Kèk pawol sou kreyòl

Kisa kreyòl la ye? Nan jounen yo chwazi pou fete kreyòl, menm lè tout moun lage nan chache bèl pwovèb kreyòl, k ap montre jan lang la pote yo pakèt lide enpotan, k ap montre kreyativite ayisyen, li ta bon, nan jou sa a, pou nou pran ti chèz ba nou pou nou makonnen kèk lide sou sa kreyòl la ye. Pou mwen pa nan deplotonnen yon pakèt pawol ki pral pran twop tan, map di kreyòl la, tankou tout lang, pote yon memwa, li te fèt nan yon sitiyasyon istorik epi li eksprime kapasite yon gwoup moun pou eksprime sa yo viv, sa yo konprann nan lanati.

Nan bon kreyòl, kreyòl vle di boujon, jèn plant, ki ole. Mwen raple m lè m piti papa m te konn mete akote jèn plant kreyòl yo pou l plante. Sans mo kreyòl sa a la lontan. Gran save k ap chache fouye zo nan kalalou pou konprann ki jan kreyòl fè jwenn premye sans kreyòl te genyen te konsène fason pou rele jèn plant yo. Apre sa yo te vin itilize l pou rele kolon blan ki fèt nan koloni Sendomeng ak lot yo. Tan pase tan tounen, yo vin itilize l pou esklav ki fèt nan koloni yo oubyen ki vin maton nan reyalite lavi nan koloni yo.

Kidonk kreyòl se yon fason pou pale de yon bagay oubyen moun ki jèn, ki bèl tou. Tankou, jodi a, Ayisyen rele yon jèn fanm ki anfom “kreyòl”; “wi fout gade yon fanm kreyòl”, “ gade yon bèl kreyòl k ap pase la…” Gen moun tou ki di kreyòl la se yon lang ki dou, ki plen pwezi.

 Nan sans sa m ap tou montre koman kreyòl la pote memwa kèk eksperyans Aysisyen fè. Mwen renmen site mo sa a: “ kretyen” oubyen “kretyen vivan”. Mwen ap sonje lè m te Lise Tousen. Mwen te genyen yon pwofesé panyòl. Yon jou mwen kwaze ak li, epi mwen mande l eske li se “kretyen”? San mwen pa atann li reponn mwen: li se yon “bèt”. Se te yon repons pou l te pase m nan betiz. Men repons sa a te fè m panse ak yon lot bagay: “kretyen” vle di “moun”. Lè mwen al chache konnen mwen remake nan listwa, lè ewopeyen rive pa bo isit yo tap mande tèt yo eske zendyen yo se te moun. Sa kite vle di eske zendyen yo se “kretyen”. Depi lè sa a ta sanble “kretyen” te vin tou vle di “moun”. Mwen wè bagay sa a tankou yon richès istorik, antripilojik kreyòl la pote.

Kreyòl la pote lot bagay tankou fason li pran nesans. Pou kreyol te rive kreye, te gen sou bout tè nou an ak lot kote, tankou Gwadloup, Matinik, Lareyinyon, elatriye, yon bann moun ki te soti Lewòp, Lafrik ginen ak moun ki te la yo, Zendyen yo, te blije chache yon mwayen, menm lè te gen anpil chirepit, mechanste, pou yo te ka pale. Nan koloni yo vyolans la t ap ravaje moun yo, sitou esklav nwa yo blan ak milat pa t pran pou anyen. Menm lè sa yo te blije jwenn yon fason pou pale ansanm, joure ansanm... Se nan moman sa a kreyòl la kreye. Kidonk, li se yon lang (pi douvan m ap gen pou mwen ajoute ke kreyol plis ke yon lang, li se kilti a, li se yon fason sosyete mwen sot site la yo konstwi mond pa yo) ki pran nesans pou simante kominote a menm lè kominote a te gentan depatcha (se sa ki fè nan peyi Dayiti nou di: “kreyòl pale kreyòl konprann”. Men sa pa t anpeche kreyòl la, ki se plis lang esklav yo te pran, men jan ak jodi a, anpil pataswèl nan men blan ak nèg ki te kwè, ki toujou kontinye ap kwè, yo se blan paske yo te ale nan lekòl blan fè.

Se nan sans nou ka remake kreyòl la gen yon diferans li fèt ant “nwa” ak “nwè”. Men tou se nan menm sans li konsidere “nèg” vle di moun. Sa ki ta vle di kreyòl la pote alafwa pwoblèm rasis li fèt ladan l ak pwojè pou Ayisyen sòti nan pwoblèm sa a. Kontrèman ak sa anpil Ayisyen ap pale, kreyòl la pote yon gwo chay travay sosyete ayisyèn ap fè pou bay tèt li sans malgre gwo difkilte li ap travèse. Se sitou sans pwovèb yo, men se sitou sans egzistans lang kreyòl la menm.

Nan ka sa a mwen ap pouse pawòl la pi devan. M ap ajoute ke kreyòl pa sèlman lang la li se kilti a tou. M ap annik di kèk mo epi m ap tou fini ak lot pawòl sa a mwen pa anvi two rete sou li.Nan yon lot okazyon mwen ap abode kesyon sa nan tout detay li.

Kreyòl la fèt nan relasyon blan, afriken ak endyen (li pa konsène sèl Ayisyen, menm si mwen pran nan tèks sa kontèks peyi Dayiti). Li se yon melanj, yon makonnay plizyè bagay tankou pawòl, memwa, kò, santiman, mès… Nan menm moman lang la ap brase plizyè lòt lang se nan menm moman l ap brase plizyè istwa, pawol, mès plizyé pèp kite rankontre yo. Sa ki vin fè menm kilti a tou vin tankou yo manje marasa, tankou yon manje ginen kote ou jwenn tout bagay ladan l. Se pa sèlman sa, kreyòl la menm jan ak kilti a vin bay yon lòt fason Ayisyen panse. An n pran Lodyans la, ki se yon melanj plizyè manyè yo makonnen lapwòl: pwezi, esè, istwa oubyen resi (nouvèl), filozofi, elatriye.

Kreyòl la plis pase yon lang. Li se tout fason Ayisyen itilize pou bay sa l ap fè sans. Li se kilti, li se pwezi, li se politik, li se relijyon, elatriye. M ap fini pou m di ou ka ap pale franse epi se an kreyol w ap panse. Pa bò isit moun yo redwi kreyòl ak yon senp zafè lang. Li pa senpman sa, kreyòl se pi gwo envansyon Ayisyen (si mwen pran fòs prezans li nan lavi chak jou, nan tout aktivite ayisyen yo) fè pou l komanse viv libète ak panse libète nan trese tout sa l jwenn pou l fè yon bouke flè lavi.

Nan jou sa, sa ki sanble pi enpotan pou mwen se mande tèt nou, nou menm ayisyen, kisa viv tankou kreyol ta vle di? Kisa lavi yon kreyol ye? Kisa lavi kreyol ye? Eske sa ta vle di lavi kreyol la gen yon lojik pou tèt li? Kijan mwen ka rekonèt lojik sa? Ki sak ta ka fè li diferan de lot lojik yo? Kesyon sa yo ki ta dwe mennen mwen nan chimen pou reflechi yon lot fason sou sosyete a ap jwenn repons nan yon lot refleksyon.

 

Edelyn DORISMOND

Filozof

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES