Gathely D. Chery, powèt chèlbèdèk la, depase senp ekriti emosyonèl pou l antre nan yon jeyografi pwofon kote pawòl vin tounen matyè vivan. Otè Karès kreyòl la a pa ekri pwezi pou dekri mond lan : li envante li. Bon nanj li lage nan espas imajinè tankou yon limyè ansyen k ap rapouswiv kotèj papiyon lasenjan, papiyon ki pa senp ensèk, men senbòl pasaj, chanjman, ak fragilite prezans imen an.
Sou zèl van an, pwezi a pran direksyon chimen pwentan an, espas inisiyatik kote lang lan ap benyen nan memwa kolektif ak memwa kò a. Chimen sa a se pa yon chemen lineyè ; li se yon sik, yon retou san rete ant tan dantan ak tan kounye a, ant bann machwè ak vwa jodi a. Se la mo yo fè tikodin, pa tankou bri, men tankou batman kè lang lan ki refize mouri.
Lanati, lakay Gathely D. Chery, pa janm dekoratif. Lodè flè jasmen, choublak, kayimit, flanbwayan fen jen, sitwonèl, bazilik ak amwaz pa sèvi sèlman pou flate sans yo ; yo konstwi yon kosmoloji kreyòl kote sant vin tounen lang, kote lanati batize chimen pwentan an kòm yon sakreman. Chak lodè se yon pawòl ki pa di, chak flè se yon fraz ki pa ekri men ki santi.
Nan espas sa a, vèb la lanbe toutouni. Li pa chèche pwoteksyon, li pa chèche konsansis. Pawòl toutouni sa yo kri, yo fè mal pafwa, men se nan kri sa a pwezi a jwenn jèvrin li, fòs li. Gathely D. Chery pratike yon pwezi dezabiye, kote mo yo pèdi rad retorik yo pou yo ka manyen dirèkteman nwayo emosyon an. Lanmou, isit la, pa ideyalize ; li kadanse, li respire, li pran fòm banda letènite kote tan pa gen pouvwa absoli.
Liv sa a tounen yon terasman literè kote powèt la komèt yon zak kreyasyon ki riske : li fè konfyans pawòl toutouni yo. Se yon pwezi ki pa chèche sedwi fasil, men ki envite lektè a antre nan yon relasyon aktif, reflechi, preske mistik ak tèks la. Se poutèt sa lekti a mande tan, silans, ak abandòn.
Fragman pwezi sa a vin konfime estetik sa a :
Yon ti van soufle sant kò w,
m fèmen je m pou m admire w.
Isit la, van an se pa senp van : li se mwayen revelasyon. Fèmen je a pa refi gade, men chwa pou wè pi fon. Lè powèt la souri pou lavi, pou lanmou, pou jès entim ki kraze distans ant de kò, li montre kijan imaj la ka rete kòm mak pèmanan nan konsyans la :
Ou pa kite okenn espas
pou lajwa kouri kite m.
Se pa prezans lan ki pi fò, men tras li. Se la pwezi Gathely D. Chery vin filozofik : li poze kestyon sou absans, sou memwa, sou fason lanmou kontinye viv menm lè li ale.
Liv pwezi sa a pa senp rasanbleman tèks ; li se yon chimen pwentan kote lektè a oblije mache san soulye, pou l ka santi tè a, sant lan, silans lan. Gathely D. Chery konfime tèt li kòm yon vwa ki fouye pi fon nan posiblite lang kreyòl la, yon powèt ki fè pawòl vin kò, lanati vin memwa, epi pwezi vin yon zak egzistans.
Godson Moulite
