Nedje

Bèl ti dyaman nwa 
ki sòti nan tè Danakil
Sèz prentan potko franchi 
pa pòt lavi w 
Lè vye blan devègonde
te pran plezi ap neye sans ou 
ak anizèt, wiski 
pandan lafimen t ap jwe marèl
pou kache lapèn nan je w  
nan yon bwatdenwi 
nan Kasablannka

Lannwit lan t ap senyen 
gout pa gout 
tout degoutans li 
nan bouch fenèt kwense a
li t ap senyen 
jous nan manto kavalye sòlda 
kleren te klouwe sou chèz nan ba a
epi min nan fwon nwit lan
t ap desinen lòt bò a
jous sou tèt dezè a 
move kochma tèt chaje
afwontman ak chas a lòm
defèt yo epi viktwa yo

Yon nwit revèy te gen vant kòde
nwit ki pa t pi long pase yon bat je 
nan fènwa depi digdantan
k ap souse san ak swè solèy Lafrik 
Tristès te tèlman sele syèl ou
menm rit dans ou te vin sale
afòs batman kè w t ap naje ladann
Sa te fè lalin pèdi wout kè m 
tankou melodi lavi w ki pèdi koulè
tankou kouran flèv kalamite 
ki t ap chache pasaj nan je w 
lè je w jwenn wout je pa m 
epi makonnen ak nanm mwen

Je w te gen bri rèl peyi aprè peyi
tèlman 2 je w te plen peyi 
lè m te gade w 
nan tout longè powèm san tit 
nwit lan t ap ekri sou liy figi w
m te ka wè 
raj yon ras lè kout ri sinik zòt 
ap chire po tanbou Lafrik
boulvèsman katye moun nwa yo
lèsen lezanj bliye nan vil Lond 
bòdèl nan Tripoli
nan Monmat, nan Alèm
tout bèl paradi krizokal
kote nèg ap danse mizè yo
kote nèg ap chante yon nòt 
ki depaman de sa k nan kè yo
jous pou yo ka bay kolon plezi 

Gran kri detrès dezè Danakil 
Kote sechrès ap donnen dezespwa
Kri anmwey sekou w te kamoufle
nan tout jès 2 men nwa w yo t ap mime
te pote nan kadans dans ou
yon emosyon san tach 
tankou premye souri ti bebe
epi chavire ti kè w 
ak menm santiman 
ki souvan travèse kè anpil nèg 

Pandan lafimen t ap viwonnen 
anndan an
2 ti bra tou flengen w yo
te anvi trangle e fè disparèt
plizyè syèk ògèy 
ak kèk kilomèt peyizaj
pandan chema pye w 
sou mozayik byen limen an
t ap chèche soukous 
ak ti wout dekoupe 
ki louvri sou chapit anfans ou

Fenèt la te louvri janm li
sou Loksidan gran lalwèt
San fwa kè w te pase ladann 
San fwa bèl woz wouj la
ou t ap balanse nan ti dwèt ou
t ap reve fè bèbèl 
sou fasad pòt vilaj
kote lonbrit ou tere

Boukan soufrans ak van nostalji  
ki tatwe sou tout miwa nanm ou
te tankou yon gwo liv ki louvri 
devan je pil banbochè yo
Maren ki te sou mannigèt 
sòlda ki t ap boule konje yo
touris aryennafè 
ki t ap lonnen plezi
nan 2 sen doubout ou yo
kèk misyonè ak foul la 
malgre lachte ki te vlope kè yo
t ap tante kèk fwa 
dekoupe larivyè touman w 
avan lavalas te franchi pòt vizaj ou


Men se sèl ou menm ki konnen
bèl ti fanm Danakil 
menm lè nwasè lannwit 
anfoudwaye rèv ou 
anndan bwatdenwi nan Kasablannka
kè w pa lwen pou l pete pòt
pou w al banbile nan lakontantman
lè douvanjou va kouve lòt lawouze
pou benyen dezè zansèt yo 
e ou va retounen nan bitasyon w
ou va retounen pou w danse 
pou ewo w yo ki travèse deja
pou ewo w yo k ap bouske lavi 
pou ewo Lafrik gen pou kale
Chak pa w yo
jès ou yo
limyè je w 
melodi w 
ap gen pou di larenn Sole :
tè sa a 
tè sa w ap gade la a 
tè sa se fout kinnan m tande 

Powèm : Nedje 
Otè : Roussan Camille 
(Casablanca, avril 1940)
Tradiksyon Kreyòl : Mingolove Romain

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES