Kara sole m

Mwen tonbe damou tout fenèt ki louvri sou lès

Mwen rayi tout limyè ki mal imite w

Mwen aprivwaze riban tout komèt

Mache tèt anlè

Fè reklam pou ti pantan

Pile fantezi

Pantan sou lakilbit

Pou mwen gade w sèlman

K ap klere

Yon bèl pye bwa ki pouse sou kò m

Sou tèt lawonte

Douvanjou endispoze

Lawouze tonbe

Kara w se sole m

 

Oralus Christ-Falin

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES