Lansman Selebrasyon Lang ak kilti kreyòl

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) lanse ofisyèlman Mwa lang ak kilti kreyòl pou lane 2022 a . Nan okazyon sila a, prezidan AKA a, Rogéda Dorcé Dorcil,nan diskou li te fè, salye richès literati ayisyen nan ki ekri an kreyòl ki se prèv ki montre aklè kijan kreyòl ayisyen an se yon lang byen vivan.

Pou Rogéda Dorcé Dorcil,lang kreyòl ayisyen an nan lasyans ap vanse. Li di tou,Ayiti se pi gwo kominote kreyolofòn nan monn nan. « Lang kreyòl ayisyen nan lasyans : wi nou ap vanse! »

Se sou mo sa a Akademi kreyòl ayisyen demare selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl pou ane 2022 a. Lang kreyòl ayisyen an ap evolye nan yon sitiyasyon espesyal. Ayiti, se pi gwo kominote kreyolofòn nan monn nan. Lengwis ak espesyalis langaj yo rekonèt kreyòl ayisyen an kòm varyete kreyòl ki gen pi plis travay deskripsyon ki fèt sou li. Jean-Claude Bajeux nan «Moso chwazi pawòl ki ekri an kreyòl Ayisyen (Antilia 1999) » tabli yon lis kozman kreyòl soti sou tèks ki pi ansyen (Lisette quitté la plaine), rive sou kèk ekstrè tèks li rele esè… Li ranmase tout varyete richès nou ka jwenn nan lang kreyòl la : varyete pwodiksyon soti nan aspè oral lang nan (kont, devinèt, istwa chante, pwovèb…) rive nan pwodiksyon literè. Se prèv ki montre aklè kijan kreyòl ayisyen an se yon lang byen vivan, ki ap vanse. Se sèten pa gen tèks nan liv la ki trete diskou fòmèl yo, tankou dokiman administratif, dokiman syantifik, men Bajeux atire atansyon nou sou divès posiblite pwodiksyon nan lang nan.

Richès literati ayisyen ki ekri an kreyòl la, divès kalite travay  rechèch ki fèt an kreyòl osinon sou lang kreyòl, montre kijan lang nan ka rive travèse diferan baryè ki ta ka anpeche li vanse sou chemen lasyans.

 

Prezidan AKA a tou pwofite bay tèm selebrasyon ane sila a. « Lang kreyòl nan lasyans, wi nou ap vanse », se tèm Akademi kreyòl ayisyen (AKA) kenbe pou selebrasyon mwa oktòb 2022 a, mwa lang ak kilti kreyòl la.  Se pa san ezitasyon akademisyen yo chwazi tèm nan. Anpil moun konsidere genyen bon kou chemen pou lang kreyòl la rapousuiv toujou anvan li ka chita nèt pou li trete kesyon lasyans. Kidonk, santi genyen anpil defi pou lang nan leve anvan pou li layite vre nan lasyans.

Poutan, lè nou konsidere sa lasyans ye, lè nou konnen lang nan se yon senp zouti, yon enstriman pou kèlkilanswa moun, nan kelkilanswa domèn espètiz, sèvi pou yo di sa yo viv, sa yo obsève, Akademi kreyòl ayisyen twouve se nesesè pou li atire atansyon kominote a sou kapasite lang kreyòl la tou pou li fè lasyans. Se yon fason tou pou AKA ankouraje tout moun, tout kreyolofòn, tout kalite espè, nan kèlkeswa domèn, pou yo pote kole pou yo mete lang nan  nan bouch lasyans, fòse lasyans pale kreyòl. Se sèten, sistèm lekòl la nan peyi a ap genyen yon gwo wòl pou li kontinye ranpli nan ranfòse sistèm nan, nan kreye zouti ak materyèl ki mennen aprenan yo manipile eleman ki antoure yo pou fè yo konprann yo kapab sèvi ak lang nan pou yo tradui epi esprime tout kalite reyalite yo ap viv.

 

AKA pwofite salye inisyativ Edikasyon nasyonal pou rantre lang kreyòl la ofisyelman nan lekòl : « Sou pwen sa a, AKA sonje gwo inisyativ ministè Edikasyon nasyonal te pran nan ane 1979-1980 pou rantre lang kreyòl la ofisyèlman nan lekòl kòm matyè pou elèv yo etidye epitou kòm zouti ki pèmèt aprenan yo antre nan divès lòt disiplin yo.  Ankraj sa a enpòtan anpil nan kous lang kreyòl la pou li anchaje esprime tout kalite kesyon. Se wòl diferan enstitisyon ki la pou sa tou pou yo kontinye bay etid lang nan jarèt. Lòt inivèsite yo, piblik kou prive, pa ta dwe ezite mache opa ansanm avèk Université d’Etat d’Haïti (UEH) ki te kreye, depi nan lane 1978, Centre de linguistique appliquée (CLAP) ki pral tounen Fakilte lengwistik aplike (FLA) nan ane 1990, ki genyen responsablite pou li mennen lang kreyòl la chita nan klas sou ban inivèsite. Se domaj yon enstitisyon tankou Enstiti pedagojik nasyonal (IPN)  rive febli nan wout, jiskaske li rive fèmen. IPN se enstitisyon Leta ki te anchaje esperimante aktivite fòmasyon nan diferan domèn epi bay direktiv sou kijan sa dwe fèt pou byennèt aprenan yo. Yonn nan ekip yo te espesyalize nan kreye materyèl pedagojik nan lang kreyòl pou devlòpman ansèyman diferan disiplin tankou matematik, etid anviwònman, syans esperimantal, syans sosyal, syans fizik, san bliye kreyòl kòm lang  elèv yo te dwe aprann. Se te yon bon laboratwa ki te ka sèvi jodi a kòm prensipal temwen sou gran avanse lang nan fè nan domèn lasyans. 

Tantativ refòm yo pa te janm kanpe. Esperyans 1980 an, malgre bitay, pa te kanpe nan wout. Mesyedam ki te ekri Konstitisyon 1987 la, yo menm ki te temwen gwo wòl lang kreyòl la te jwe nan aboutisman mouvans sosyopolitik 1986 yo, te medaye lang  kreyòl la. Yo ba li grad lang nasyonal epi lang ofisyèl. Atik 5 Konstitisyon 1987 la deklare : « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se Kreyòl.Kreyòl ak fransè se lang ofisyèl peyi Ayiti ».

 

Pi lwen, atik 24 epi atik 40 Konstitisyon an rekonèt dwa popilasyon ayisyen an pou li jwenn sèvis nan lang kreyòl la. Pou li ka sèten pa pral gen vyolasyon dispozisyon sa yo, Konstitisyon an, nan atik 213, kreye yon enstitisyon  ki la pou li akonpaye lang kreyòl la, fè pwomosyon pou li, defann dwa lengwistik popilasyon an epi devlope zouti referans pou ede lang nan chita pi byen chak jou. Akademi kreyòl ayisyen (AKA) genyen pou li travay pou leve eskanp figi lang kreyòl la, mennen li rive tout kote,  jouk nan lasyans. Se yon batay toule jou. Se yon jefò revolisyon. Yon pelerinaj ak anpil detèminasyon epi anpil rezistans kont tout kalite prejije sosyete a marande nan mantal popilasyon an pou frennen elan lang nan.  Erezman, lide a pa neye, nou vanse.

Jounen jodi a AKA konstate anpil neglijans nan fason moun ap trete lang kreyòl la. Anpil moun panse, paske se kreyòl, yo ka di sa yo vle, ekri jan yo vle.  Sèten lekòl gen tandans anplwaye pwofesè san fòmasyon ni konpetans nan ansèyman kreyòl kòm lang matènèl. Konsta sa yo rann travay Akademi an vini pi konplike. Malgre tout sa, AKA pare pou li kontinye jwe wòl li. Li prèt pou li kore jefò tout lòt enstitisyon Leta kou prive ki gen yon wòl pou yo jwe nan fè lang kreyòl la vanse. AKA kanpe bò kote ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl, ministè Kilti ak Kominikasyon, Université d’Etat d’Haïti (UEH), sekreteri Leta Alfabetizasyon ak Fakilte lengwistik aplike kòm patnè li, non sèlman pou ede li kanpe djanm nan sosyete a, men tou pou fè moun respekte lang nan kòm zouti kominikasyon nan tout nivo.

AKA ap kontinye travay men nan men ak inivèsite yo. Li ankouraje yo ranmase koz lang kreyòl la epi sèvi avèk li nan pratik yo. Se misyon inivèsite a pou li akonpaye popilasyon an, fè li rekonèt kreyòl se yon lang menm jan ak tout lòt lang. Se lang ki anchaje devlopman li. 

 AKA ap travay di pou li devlope zouti teyorik ak zouti referans pou pèmèt lang nan anbrase tout kalite kesyon. Se pou sa, AKA angaje li nan pwojè tankou preparasyon gramè jeneral lang nan, reyalizasyon diksyonè, diksyonè jeneral, diksyonè espesyalize, revi syantifik … Li ap travay pou li anrichi patrimwàn pèp ayisyen nan sa ki gen pou wè ak literati. Se sa ki esplike pwojè kreyasyon de (2) gwo pri literè. Anvan lontan, Akademi an pral pibliye yon dezyèm rezolisyon pou estandadizasyon òtograf lang nan.

Ane pase yo, AKA an te plis fè sansibilizasyon. Travay sa a pa fini. Men, pou kounye a, li plis oryante travay li nan reyalizasyon pwojè ki pou kore devlòpman lang nan. AKA envesti tèt li nan refleksyon ki dwe mennen nan pwodiksyon : pwodiksyon materyèl  ak zouti ki pou montre posiblite ak potansyalite lang kreyòl  nan domèn lasyans. Akademi an pwofite okazyon an pou li tire lareverans devan tout moun nan kominote kreyolofòn nan, an Ayiti tankou aletranje, espesyalman devan tout akademisyen ki, nan kad travay yo, gentan pwodui refleksyon sou diferan domèn lasyans tankou biyoloji, edikasyon, matematik, fizik, ansiklopedi …

 

Rogéda Dorcé Dorcil di AKA motive pou li travay ansanm. Se menm motivasyon sa a ki fè AKA pran dispozisyon pou li travay ak moun tout spesyalis pou devlopman lang manman an: « Diferan kò metye yo, aktivite teknik ak pwofesyonèl yo pou li kreye, ansanm yo, tèminoloji nesesè pou devlopman tout kalite literati syantifik. AKA envite tout moun : akademisyen, lengwis, didaktisyen, pedagòg, matematisyen, fizisyen, chimis, jiris, ekonomis, teknisyen tout kalib, pou chita ansanm, avèk li, pou yo jwenn mo klè, mo egzat ki pou antre nan patrimwàn lengwistik ayisyen ».

AKA salye tout lòt peyi kreyolofòn yo. Li felisite tout lòt gwoup ayisyen, nan peyi a tankou nan dyaspora a ki ap fè gwo jefò pou yo selebre mwa lang ak kilti kreyòl 2022 a. AKA rete kwè yo tout travay pou ankouraje lasyans pale kreyòl.

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES