Konbit Òganizasyon nasyonalis yo pou byennèt Ayiti

0
218

(KONBA)

Plizyè Òganizasyon peyizan nan 10 depatman peyi a, mete ak plizyè òganizasyon popilè plis kèk pèsonalite ki sansib sou kesyon Souverènte, Pwodiksyon nasyonal, Otodetèminasyon ak Desantralizasyon, pran angajman pou fonde kowalisyon sa a ki rele Konbit Òganizasyon Nasyonalis yo pou Byennèt Ayiti (KONBA). Kowalisyon an kwè se nan yon Gran Konbit Tèt Ansanm ant Ayisyen n ap rive defann dwa grandèt majè peyi a e se Pwodiksyon Nasyonal la k ap ede n rekipere veritab souverènte a.

Se ak gwo lapenn Konbit Òganizasyon Nasyonalis yo pou Byennèt Ayiti konstate move direksyon elit yo bay peyi a depi aprè lanmò papa Nasyon an, Anperè Jan Jak Desalin. Yon direksyon ki pa janm pran an kontentèrè mas popilè yo ak peyizan yo. KONBA kwè moman an rive pou n pran yon lòt wout ak peyi a pou tout moun jwenn posibilite pou jwi ti moso byennèt, sitou sektè peyizan an ak katye popilè yo ki toujou jwe wòl viktim nan sèn trajiko-komedi aktè politik ak ekonomik yo kreye nan peyi a.

Malerezman, nan premye mwatye ane 2024 sa a, elit politik ak ekonomik yo, yon lòt fwa ankò, rete avèg, soud akbèbè devan soufrans konpatriyòt ayisyen yo k ap viktim anba bal, kidnapin, vòl, vyòl elatriye. Gwoup bandi asyeje preske tout kote nan Potoprens ak pretèks revolisyon. Yon bon pati nan teritwa depatman Latibonit sou kontwòl yo. Gwoup bandi ak sipò lidè politik ap boujonnen nan anpil lòt depatman ak komin nan peyi a. Sa ki mete Ayiti nan yon gwo kriz imanitè san parèy. Plizyè milye moun deplase kite kay yo san sekou, plizyè milye lòt pa jwenn dlo ak nouriti, medikaman preske pa disponib sou teritwa nasyonal la, anpil peyizan ak abitan nan katye popilè yo pedi tè yo ak kay yo. Tout sa yo rive anba je konplis Aktè Entènasyonal yo.

Gwo kriz ensekirite sa a ki pran anplè nan twa dènye ane sa yo frape ak fòs sektè peyizan an. Majorite pwodiksyon agrikòl yo gaspiye akòz wout ki bloke, nan yon kontèks kote Leta te deja abandone seksyon kominal yo ki pa gen wout, ki pa gen lekòl, ki pa gen sant sante, pandan Leta ap gagote lajan FNE bay ti zanmi. Aktyèlman ankò, nan anpil komin nan peyi a, bandi ap dechouke tè peyizan yo, vole betay peyizan yo ak konplisite enstitisyon Leta a. Konbit Òganizasyon Nasyonalis yo pou Byennèt Ayiti ap lanse yon apèl bay sektè politik, sèktè ekonomik ak tout pèp ayisyen an pou di ASE. Moman an rive pou Leta sispann betize sou zafè desantralizasyon an. Moman an

rive pou Leta sispann monte chodyè a sou do peyizan ak katye popilè yo, epi separe manje a ant gran manjè. Se pou sa menm KONBA pran Ak sou nominasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon 9 tèt la, an menm tan, KONBA ap egzije nouvo dirijan Leta yo pou :

1. Ekipe Lame ak Lapolis pou rezoud ensekirite a ak debloke wout komèsyal yo rapid ;

2. Founi je gade pou estope konpòtman tout lidè politik, tout jij, tout polisye ak tout Meri ki nan konplisite ak gwoup gang nan dechouke tè peyizan ak vole bètay peyizan yo ;

3. Monte yon KEP ki pa mare nan tab okenn pati politik pou mennen peyi a nan Eleksyon lib, transparan, onèt ak demokratik ;

4. Pran angajman nan nouvo Bidjè a pou akonpanye peyizan yo nan pwojè Konbit tankou kanal Wanament la pou wouze plis tè nan peyi a (Kanal yo pa dwe kanpe, Konbit yo ap kontinye) ;

5. Kreye pi bon kondisyon travay pou anseyan ak pwofesè, yon mannyè pou pitit pèp la ka jwenn bon jan levasyon ;

6. Diminye privilèj ak liks gwo potanta nan Leta a pou soulaje moun ki pi vilnerab yo ak avantaj sosyal.

Konbit Òganizasyon Nasyonalis yo pou Byennèt Ayiti ap tann Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nan Tribinal pèp la. Se pral yon gran Kafou istorik si yo pa antann bay pèp la sèvis kòm sa dwa.

 

                                                         Òganizasyon ki siyen Siyati

 

     Non ak  Siyati                                                                   Òganizasyon Syèj Sosyal

1 - Sèvitè Fanfan ETIENNE   Konbit Peyizan Agrikòl pou Devlope Ayiti (KONPADA) Gonayiv

2 –Paulson HOMEUS     REMANBRE Wanament

3-  Roseline VOLMAR Òganizasyon Fanm Poto Mitan Pòlèt, Nòdès

4 –René DOMINIQUE      Platfòm Nasyonal Antant Popil  (PLANAP)  Delmas

5-  Jean Robert LAMITIER Asosiyasyon Peyizan Titwou Petite-trou de Nippes

6- Wilson PITIT-DO KASEK Seksyon Foulon, Komin Sent-Sizàn

7- Williams RENOIS Mouvman Plantè Grandans Dam-Mari

8 – Prosper CHERIBIN Asosiyasyon Plantè Mapou Baie de Henne

9- Jules DUROSEAU Vwa Peyizan Akin

10-  Maykel Mathieu Vibration Rara Wanament

11- Jose DANIEL KOJELA (Konbit Jèn Lidè Ayisyen) Pòtoprens

12-Chrisler PIERRE LOUIS Organisation pour le Développement de Souvenance et ses environs (ODSE) Souvnans (Gonayiv)

13-  Zacharie REMARQUE  TANDEL Jakmel

14 - Belony JEAN KORESMA (Konbit pou Rebati Sen-Michel Latalay) Sen-Michel

15- Patrick PRINCIVIL Organisation Active pour le Developpement de Petite Anse ( OADEP)

Petite Anse

16- Phenel JOSEPH Konbit pou Rebati Sèka-Kavajal, Sèka-Kavajal

17-Jimpson MENEIDE Regroupement des Professionnels de l Éducation pour l Apui Pédagogique et la Formation de Qualité (PREFAQUAP) Okap

18-Ronald PIERRE Société de Production Agricole pour le Développement Communautaire (SOPADEC) Grand-Bassin

19-Destin LAFRANCE Centre d Encadrement et de Liaisons (CEL) Saint Louis du Nord

20-Prosper CHERIBIN Asosiyasyon Plantè Mòtèt Baie de Henne

21-Harry ETIENNE KONBIT (Kolektif Òganizasyon Nasyonalis yo Pou Byennèt Inivèsèl ak Total) Okap

22- Henry-Claude LORISCA Konbit pou Rebati Lakay (KOREL) Sen-Rafayèl

23-Michel ALIN Secteur Progressiste et Humaniste du Nord-Est (SPHNE) Terye-Wouj

24-Ocilien DEVALCIN Kòdonatè depatmantal KONPADA branch Nò Okap

25-Wivasky CHARLES Association des Jeunes pour le Développement  de Grand-

Giles Granrivyè

26- Olens DUPRÉ Association des Jeunes de la Gonave Pointe à Raquette

 27- Emmanuel CIRCÉE Regroupement des Visionaires pour l Emergence de ONA-Ville

28- Alex MEXIL KORELI (Konbit pou Rebati Limonad) Limonad

29- Kerlange PRINCIVIL Kolektif Fanm pou Chanjman (KOFACH) Wanament

30- Ricard PIERRE Vwa Nòdès Trou du Nord

31- Justin FRANCOIS Gwoupman Peyizan Nòdwès Saint-Louis du Nord

32-Ellissaint MICHEL Kan Pèp (KP) Limonade, Nord

33-Elifète FLEURIZARD Òganizasyon Peyizan Bwadlans pou Devlòpman (OPBD) Bwadlans,

Limonad

34- Rosemond VAL Combite pour l Avancement de Fort Saint Michel (CAF) Okap

35- Ylex JULIEN AZAKA RARA Petite-Anse

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES