Jwèt pèseptif vizyèl lakay fotograf Kesler Bien-aimé

Se liv Jazz Imaj Kesler Bien Aimé ki pouse n fè ti refleksyon sa a. Yon liv foto men ki pa yon albòm foto pousa. Se yon liv ki inisye yon lòt fason travay fotografi kapab fèt nan peyi a anpi ki kapab enspire lòt fotograf.

Fotografi twouve sans li nan legzistans lòm. Li pèmèt li transmèt siy yo, kominike lide, emosyon, konsèp, elatriye. Si lontan li te difisil pou n tire yon pakèt imaj, jounen jodi a gras ak teknoloji, monn fotografi a kapab temwanye satisfaksyon li. Pratik fotografi a vin abite lemon nan tout konpatiman li. Sa vle di, jounen jodi a gen yon demokratizasyon nan zafè fè foto ak pran foto. Nenpòt moun avèk telefòn li, tablèt li, òdinatè li kapab pran foto oubyen fè foto. Se pou youn nan rezon yon nonm tankou Marc Proust kapab deklare « li pi fasil pou yon moun fè foto pase aprann li ak ekri. «Nou fè yo fotografe n oubyen nou fotografe tèt nou, nou fotografe moun oubyen anviwonman nou nan tout okazyon ak pou tout okazyon. Keseswa se pou yon dokimantè, yon souvni, pou n kominike, pou terapi, elatriye.

 

Tout sa pou n di, fotografi pataje vivasyon, eksperyans lòm. S on demach ki enskri l nan vize pou l pote ede mantal la fikse vanite tan an anpi pèmèt lòm viv yo pi byen. Fotografi pèmèt lòm non sèlman wè monn lan nan fason li, li pèmèt nou wè tou kisa fotograf la te vle montre nou. San n pa gen dwa bliye objektif yon foto se pouse espektatè a gade men tou reflechi anpi pou bay pwòp siyifikasyon li.

 

Nan pwopozisyon gade ak wè sa a, sa Kesler Bien Aimé rele “une autre pensivité” misye antann li pou jwe alafwa sou mizopwen, sou plaj dinamik oubyen rezolisyon tonal anpi atire atansyon gade nou pou l kapab akouche yon eksperyans kaptasyon ki mete an sèn son ak tande. Demach sa a ki enskri li nan pwosesis estetik restan. Restan? Paske delektasyon foto yo rantre nan yon mekanis pou fè nou bliye sa ki pa reprezante nan kapti n ap gade a poutan nou ta anvi wè. Dayè pwozopope afektif yon foto pran sans li, se lè li anpeche n wè lòt reyalite, sa vle di, nou renmen yon foto pou sa l pa montre nou. Kijan nou kapab sezi demach fotografi kesler Bien Aime a? Kòman li antann li ak aparèy li pou l kreye ilizyon vizyèl? Ann pran de (2) nan foto li yo pou n dyaloge…

 

Plaj dinamik oubyen rezolisyon tonal

 

Koulè gen de (2) konpozant: tent ak satirasyon. Tent lan se koulè a limenm anpi satirasyon an se dansite li. Limyè ki se sous elektwomanyetik ki vizib, se limenm ki bay nesans ak koulè anpi lòm kapab wè li paske li trikwomat. Nan kontèks sa a, fotograf la antann li pou l jwe ak limyè anpi ekri ak li suivan diferan kaptasyon pou l kreye pèsepsyon vizyèl. Se nan sans sa a, si Marc Riboud te itilize bikwom ki se nwa ak blan pou l te  konstrui rezolisyon tonal fotografi li yo pou l te eksprime tristès, denonse lagè, nan konsepsyon koulè se yon lide(Michel Pastoureau), Kesler Bien Aimé limenm pa rantre demach li a nan yon kesyon politiko-sosyal men politico-estetik anpi li fè l pran asiz sou Teknik ekretaj oubyen klipin nan. Teknik sa a ki mande pou fotograf la depase imaj li kaptire a ak detay yo pou l ranplase yo ak ton nwa ak blan. Travay Kesler Bien Aimé a, enskri li nan yon estetik fòmalis. Se yon travay ki antann li pou l jwe sou tout fason moun kapab gade, sa vle di sou tout konsiderasyon je kapab genyen parapò ak yon objè. Eksperimantasyon vizyèl!

 

Mizopwen oubyen Teknik flou elegan

 

Nan foveya nou genyen de (2) tip selil fotoreseptè ki plis pase 6 ak 7 milyon konn. Se yo ki pèmèt nou pèsevwa koulè ak detay ki piti piti yo. Yo aktif sitou lè liminozite a fò anpil. Kontrèman ak 120 milyon batonè nou yo ki sansib anpil, yo pa kapab pèsevwa koulè ak detay. Se pou youn nan rezon nou kapab wè yon imaj flou ak monokwom nan fènwa.

 

Nan egzèsis expozisyon flou a, nou pran foto ki rele «Complice» la. Kontrèman ak Gwoup f/64 qui te genyen ladan l Imogen Cunningham, Ansel Adam ak Edward Weston, Kesler Bien Aimé bay yon plas privilejye ak Teknik flou a nan eperyans estetik fotografik li a. Komkidire, kapti aparèy fotografik Kesler Bien Aimé a, menm jan ak pwen fokal je lòm, distans ki pèmèt nou konsantre reyon limyè yo sou retin nou, imaj la vin pi nèt; anpi li vin pi flou toutotan n ap rapwoche li oubyen n ap elwanye li oubyen tou nou sispann sakade je nou, fotograf la fè abstraksyon sou pèsonaj ki nan devan-plan an pou l mete aksan sou dezyem pèsonaj la ki dèyè-plan an. Konsa, je espektatè a dwe pakouri sou pèsonaj flou a pou l rive sou vizaj lateral pèsonaj ki dèyè-plan an k ap soufle enstriman an. Odinèman, pou n site Brian Dilg, flou a kontrarye fotograf yo ki souvan obsede pou pran foto ki nèt. Men la, se yon chwa konsyan Kesler Bien Aimé fè. Se pa yon flou plat, yon kapti rate, enpresi, yon erè oubyen rezilta batonè nou yo ki rann flou vizyon periferik nou men se yon chwa fotograf la fè nan eksperimantasyon vitès aparèy li. Li antann li pou l kreye flou sa a, retade gade nou pou l jwe avèk diferan sakad aleretou je espektatè a pou yon veritab eksperyans vizyèl.

 

Menm si pèsonaj la plase nan premye plan an, flou a evoke lide, pa gen anyen pou n wè la a, nou dwe ale nan pwofondè chan an. Se yon jwèt vizyèl kontanplatif. Nan jwèt sa a, se pa je espektatè a ki fè mizopwen an men se je fotograf la. Men je espektatè a ap eseye fè sentèz estereyokospik la pou kapte tou de (2) imaj yo menm si fotograf la di pa gen anyen pou l wè la. Demach sa a rantre nan menm dinamik ak je nou, paske kote nou poze je nou, nou tou fè mizopwen an. Sa je nou pa gade direkteman reseptè non-foveya yo wè li vag anpi san bliye je nou gen tandans nan vize selektif yo pou yo fokalize sou sa n ap gade anpi yo reprime tout rès yo. Konsa, demach flou Kesler Bien Aimé a evoke lide sispisyon sa a «oumenm ou pa p jwe, lese lot la jwe». Se pousa nou di li mete aksan sou pèsonaj li jije ki enpòtan pou li a.

 

Founi je gade

 

Jounen jodi a Ayiti, atizay-lari, pi pwesizeman grafiti, fè mi yo vin yon espas bote atistik. Sa vle di, mi yo pa sèlman gen yon fonksyon sekirite, fwontyè espas prive ak piblik, yo se sipò pawòl atistik. Konsa, li vin difisil pou yon pasan pa voye je gade yon imaj ki sou yon mi pandan l ap pase. Sitou lè yon moun twouve li nan yon anviwonman li pa konnen, enfliyans karakteristik vizyèl bazik yo, (tankou sayans, limen ki pèmèt yon objè atire atansyon je yo), ap pi fò pase nan yon anviwonman li konnen deja. Sa vle di, mi yo atire je moun ak dekorasyon yo. Se konsa, Kesler Bien Aimé, antann li pou fè moun anvi gade foto li a ki rele «Expression du bel air». Se yon grafiti, kote nou kapab wè plizyè tèt ki gen gwo je, ekriti, dan k ap griyen anpi vizaj Franketienne. Nou sipoze se yon èv pent Franketienne ki ekspoze sou mi nan ansyen katye li Bèlè. Avèk aparèy foto li, fotograf la seleksyone sa li vle montre nou anpi li kite rès kadraj imaj la pou l kapab fè konstriksyon fotografik li. Se pou rezon sa a nou di, lè yon fotograf pran yon foto, l ap eseye montre nou, sa l vle nou wè ak sa l panse. Nan demach sa a, fotograf la pa sèlman transmèt yon imaj ak yon aparèy foto men l ap eseye kominike yon lide.

 

Men se kisa Kesler Bien Aimé te anvi montre nou menm paske l seleksyone kad la anvan li fè kapti li? Kamera a pa montre n tout sa Kesler Bien Aimé wè paske ang vizyon lòm pi gran pase ang vizyon yon aparèy foto. Enben, demach sa kapab konsidere tankou se yon envitasyon pou vin gade anpi pou pèmèt kontanplatè a eksprime li. Fotograf la montre nou sa li otorize n wè nan kad restren sa a pandan li sansire rès imaj la. Pandan n ap gade foto a, nou gen enpresyon imaj la anvi kite kad la pou l di fotograf la sa l kapte a pa reyalite imaj li, li pi gran toujou. Sa ki fè n konprann pandan Kesler Bien Aimé ap kache n laverite imaj reyèl grafiti a men li prezante n yon ti v nan gran V verite a. Nan sans Felix Guattari, Kesler Bien Aimé «se moun k ap konstrui gade n anpi ki bay nesans atravè konstiksyon gade sa a lòt fòm egzistans.»

 

Boutanfen, sa ki fè fòs Kesler Bien Aimé oubyen sa k fè reyisit imaj li yo, se pa yon kominikasyon ki pote lide klè bay kontanplatè a men fotograf la prezante l yon eksperyans li kòmanse anpi pou limenm konplete. Foto Kesler Bien Aimé yo mande fòk espektatè a aktif pou l kapab bay yon sans kritik ak imaj yo. Kesler Bien Aimé ap jwe sou pèsepsyon gade nou ak antandman nou pandan l pa sispann konkiranse pwòp tèt li ak lòt fotograf nan koupe fache ak tradisyonèl, reyenvente mòd espresyon ak kontni travay li.

Orso Antonio DORELUS

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES