Omnispò

MJSAC lanse konpetisyon nasyonal espòtif inivèsitè an kolaborasyon ak UNESCO

Apati 21 septanm pou rive 18 novanm 2025, sou tout teritwa nasyonal la, Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC), nan tèt kole ak Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO), Komite Olenpik Ayisyen (COH), Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), ansanm ak Federasyon Ayisyen Espò Inivèsitè (FEHSU), ap òganize Konpetisyon Nasyonal Espòtif Inivèsitè.

Objektif prensipal inisyativ sa a se dekouvri nouvo talan pandan y ap mete aksan sou espò kòm zouti pou devlopman ak lapè. Tèm ofisyèl konpetisyon an se:

“Espò zouti pou devlopman ak lapè” (Le sport au service du développement et de la paix).

Nan kad preparatif yo, Minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivik, Niola Lynn S. D. Octavius, te fè yon reyinyon travay avèk Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Ayiti (PNH). Li te akonpaye pa Nathan Laguerre, direktè jeneral ministè a, ansanm ak reprezantan UNESCO an Ayiti. Rankont sa a te vize planifikasyon sou tout aspè sekirite pou bon jan dewoulman evènman an.

Minis Octavius salye angajman UNESCO ansanm ak tout lòt enstitisyon patnè yo ki pran inisyativ pou mete sou pye gwo konpetisyon espòtif sa, ki se yon fason pou fè pwomosyon devlopman, lapè ak inite.

Konpetisyon an ap gen ladan l:

Foutbòl

Baskètbòl

Echèk

Anplis, nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Inivèsitè ki ap fèt 20 septanm, yon maraton pou lapè ap òganize. Pandan tout dire konpetisyon an, ap gen tou aktivite atistik, sesyon sansibilizasyon sou lapè, sitwayènte, egalite fanm ak gason, ak pwomosyon enklizyon sosyal.

Pou pi byen prepare evènman an, tout enstans ki konsène yo deja fè yon vizit nan Pak Sainte Thérèse, youn nan sit ki pral resevwa konpetisyon yo.

 

Gérald Bordes

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES