YON PEYI K AP KOURI DÈYÈ SOLÈY

Lè mwen di Hayti ap kouri dèyè solèy, mwen vle montre nou peyi nou an se tankou yon nonm gigit li pran nan zip. Li pa ka ni monte zip la ni desann li. Li oblije rete la ap vire an won. Fè je glè je li vire lanvè tankou yon entatad epi priyè pou li wè si yon pwochen ka vin ede li. Men danje ki gen koze sa a: nonm nan pa ka kite nenpòt moun vin touche pati entim li. Mete sou sa, se sèlman moun janjòl li pran nan zip la ki pou ki opsyon k ap pi bon. Èske se monte oubyen desann. De tout fason, li oblije poze yon aksyon.

Ilistrasyon sa ede nou prezante twa (3) labirent (malèpandye) ki pann sou tèt peyi nou:

 

1. Li klè, moun k ap dirije la yo(an oktòb 2022) yo pa gen misyon fè anyen pou chanje kondisyon sosyal egzistans mas yo(nou wè sa deja, anyen pa enterese yo: dlo, elektrisite, rechèch syantifik, agrikilti, sante, kominikasyon, asirans, anplwa, kreyasyon antrepriz... S on ekip moun ki di tèt yo pito yo lèd yo la). Poudayè, olye yo panse amelyore kondisyon lavi moun, plan yo se ogmante nan soufrans pèp la nan ogmante pri gaz pandan Leta a te ka ranmase menm kantite lajan li bezwen yo, plis menm, nan retire franchiz dwanyè nan men mafya yo, mete kontwòl nan ladwann, mare tout sankoutcha k ap fè kontrebann, kanpe koze konsil onorè-komèse k ap antre voum machandiz sou do konsila peyi etranje yo). Leta konnen chaje lajan k ap bwase la, men se sèl sibvansyon pèp la benefisye a li twouve ki twò lou pou kès Leta. Kidonk, se yon Leta kont pèp. E toujou gen yon ekip moun san sansibilite, san imanite(mounite), san etik, san vègòy ki toujou pare fè djòb sal sa: kofre pèp la, mete popilasyon an sou djak pou trangle li, fè li rann flim jouk li trepase.

 

2. Anpil nan moun k ap chofe pou ranplase aryennafè ki la yo se yon dal figi ki te la deja ki pa te regle anyen(dayè se enkapasite ak mank vizyon sa ki pase yo menm ak konpòtman chenchennen sa ki la yo jodi a ki lakoz nou plonje nan sitiyasyon malouk sa jodi a. Se yon peyi ki gen kapasite resikle demeplè, parese, inyoran al atoufè. Ekip la te la, li pa re regle anyen, lè li pèdi pouvwa, li tonbe kriye tankou tibebe ki bezwen tete. Li bliye si li te la san li pa te fè anyen.

 

3. Yon fòs etranje(kesevwa sivil oubyen militè), li p ap janm nan avantaj nou paske:

 

A. Fòs etranje pa gen objektif transfòme peyi a(yo la deja depi 1915. Nou vin pi mal. Mete sou sa, etranje p ap menm pèdi tan retounen fizikman paske yo gen espyon, timoun yo isit deja ki pi byen plase pou fè travay labou a.) Nou pran egzanp: gouvènman haytien vote kont Venezyela san gouvènman sa pa konnen poukisa. Blan mande li vote, se fini. Menm si vòt la kont enterè Hayti. E kounye a, se menm Etazini sa ki te fè Hayti mode gwo pous li a jodi a k al mande Venezyela achte gaz. Tablo sonm sa montre diplomasi nou an s on briganday, yon ekip zonbi k ap mache nan festen ak fouk pantalon yo chire jouk anba. Menm Etazini ri nou jwèt suisuidè sila.

 

B. Y ap vin sipòte menm mòd òganizasyon sosyopolitik ak ekonomik santi kri a(kidonk, kontinye fè popilasyon an bwè dlo santi) atravè eleksyon grenn soulye kote se kandida ki fè plis alejans ak blan, sa ki pi dosil la, sa ki gen plis twou nan manch lan, se li y ap chwazi(nou te wè ak ki fasilite blan te fè nou vale Michel Joseph MARTELLY alyas Swit miki sou Mirlande Hyppolite MANIGAT. Se toujou sa blan ka plis manipile a se li k ap pran lamayòl jis pou kache peche yo.

 

C. Nou sonje MINUSTAH te nan peyi a(yo pase plis pase 10 zan. Yo pa menm rive kite yon polis modèn. Poudayè, yo ale ak tout ekipman ki te ka pèmèt omwen polis la te ka reponn a kèk kesyon bandi poze. Nou pa bliye Commission Intérimaire pour la Reconstruction d'Haïti (CIRH) tou kote plis pase 9 milya dola ameriken fonn tankou bè. Alòske se yon ansyen prezidan ameriken ki te nan tèt Komisyon fantom sa. Gen moun ki te panse Hayti t apral f on pa an avan. Ebaw!

 

D. Se reprezantan Nasyonzini menm, Madam Lalime ki fè konnen kreyasyon federasyon gang yo redwi nan vyolans nan peyi a). Deklarasyon sa mete tout ipokrizi Nasyonzini deyò. Nan ki peyi pou reprezantan Nasyonzini ta ka fè yon enpètinans konsa?

Boutofen, apre tout konsiderasyon sa yo, li klè, ni moun k ap dirije la yo, ni ansyen ki t ap dirije deja kounye a k ap chofe sou ban pou vin monte teren an ankò ni kominote entènasyonal la, yo tout gen menm misyon an: kenbe Hayti nan mizè ak povrete. kokoratize peyi a.

Soti nan twouying (enpas) sa se pa yon egzèsis fasil ditou sitou lè nou konnen sèvo anpil nan popilasyon an deja frare (bouyi) ak yon modèl edikasyon pye kout pran devan. Yon edikasyon ki fè pèp la danse, chante epi fredone mizè li. Rebwè sa li fin vomi. Yo kondisyone pèp la pou li pa menm ka revòlte. Yo fè li aksepte tout betiz.

Ki sa nou dwe fè nan kafou tenten sa?

Solisyon an se ta va jwenn yon ekip moun eklere, avize, fòme, patriyòt nan nanm ki ka gade blan nan je, ki p ap tranble pou etranje ak avantaj pèqonja epi ki pare pou mete enterè Hayti devan, ki ka pote yon vizyon chanje peyi, ki ka pran desizyon nan non ak enterè peyi a malgre blan ta ka fache.

Si se nan enterè Hayti, nou dwe pare pou nou gen rapò ak nenpòt peyi sou latè. Se pa paske yon peyi grand pisans pa danse kole ak yon peyi ki fè Hayti dwe otomatikman mete peyi sa nan kanpe lwen tou. Non. Si nan kesyon gaz, teknoloji, sante, lojman, inivèsite, agrikilti, bank devlòpman, amenajman teritwa ak lòt domèn se tèl peyi ki nan avantaj nou, nou dwe etabli rapò ak li nan enterè Hayti san menm konsilte yon pisans etranje paske yo menm lè pou defann enterè peyi yo, yo pa konn bezwen pwendvi Hayti. Nou dwe ale nan sans enterè Hayti. Menm si ta gen bouch gonfle. Zafè. Poudayè yo p ap fè anyen pou nou.

Hayti bezwen moun ki pa kyè ni pè si yon peyi ta koupe viza yo oubyen menase depòte pitit ak fanmi yo.

Sonje, desizyon pou devlope Hayti tout bon p ap janm fè blan plezi. Depi nou wè blan ap sipòte yon ekip sou pouvwa nou mèt kwè ekip sa p ap regle anyen pou peyi nou an.

Desizyon pou fè Hayti pran chimen pwogrè se Haytien ki dwe pran li. Nou dwe sispann pran lòd nan men anbasad. Nou ka pa gen gran teritwa men nou gen yon bèl istwa. Nou ka enspire de istwa nou pou ranmase karaktè nou ki fin pèdi koulè nan resvwa grenn diri, balon, 3 bis, vye bokit, kèk palto. Nou dwe kòmanse aprann wont.

Se vre nou nan chenn toujou la, men nou sèten n ap jwenn yon chimen pou nou soti nan katchouboumbe nou ye depi lontan sa.

 

 

Iléus PAPILLON

Sosyològ

5 oktòb 2022

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES