58 bouji pou Sosyete Koukouy

Idantite k ap pote n nan s on frètkach

Yon demen ki ble depi opa

Yon lòt sans ki pran fòm nan sa n reve

Pinga pèsonn bliye gen yon lang k ap lanmbe foli n

Men ane 1965 pa te konnen si lannuit te gen vwa pa l

Tonton Makout tchake ond lan an miyèt moso

Duvalier ri nan nen

Fòdimanch kale dan l

Yon pil zetwal l ap chache

Fòdimanch foure men l nan yon powèm

Zo melanje ak vyann

Tout sa n pa di se pou listwa

Jan Mapou yon jan mal pou l bliye kout grif selil yo

Twa mwa pèdi davans

Yon epòk loray vale

Nou kriye mezi sa n pa konnen

Jan Tanbou je kreve

Koupe sa

Pataje l

Gen yon nanm ki etenn pou yon lang

Pyè Banbou pase nan yon chalimo

Menm jou yo sezi

Idalina la toujou ap keyi sa l bliye

Lasosyete 

Sonje

Mouvman Kreyòl Ayisyen ap mache toujou ak yon solèy nan plamen l

58 bouji nan vwa l

Yon mizik plengrennen

Yon vwayaj kilti ap mezire

Yon milyon koukouyèt

Yon rado limyè tout koulè

Tout doulè

Tout pou n wè avan lari fè fraz

Mande kouzin Pascale si dans lan mi sou pye

Mezanmi 

Di Sosyete Koukouy pou mwen Depi l tande zetwal yo mi

Gen yon peyi ki pral chante

Pou kontinye klere nan fè nwa...

 

Iléus PAPILLON

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES