Jo-J chante "Mwen wè w" pou eksprime yon lanmou ra

Si pou Molyè, youn nan gran klasik fransè yo te di lanmou s on elan ki soti nan kè ebyen pou Kònèy, menm jenerasyon dramatij la te di nan yon pyès li, lanmou avèg. Pandan anpil moun ap remete tèt yo an kesyon sou fason yo dwe renmen, pandan plizyè atis ap chante kè brize, Jo-J a travè premye EP li a ki soti 31 Oktòb la, fè nou kado yon mizik pou n reflechi sou yon lanmou ra.

Lanmou sa s on lanmou ki pa inikman kanpe sou jetèm mwa osi men ki eksele nivo mounite patnè a. Lanmou sa, s on lanmou ki penmèt ou gade epi konprann patnè a menm nan pwofondè feblès li. Òdinèman, tout moun ap chèche moun pafè, moun ki sanpousan bon. Atis la chante :"Mwen wè w, lwen je lòt ki pase tan ape jije w yo" jis pou l rasire patnè li a, li gen kontwòl tout bagay. Li konnen kisa l pè tande, li konnen kisa k ap matirize lespri l. Li konnen kijan gen anpil moun k ap pase tan ap fè bully sou li men li menm, li wè li yon lòt kote ki pi lwen pase sa. Li di :"Mwen wè w pi lwen pase sila ki pase tan ap repouse w yo".

Eske atis la rann li kont de sa l ap eksprime a tout bon? Eske l imajine kijan l ap ofri yon mounite eksesif ak yon moun ki près tonbe nan dlo. Yon moun ki petèt san estim oswa san lanmou pwòp. Atis la di : "Mwen wè w paske m pa gade w ak je m men ak kè m". Si m te nan plas moun sa, frison t ap pran m, mwen t ap di Jo-J, kilès ou ye pou w renmen m konsa ? Mwen t ap di :"Cheri ou wè m yon fason mwen pa menm wè tèt mwen".

Moun y ap fawouche a. Moun yo inyore a. Li ta sanble yon andikape. Li ka yon moun ki soti nan ti klas sosyal. Sa ka rive li lèd. Li ka pa konn abiye. Li ka yon moun difòm. Sa ki lesansyèl, patnè ki nan vi li a, renmen l, konprann li epi aksèpte l jan l ye a. Gaston Bachelard te di, m pa ka konprann lòt moun paske yo pa mwen menm. Konprann moun, youn nan pi gwo defi pou n leve pou n rive nan nivo renmen sa atis la ap chante a. Pawolye ki moute mizik la di, li wè pi lwen pase diferans yo. Li wè patnè li a a san jèn ni tout fòm esklizyon paske se lanmou ki sèl relijyon. Li di :"Mwen wè w pa pou sa w manke men pou sa w ka fè". Ou lala!

Byennere tout moun ki jwenn yon lanmou konsa kote yo gendwa pou yo fò epi fèb an menm tan. Karine Pichette di, w ap gen yon bon moun nan vi w, lè w jwenn chans pou w eksprime feblès ou yo tout bon epi moun sa p ap itilize yo pou l parèt fò devan w. Nan ti refren an, atis la konfime patnè a konpreyansyon li epi lanmou li, li di li : "Mwen wè w, m dwe w lanmou, m dwe w respè, m dwe w lavi". Alon lanmou!

 

Oralus Christ-Falin

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES