Lespri yo te avèti Chalmay Peral

Nan lit pou emansipasyon ayisyen an, sakre yo toujou jwe yon wòl endispansab nan pèmèt sòlda yo gen kwayans envensib pou kanpe bab pou bab ak lenmi an nan lide pou yo genyen batay la. Yo jwenn fòs sinatirèl pou afwonte yo. Yo jwenn mesaj kilè, ki jou, ki dat pou yo sòti. Kidonk sakre yo toujou la pou akonpanye yo. 

 

Se konsa, daprè Listwaryen Michel Soukar, nan emisyon li te gen sou Radyo Metwopòl nan emisyon Le point[1] ak Théodore Wendell. Listwaryen an pa t kache pou li di, Chalmay Peral mouri nan pa koute lespri ki te pale ak li yo. Antanke listwaryen, li konsyan reyalite espas l ap viv la, li pa nye konyensidans yo, li eseye balanse demach li a ant kritik istorik ak kritik temwanyaj pou l pi byen sezi fè listwa yo. 

 

Michel Soukar rakonte, avan Chalmay mouri, li te gen yon okiltis ki te konn travay pou li. Misye fè rele l pou l konnen sa k ap pase nan batay la, paske l te kòmanse bay Blan meriken yo anpil pwoblèm. Menm si yo te arete l yon fwa li te rive sove. Okiltis la te rele Pèd. Lè misye vini, li fè yon kare ak fachin bwa, li  fè Chalmay kanpe anndan l ak yon chandèl nan men li, aprè li di l, ou mèt ale anba lanmè, monte nan syèl, desann sou latè, nenpòt kote w ta ye, w ap mouri. Paske lanmò a kole sou ou. Lanmò a ekri sou ou. Lè Chalmay tande sa, li rale mouchwa li anpi li kriye. Malgre sa li pa t sispann mobilize. Yon sòlda rete yon sòlda. Jan pawòl nouvo a di nan revandikasyon konyeya, sila k ap batay pa mouri. Ann avan ! Jan Samba KEB ta di Chalmay Peral pa mouri…

 

Jan Batist Konze ki te gen pou trayi li, ki se kouzen li, te kòmanse ap plenyen paske lit Kako a pa t regle koze Misye. Piske pou Mesye Kako yo te nouri tèt yo, yo te oblije se bèt peyizan yo yo te konn touye ak dechèpiye jaden yo. Michel Soukar di n, pou Konze jwenn ak tèt Chalmay, li pwopoze l randevou 2 ak 3 fwa pou yo atake Granrivyèdinò, sou denyè fwa a, Chalmay resi dakò. Men anvan li ale, paske Chalmay te sispèk, li gen yon fanm domiken ki te gen zanj nan tèt li, li voye rele l, men plizyè fwa lwa nan tèt fi a di Chalmay pa fè Konze konfyans anpi pa ale nan randevou a. Sou katriyèm randevou a, lè li rele lwa a, se menm repons lan lwa a ba li men misye di fòk li ale kanmenm paske l gentan bay Konze randevou. Lè lwa a tande sa, li di mwen di w non !  Si w ale, ou tou mouri. Piske w ap fè tèt di, w ap ensiste sou sò ki rezève pou ou malgre m pale ou, degaje w fè chwal mwen tounen lakay li pou mwen. Chalmay fè dam nan tounen Repiblik Dominiken. Jan sa sa te ekri nan liv tan mistik la, Chalmay ale nan randevou a anpi yo tou pran misye nan pripri pou yo fizye li. 

 

Nan Listwa pèp ayisyen an, nou toujou jwenn fè mèveye sa yo. Nou gen Desalin ki ta pral mouri yo di ki pa t koute manbo li. Anpil moun ki pa pataje kwayans sa yo kapab di poukisa lespri yo pa t epanye yo lanmò sa a, jan jounalis Wendèll te poze Listwaryen an kesyon an. Petèt yo bliye tou, si yo di w pa ale se deja yon fason pou w evite lanmò a.  Menm si pafwa, si w pa fè tèt di, ou jis pa konnen tou, depi w anamoni ak yo, ak nati a, y ap debake pou epanye w. Pou montre fòs sinatirèl ki te akonpanye vivans Chalmay, Michel Soukar rapòte, jou Chalmay mouri an, moun ki gran yo kapab temwanye sa, nap ki te sou lotèl legliz  peyi li Ench pran dife pou kont li. Chalmay se te yon doge tout bon. Sèlman li te bliye pawòl ki di bòkò ba w pwen li pa di w dòmi nan kafou.

 

Nan peyi Ayiti, chèf ak mistik se pase pran m m ap pase chache w. Si w vle rantre nan won san baton, ou ka pote move nouvèl. Chalmay te dwe koute lespri yo menm jan ak Desalin. Men tout kou, yon jou fòk yo te ale. Nanpwen moun ki vin fè dyèdlatè! Sa ki konte, se noumenm ki dèyè ki pou asire relèv la, pou nanm yo jwenn jistis ak repoze nan lapè tout bon anpi kòmsadwa. Batay pou chak grenn moun konte paske tout moun se moun jan lide Bwakayiman an charye li a…

 

Orso Antonio DORELUS

 

[1] Metropole Tele, L’Historien Michel Soukar, Le point 29/06/21. https://youtu.be/UBSDbHwBnSs

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES