Powèm nasyonal

10
378

Powèm Nasyonal kaye No5 la preche lanmou ak lapè, yon latriye vapè mo melanje ak yon pil pousyè lirik majè ki soti nan kat kwen latè vin blayi tout longè nan jounal Le National, jouk nanchon an rive wè ak je pa yo, yon je kreyòl.

 

" Jodi a Zo bouki bouke

Zotobre ak zomalere bouke

Zotorite pa jwenn okenn zo pou souse

Gen zan depi tout zo n fè poud / zanpoud

Peyi a yon blòk zokokobe / san chè

Pwezi a pran chè pou l di

Zo bouki bouke "

 

(WSF)

Pa janm bliye kaye sila se yon zouti pou devlopman mantal, sosyal. Kaye sa pibliye pou jayi lanmou ak byennèt toupatou sou teritwa nasyonal la ak lòt bò dlo.

Powèm Nasyonal yon inisyativ powèt Wilkens Scott Fifi ak jounalis powèt Godson Moulite, Philippeson Juste (powèt - dizè), Jean Grégory Floriyo (powèt), Stéphanie Boursiquot (powetès) pote pou ou ansannm ak lòt kolabaratè tankou Darwinson Malab'art (Grafis), Tètpwav Solèy (Atis Pent) ak Le National.

 

POWÈM SOSYAL

1-

M danse m layite

M monte desann anba fouk lavi

Nan kwòk janm mati

Avèk raj nan mitan tray

 

M voye reyon doulè dèyè

Epi m vire tounen k on toupi

Se pa de gouye m pa gouye

Anba move tan move van

Van sakad / Van bourad / Van baflad

Van ki pa kanmarad tònad

 

Twòkèt pwoblèm yo tonbe

Pwofitè tanmen ranmase rivyè dlo je

 

Dlo sale tounen dlo digo san ble

Pentire k on tablo syèl

Pou vegle anbelisman je

K ap gade

 

Pommier Juvencia (Juju)

St-Michel de l'Attalaye / Ayiti

 

2-

Ban m pran san m

bay powèm nan bwè

tankou lèt m ap ekri bay rigòl

sou non repozwa n

 

Fent lank wouj k ap koule a

fè tèt woule

k on sèk san gidon

zòn nan zòn / moun nan moun

riyèl ap kouri nan rèl

 

Yon epidemi vil

k ap estènen san

nan jwe kachkach a malèt

emosyon reve dwa met koulè nan langay

Leta drive dwa met doulè sou lang nou

pawòl nou wouj rive nan tout babin

n ap respire anba ti vant

 

Chè n fè plizyè ti kal

epi tounen tapi zam /tapi bòt

rèv nou sou kle nan twou rego

ban m prese ba n goute

yon powèm madichon demi kuit

paske

pita zam / pita bòt

 

Lorskenson Alexandre (Lòs Tizplim)

Leyogàn / Ayiti

 

3-

LESPWA

an penpan

mwen wè yon syèl

tout koulè

kote lapli ap frennen limyè wouj

mwen tande nwa sou blan

vwa timoun yo k ap janbe lari

pou jwe tolalito ak lakansyèl.

 

demen

tout ekran ki souri

pwojte lavi k ap marye

yon peyi

k ap pran souf anndan flè

lè papiyon douvanjou

fè solèy aplodi van lespwa.

 

Obdiel Zidane Dormélus

Salisbury, Maryland / Etazini

 

4-

Nou chita ansanm sou do solèy

Kòmansman maten an chifonnen n

Pataje souf nou / doulè n / limyè n

Nan mitan zam k ap layite soufrans li sou foli n

 

Tout kote

Mwen wè refleksyon w nan je mizè m

Kè ayiti

Se yon tchè nou tout ka pwoteje

 

Menm si chimen lavi a fache

Nou rete moutre youn lòt kouman pou mache

Menm si lari a gen chay

Nou pote yon lòt sou zepòl an nou

 

Nou mete je n ansanm sou yon lavil ak doulè

Kò m se kò w / kè m se kè w / peyi m san nanm

 

An n sove Ayiti !

 

Godson Moulite

Pòtoprens / Ayiti

 

5-

M AP EKRI YON POWÈM BAL

 

M ap ekri yon powèm bal

Yon rafal

Sou lesyèl ki pa paradi.

 

M ap vomi yon powèm bal

Nan wonn nan.

 

Pèp la

L piye / L piye

Alafen l rekolte masak.

 

Depi lè zam pa pot bannvant

Nan pwen bal ki mouri toufe

Lari, yon tonm djòl ouvè

K ap baye sou bout vyann nan van.

 

Dlo je k pou di w bouke flè pa gen drapo

Dlo je k pou di w nan doulè dra blan tire pa gen eskiz

Dlo je k pou di w tout gachèt siyen lavi k tonbe fas ba.

 

Yon lagrèl vè lòsenn

Sou pòv k ap tonbe nan plas povrete

Sou chagren k ap touse moustach li

Sou lafimen sou lafanmi.

M brake yon powèm gwo kalib

Pa ret plas pou lanmè kache.

 

Litainé Laguerre

Pòtoprens / Ayiti

 

POWÈM SANTIMANTAL

1-

Loray gwonde ba n

Kè sote

Jouk n al refijye n anba kabann

Men nan men de je kontre

Kè n fè miyèt mòso

 

File bagèt majik ou

Pou m we si ke m p ap rete

Pase kap voum ou pou m demare

M anvi wè si sansasyon men w

Ka fè kap pawaze nan van

Fè m al pèdi anba touf bwa

Fè m inonde

Jouk dlo desann bwote m ale

Fè w bande de tchatcha nan men m

Ak tòkèt gouyad mwen anvlope anba zesèl

Nan bann Leyogàn ou

 

M tankou yon silabè dore pye atè

Kou yon majòjon

W ap fè m monte lesyèl pa do

 

Pommier Juvencia (Juju)

St-Michel de l'Attalaye / Ayiti

2-

Syèl la ap desann vin chèche

2 mòso priyè mirak nan kòsay ou

nou gentan anndan mòn ap jouke dlo

pote pou kannal

 

Se sou jaden pa w

solèy mwen pi klere

mennen tout ti jou kò w nan limyè a

epi donnen / donnen bo sou po m

donnen ba pou timoun keyi lespwa sou sen w

pi piti yo a pran elan sou sant ou

 

Tout pasyan met linèt

pou gad lalin k ap kobi kò l nan chache jòf

jouk li sou

 

fanm eklips

se pou pye lalin glise

pou ri w ka desann atè isi

 

Lorskenson Alexandre (Lòs Tizplim)

Leyogàn / Ayiti

3-

WOULIBÈ

 

se nan pla men m

gras matine w pran fò m

se la tou m dekouvri

lè pye w louvri

fetay debraye

lonnvi vegle je solèy

lè kò w degoute

latè mache tèt anlè

m jalou lè w pipi atè

 

cheri

ki pye pou m leve

lè w chita sou mwen ?

 

vini non

kite senti w kadanse

glise desann

m ap pran woulib jan w mache

 

Obdiel Zidane Dormélus

Salisbury, Maryland / Etazini

4-

Souf mwen mouri anba zèl mango mi

Lè lapli tonbe sou tèt

Kò m fè pidetwal tanmen lasisin

 

Nan je ou

Mwen wè limyè zetwal ki klere kè m

Chak nuit an janm de bwa

 

Pa kite m sèl sou zile lanmou

Nan pye bwa kay nou

Fè yon tonèl

Kote tchè m va repoze

Pami flè k ap danse bon van

 

An n suiv chimen lanmou ansanm

N ap kite flè yo pale pou nou

Epi tout rèv reyalize

Lè kè n bat nan yon sèl lo

 

Godson Moulite

Pòtoprens / Ayiti

5-

REVE

Jou m a konn konte

M a konte konbyen silab

Ki separe

Ak libète kò

Konbyen awondi

Ki bay chif pwent tete

 

Se jou m a konn konte

M a di w san silabè

M pa regrèt bouton kòsaj pi dous

Pase grenn madjòk

 

Litainé Laguerre

Pòtoprens / Ayiti

 

Prezante pa

Wilkens Scott FIFI

Godson MOULITE

 

KOREKSYON TÈKS

Philippeson JUSTE ( Mapou lib e libè )

Stéphanie BOURSIQUOT

 

INISYATIV

Wilkens Scott FIFI

Godson MOULITE

 

POWÈT PIBLIYE

Pommier Juvencia (Juju)

Lorskenson Alexandre (Lòs Tizplim)

Obdiel Zidane Dormélus

Godson Moulite

Litainé Laguerre

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

10 COMMENTAIRES