Ruben Sanon
Nan yon anbyans festif, anba yon bèl dekò Me Franck Lauture, nouvo Direktè jeneral Enstiti Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl envesti nan fonksyon l jou mèkredi 25 mas la vè 3 :30 apre-midi nan sal konferans enstitisyon an.
Nan diskou adye li, M. Dikel Delvariste ki te okipe pozisyon pandan 6 ane, di mèsi ak defen Prezidan Jovenel Moïse ki te fè chwa de li kòm DG INFP jou ki te 29 avril 2020 an. Konsa, ansyen DG a kontinye pou di pandan manda l la li trete kèk pwoblèm rekiran sektè a ak anpil dosye tankou : Meyè tretman pèsonèl la atravè peyi a, ouvèti kèk Sant pwofesyonèl ak entegrasyon INFP nan CANTA. Malerezman nominasyon kontraktyèl yo ak aliyeman salaryal nan sektè a pa gentan fèt malgre jefò li yo. DG sòtan tèmine pou di ke : « Pandan pasaj mwen, m te jwenn anpil kritik kote genyen ki te ede m avanse men tou gen lòt se te pou detwi m, m pa yon kriminèl. Donk, yon sèvitè pati yon lòt vini ke chak anplwaye kontinye nan travay yo. Bon siksè a ou M. Lauture ».
Bò kote pa l, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la PastèVijonet Déméro di ke : « Se ak yon pwofon sans de devwa ke m ap prezide seremoni enstalasyon Me Franck Lauture kòm nouvo Direktè jeneral INFP e sa konfòm pa rapò ak dispozisyon ki te pran nan konsèy Minis ki te dewoule 23 mas 2026 la. M. Dikel Delvariste kòm ou konnen l, chanjman fè pati entegrant nan lavi tout òganizasyon, nasyon dwe konplimante w pou efò ak rezilta w pandan pasaj ou nan tèt enstitisyon sila a. toutfwa, etap sa pa make yon retrè definitif nan lavi politik men de preferans li se yon poz estratejik, yon moman rekil pou pi byen abòde epi pouswiv angajman w pou peyi a.
M. Franck Lauture, m rete kwè ke ou deja mezire kalte responsabilite k ap tann ou. M ap raple w ke INFP enpòtan anpil tan pou Gouvènman an espesyalman Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak popilasyon ayisyèn nan. INFP dwe veye ak kalite ak petinans pwogram fòmasyon pou jèn yo, pou mete sou mache travay la Teknisyen konpetan ki kapab reponn ak bezwen reyèl ekonomi nasyonal la epi kontribiye nan lansman sosyo ekonomik peyi a… donk, nan non Premye Minis la ak non pa m, antan ke Minis Edikasyon ak Fòmasyon Pwofesyonèl, mwen deklare ke Me Franck Lauture enstale nan fonksyon w kòm Direktè jeneral INFP ».
Nan diskou sikonstans li, nouvo Direktè jeneral la, Me Franck Lauture abonde konsa : « Nan ane 2015 Nasyonzini defini 17 objektif pou bout 2030 ki pote non’’ Objektif pou devlòpman dirab’’ pami yo, Aksè ak Edikasyon kalite. Sa vle di ke se pa mwayen Edikasyon pou nou rive fè devlòpman blayi nan mitan Nasyon yo.
M ap di mèsi ak Premye Minis peyi a ansanm ak Minis Edikasyon an san m pa bliye tout anplwaye INFP espesyalman pou bon akèy sa nou ban mwen an. Pandan m ap aksepte responsabilite a, mwen pran angajman m, an kolaborasyon ak Ministè Edikasyon Nasyonal nan tèt kole ak Primati pou garanti non sèlman aksè ak Fòmasyon Pwofesyonèl men tou pou n asire n ke fòmasyon sila a gen bonjan kalite. Leta pa dwe abandone Fòmasyon pwofesyonèl a Sektè prive a. konsa m ap pwofite ajoute :
- Gradiyasyon nan lekòl pwofesyonèl yo fakiltatif, sa pa obligatwa.
- Fòmasyon pwofesyonèl se lavni, INFP se chemen an.
- Leta atravè INFP dwe kanpe pou defann chak Ayisyen fas ak enjistis yo ta sibi nan sektè a.
- Ogmante enfrastrikti kote Leta bay fòmasyon yo pou ogmante òf piblik la pandan n ap ankouraje inisyativ prive yo.
- Pote fòmasyon jouk rive andedan prizon yo. Yon manyè pou mo ensèsyon sosyal la ka tounen reyalite. Ak ogmantasyon kò metye yo nan peyi a… ».
Fòk nou di ke se tout yon ekip jenn fanm ak jenn gason nan INFP ki te mete tout pwa yo nan balans la pou te reyalize kokenn chenn seremoni sila, tankou : Direktè Administratif Urbin Charles ki kòdone tout Chèf ekip yo, M. Johnny Batisma, yon Mèt seremoni ki nan wòtè tach li, M. Standley Delius Chèf Sèvis Kominikasyon an ak Madam Claudia M. E. Toussaint ki pilote ekip Pwotokòl la san n pa bliye Atis Isaac-Yvens Israël ki te chante Imn nasyonal peyi a.
M ap fini pou m di a nouvo DG a : Atansyon ! paske tèren sa ou monte a pa fasil e defi yo anpil. Planch Sali ou pral depan de kilès ou gen pou w tande. Eske se sila yo k ap pale lòt mal oubyen moun ki gen konpetans ak foug pou chanje sa.
Gen de moun an depi de bèl diskou yo si w ta aplike sa y ap di malerezman w ap deja echwe, se vre yo gen eksperyans, yo bay yon aparans se yo ki konnen men ofon se plan batay yo ki konsa, yo pran pòz ke yo se je ak zòrèy ou poutan...
Eseye entegre jèn ki gen etik ak kalifikasyon pou ede w replate system lan nan benefis mas defavorize a.
Donk ak tout kè m, m ap di w byen vini DG Lauture nan tèt enstitisyon an e m swete ke ou fè prèv ou menm jan ke w gentan fè l antan ke Komisè gouvènman ak plizyè lòt kote ke w gentan pase deja.
Ke Bondye kontinye beni w e di yon mo pou Fòmasyon pwofesyonèl peyi a.
Ruben Sanon
509 3846-7208
