3 jou Makaya nan BNE

Biwo nasyonal Etnoloji ap òganize sòti mekredi 20 desanm pou rive vandredi 22 desanm 3 jou Makaya, yon rityèl yo toujou selebre pandan fèt nwèl la nan tradisyon relijyon vodou a.

Rankont, deba sou Makaya ekspozisyon, seyans masay,seyans terapi, seremoni dans Makaya, elatriye se divès aktivite sila yo k’ ap genyen nan 3 jou Makaya Biwo nasyonal Etnoloji ap òganize a pandan 3 jou sòti 20 pou rive 22 desanm 2023. Yon fason pou tout moun konnen aklè kisa selebrasyon sa vle di nan relijyon vodou a.

Pou Erol Josué  direktè Biwo nasyonal Etnoloji a «  Makaya se Yon rityèl ki egziste anndan vodou ayisyen an. » Selon li menm : » vodou ayisyen an gen twa gran rityèl. Ki se rityèl rada, rityèl petwo ak rityèl kongo.Anndan rityèl petwo a gen plizyè sou rityèl menm jan ak rityèl rada gen plizyè sou rityèl. Sou rityèl ki anndan petwo a w ap jwenn w ap jwenn Makaya , w ap jwenn Makanda. W ap jwenn plizyè lòt derive tankou sosyete sekrèt yo ki se chanpwèl, blengendeng, ak bizango. Rityèl Makaya espesyalman yo toujou selebre l’nan peryòd nwèl osinon sa yo rele Sen Nikola ( Saint Nicolas). Se nan moman sa yo rele solis dive ( Soltice d’ hiver) kote vodwuizan pra l sanble fèy avèk dlo.Sa vle Di kote enèji an ou enèji peyi Dayiti li gen pi espesyal se sa yo rele soltis divè a kote jounen yo vi n pi kout e se nan soltis sa a Makaya selebre. 

Fòk nou di tout Makaya se te yon esklav orijin kongolè, li te pitit yon Wa nan peyi Kongo. Vrè non li sete Keyta Kounte Mbaye. Achiv pa bay anyen sou vrè rasin li paske se te yon moun sosyete kolonyal la te depenn kòm yon sòsye, fè l pase pou yon èt malefik. Li te pwopriyete prive yon kolon ki te kouzen ak Normant De Mézy. Makaya se sèl grenn nèg ki pa t pote non mèt blan an.Makaya an sòti nan peyi Kongo. Men pratik selebrasyon rit lan pran nesans aprè asasinay li nan yon boukan dife kolon yo te drese jis paske l te gen don gerizon, li te matwòn, li te vwayajè, li te puisan, li te konn ede esklav yo jwenn liberasyon yo nan yon pratik mistik kote l te konn fè yo pran yon poud ki lage yo nan yon koma total ki te fè yo sanble ak mò reyèl. Aprè antèman esklav sa yo, li te konn ale lannwit detere yo epi ba yo antidòt la pou yo te ka vin lib ak li nan yon montay kote l te al kache pou l viv an pè.

Tout fran Ginen fete Makaya paske se de fèy ak pirifikasyon fèt la pale. Li raple nou sakrifis Makaya te konn fè ak gwo risk li te konn pran pou ede zansèt yo lontan pou yo te viv lib, an sante.

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES