jenn bway, moun nan kanton an toujou ap rele Tibwadis Tèt glasi. Miche wè zwazo yo ap chante, boloze, pawaze sou zèl van an, sou pyebwa yo. Li pa fè ni de ni twa li pase men l atè a, li pran 2 wòch pou l pete fal yon bèl toutrèl ki poze sou gwo pye sabilye ki nan tèt dlo a. Mwenmenm ki pa vle malè ki pandje a tonbe sou tèt miche, mwen di l sa grann mwen toujou renmen di m chak jou a << Plante pyebwa pou zwazo yo poze, pa kraze nich yo, pa touye yo, kite yo banbile jan yo pito, lè yo pito nan peyi a>> Miche pa pete ban m santi. Li pa gade si m chen, si m kretyen. Mwen wont ak tout konsèy mwen an. Mwen oblije kloure je m, kite bonnanj mwen swiv pou m wè jan sa ap fini. Enben, sa te fini mal. Miche fè sa pou l voye wòch la, ni wòch la, ni limenm rete rèd tankou estati nan repozwa kay gwo zouzoun. Mwen tande toutrèl la k ap di << Ki kote w soti lapès, tè ki pou trete w>> on bat je, sezisman m wotè katedral, mwen boutonnen kòlèt chemiz mwen rapidvit epi mwen di pye m sa m manje m pa ba w, mwen met van nan vwèl mwen. Mwen pa kanpe ni pou pè ni pou pap. M al ateri jouk lakay mwen.
Mwen mete grann mwen chita, mwen rakonte l sa ki rive a. Se yon gandèt ki genyen anpil ladrès. Li la depi benmbo, tan bann machwè, lè tikonmkonm t ap goumen ak berejenn. Li met yon ti sèl fen nan yon kiyè ak yon ti luil frèt, li ban m bwè pou efase tras malè a anndan m. Lè l fini, li mete m chita pou l rakonte m, sa grann li te rakonte l ki te rive Papa Tibwadis Tèt glasi. Fò m di nou sa, lè grann mwen ap rakonte m liswa a, ni lè, ni dat tout te kraze fè farinay nan memwa l. Sèl sa grann mwen te sonje di m se te nan kòmansman mwa avril, sezon lapli te apenn koumanse simaye tranch kontantman bay kilvatè.
Kalibous Magoyo, Papa Tibwadis Tèt glasi se yon nonm ki te parese pase chen plenn nan Gayibo. Li p ap leve lou, li p ap leve lejè e li pa fèt nan fanmi pye bèf, fanmi zèl kodenn, fanmi gran don. Li pa chire silabè ni Timalis pou l ta konn A nan fèy malanga e tout rèv li se pou l milyonè, gen bèl kay ak 17 machin ane resan nan paking. Li pa janm vle al aprann metye pou l fè lajan, pou l okipe Tibwadis Tèt glasi ak Madanm li. Tout lasent jounen Magoyo pito al fè tchoul, al fè retavèk kay yon ansyen depite nan bouk la, pou l jwenn rès lasi bab. Se konsa li chwazi viv ak karaktè l anba pye l, tounen l plwaye nan pòch li.
Yon jou li wè kote depite a sere 50 bwat zam ak bal pou l jwenn bay nan baz pou trouble nanm peyi a, pou lage moun ki fèb yo nan kouri, nan dòmi nan lari, sou plas piblik... Enben miche pran 3 bwat zam ak bal l al sere lakay li. Li sere yo nan yon chanm madanm nan ak Tibwadis pa twò frekante.
Miche di madan m li mwa sa a p ap pase pou l pa milyonè. Madan m nan gaga lakontantman li di <<N ap resi chanje kay, achte machin pou nou jwenn flannen nan tout bouk la, fè gwo biznis>> detwa kesyon monte chita nan bwat sonje madanm nan, puiske l konnen s on gwo parese ni devan ni Letènèl li gen nan men l. Li mande l kote w ap jwenn tout lajan sa yo ? W ap genyen nan lotri ? Miche pa moun, li pa bwa. Madanm nan tou kloure machwè l sou koze sila a, li pa reve ankò.
Jou ale. Jou vini. Jou sapata jou. Jou touye jou. Kalibous leve yon jou, li soti byen bòzò, valiz sou do. Li di Madanm li, li soti, li ka rantre, konsa tou li ka pa janm rantre. Madanm nan plenn, tristès fè tikodin sou vizaj li on sèlkou, regrètman sasinen konsyans li, lanmou l nofraje. Miche lase bòt li. Li pati pou Grann Savann. Li mache. Li mache. Li mache. Li kwaze ak yon pòv malerèz. Li rape kwiy pòv malerèz la, li kwaze l an miyèt mòso epi l ale. Pòv malerèz la kriye, deran dlo, deran larim. Avan l rive Gran Savann, je l tonbe sou Granmèt la k ap kontwole yon babako, yon voum lajan, lajan ki pa rete ak lajan. Lajan fè moukmouk. Lanbisyon l gentan plen ra bouch pou lajan Granmèt la, zizye l bat. Li rale 38 li, li brake sou granmèt la, nan tèt pa l se yon grandèt san ladrès, yon kannannan dèyè manman. Li tire yon bal nan tèt Granmèt la pow! Granmèt la ki pa konsa konsa, ki pa senp. Li tounen lafimen, li bouche je nonm nan epi l flanke l 3 kout kachfrèt. Li fè Magoyo tounen yon bourik. Li wete vye djanni ki te nan valiz miche pote a. Li mete tout lajan l yo, ladan l. Li moute ti bourik la pou l fè lawout. Apre detwa ti galòp, l al sote sou pòv malerèz la k ap kriye toujou pou kwiy penitans lan, Kalibous Magoyo te kraze a. Granmèt la plonje tout antye nan soufrans pòv malerèz la. Li di <<M ap prete w bourik sa a pa janm kite l san sèvi, si w p ap sèvi avè l prete yon moun li>>. Li kontan, li siye je l, li di Granmèt la mèsi. Li pran bourik la. Granmèt la anbrase l. Epi yo chak fè wout pa yo.
Pòv malerèz la rive nan kounouk li te bati ak bwa pwa kongo a, tikay wakle a. Li mare ti bourik la nan piyon kay la. Li rantre al kouche, lannuit te gentan ap jakase. Solèy te gentan ap wonfle vyèydat. Nan mitan nuit la, apèn minui ap sonnen, li tande ti bourik la ap vomi. Sansiblite l gentan toutouni kri pou soufrans ti bourik la. Li kouri soti ak yon bokit, lè l rive, li wè se lajan. Lajan. Lajan vèt tankou fèy pwawo. Li pantan. Li kontan. Li ranmase lajan pa pil mete nan bokit. Bourik la vomi lajan tankou se djab. Bokit la plen lajan. Malerèz la swe nan kontwole lajan. Lè l fini li rantre kouche, pou l al dòmi ankò. M p ap kache di nou, madanm nan janbe sèlpòt la ak yon lòt siyati nan batistè l, tach pòv malerèz la soti sou do l atò, li p ap mande moun ankò. Li g on lòt tach tou nèf ki monte sou do l. Li kouche pou dòmi pran l mennen l al kalinda nan fon kè bèl rèv.
Demen bonè bonè. Li peye bòs. Rasanble peyizan fè konbit. Nan detwa kat semèn li bati yon gwo kay andal beton nan zòn nan. Li parafe listwa zòn nan tètopye. Li se premye moun ki gen kay andal beton nan lokalite a. Li se premye moun ki gen machin nan zòn nan. Lakou l bare an blòk. L ap woule machin mezon. Li pran sèvant travay avè l. Li vwayaje peyi l pito. Machwèl vin won. Madan m bèl pase kenèp mwa jiyè. Madan nan anfòm. Li vin yon chouchou pou tout katye a. Yo rele l Madanm Kemwazi. Yon ti pikan pa ka pike l devan je moun zòn lan. Li souvan prete yo bourik la, pou yo dega yo, pou yo fè piwèt yo. Fò m di nou sa se bay Madam Kemwazi sèl bourik la vomi lajan.
Yon jou tankou jodi a Granmèt la soti anndan vant pyebwa kote li abite a pou l al wè madanm Kemwazi. Lè l rive. Li frape baryè a. Madanm Kemwazi mande ki moun sa. Granmèt la di <<ou pa konnen mwen, se yon ti dlo m swaf, m frape pou m mande w li silvouplè>>. Madanm Kemwazi voye youn nan sèvant yo al louvri baryè a pou Granmèt la ka rantre. Madanm lan ofri Granmèt la chèz, sèvant lan menm al pran dlo a. Granmèt la chita. Madanm rantre al fè Sèvant lan kouvri dlo a ak pi bèl napon li genyen an, mete l nan pi bèl gode li abitye bwè a. M p ap bliye di nou sa bouch granmèt la te plen maleng, plen pij ap koule. Li vin sonde mounite madanm Kemwazi tou. Lè sèvant lan ap lonje dlo a ba li. Li kouri pran yon vye kwiy kraze nan djakout padispite li, pou l vide dlo a. Madanm Kemwazi di<< non non non papa m nan! Grandèt mwen, ou mèt bwè ladan l, se ladan l mwen bwè tou, nou youn pa plis ni mwens, nou egal devan Bondye, devan Ginen...pa fatige lespri w>> Granmèt la bwè a an souriyan.
Avan Granmèt la ale. Li di << Ban m poze yon kesyon bèl madanm, kote bourik m te fè w kado a, li toujou la?>> Madanm nan pantan. Madanm lan kontan. Li pa t sonje vizaj mèt bourik la. Madanm Kemwazi di <<wi, li toujou la>> chalè kontantman Madanm Kemwazi rive jwenn Granmèt la. Granmèt la anbrase l pou montre l jan l kontan tou. Granmèt la voye al chache bourik la mennen ba li. Lè l vini. Li fè bourik la vomi on bokit lajan. Li pase bourik la 3 kachfrèt. Bourik la tounen Kalibous Magoyo, Papa Tibwadis Tèt glasi. Granmèt la bay Kalibous on pake lajan, li kite rès la pou Madanm lan. Madanm Kemwazi sezi lè li wè se mesye ki te kraze kwiy li a ki te bourik la. Kalibous wont madanm lan, li mete tèt li atè. Wont resi kenbe nen l atò. Grandèt la di konsa << Lè w pa genyen pou w bay pòv la, ou pa kraze kwiy li tande pitit gason m. Mwen vle w konnen tout sa w fè w ap peye l sou latè. Ale, gonfle venn ou pou w travay pou w manje yon moso pen, se pa san frè ak sè w pou w fè koule pou w pran sa yo posede >>. Yo kondi Kalibous mete devan baryè a pou l al lakay li.
Avan Granmèt la tounen lafimen. Madanm Kemwazi fè manje pou li. Gwo temos ji ragagann, li bwè jouk li soule. Li dòmi. Madanm nan ranmase tout mo santibon nan kaye sitwonèl fè Granmèt la kado.
Lè Kalibous Magoyo rive, se rèl anmwe li jwenn ki plake nan tout fetay kay la ap tann li. Li gen en nan ak yon jou depi yo pa wè l. Yo pa konn ki kote l fè. Yo pèdi yon chapit nan listwa l. Yo pa konn kiyès pou yo mande pou li. Li vini ak wonte l sou bra l. Li pa jwenn Madanm li. Se vwazinaj k ap rakonte l kouman antèman Madanm li pase. Miche sezi ankò. Sa fè l fou ap mache nan tout rakwen, tou sal, jouk li mouri. Depi lè a Tibwadis lage nan Savann nan, li grandi tankou chwal. Li pa tande wadèvè moun ki pale ak li. Sa fè yo ajoute Tèt glasi dèyè non l kòm siyati.
Mezanmi listwa sa a mwen rakonte nou an, se gran grann mwen ki te rakonte grann mwen li. Grann mwen limenm ki pa vle lavi m koule ak ma, ki pa vle rèv mwen tonbe nan katchouboumbe menm jan ak Magoyo, Papa Tibwadis Tèt glasi. Li mete m chita, li rakonte m li. Mwenmenm m ki renmen nou, ki vle nou mache sou chimen prentan san fè fo pa, mwen pote listwa a san manke mòso ban nou, pa fè chich ak li, rakonte l tout kote nou pase.
Liv : Anba je flè (Pwezi/Kont) Finalis Prix International de l'invention poétique 2026, Matinik.
Pou Grann Lismèn Charit
MALABA Pitit Plim
Ekriven, Lodyansè, Womansye, Kontè, Komedyen, Powèt… Otè 9 liv. Prezidan Salon international du livre et des arts contemporains. PDG Éditions Papye9. Prezidan Prix International De Poésie Contemporaine.
