INFP nan tèt kole ak CANTA, yon pa anplis nan bon direksyon pou sektè fòmasyon pwofesyonèl la

Nan yon bèl anbyans, jou jedi 22 feveriye 2024 la,  vè 11:00 nan maten, nan sal konferans INFP kote Direksyon jeneral nan tèt kole ak Direksyon Kòdinasyon Operasyon an òganize yon rankont enpòtan pou prezante CANTA kise Asosiyasyon Otorite Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl Karayib yo ak anpil kad nan biwo santral la ansanm ak Responsab Sant fòmasyon pwofesyonèl yo ki trouve yo nan Pòtoprens ak vil provens yo.

Rankont sila-a te gen anviwon 70 patisipan kote yon karantèn de an prezansyèl e lòt yo te sou zoum (zoom). Se te yon rankont ki te regwoup Responsab Sant Fòmasyon pwofesyonèl piblik, ak kèk Responsab sibvansyone epi prive san konte kèk kad onivo INFP.

Fòk nou noteke misyon prensipal CANTA se :

a) Ankouraje devlòpman yon mendèv rejyonal koperatif.

b) Fasilite mouvman lib travayè kalifye, sa vledi, ki sètifye nan Kominote Ekonomik CARICOM.

Nan sans sa, INFP, nan pwosesis entegrasyon li nan CANTA, pran angajman pou ogmante nivo yo, jan CANTA preskri l nan ekzijans li yo, yon fason pou sètifye aprenan nan tout Sant Fòmasyon pwofesyonèl ak Teknik yo, nan yon peryòd ki pa depase 5 lanne. Nan menm pèspektiv sa, tout Sant Fòmasyon pwofesyonèl ki akredite nan pwogram CANTA-a, pral oblije swiv yon pwotokòl ki ajou daprè kritè ki defini sou : Jesyon enfòmasyon, Resous moun, Resous materyèl, Kad legal, Kontwòl kalite ak Evalyasyon. Tout ekzijans sa yo se nan lide pou Sant yo adapte yo jis pou jwenn apwobasyon INFP (Enstiti Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl).

Nan kokennchenn aktivite sa-a te gen anpil Responsab INFP ki te pale tankou:

  • M. Sainthony Jeudi, Konseye nan Direksyon jeneral, ki t ap anime,
  • M. Dikel Delvariste ki se aktyèl Direktè jeneral INFP ki te fè propo byenvini epi kadre aktivite-a,
  • Enjenyè Alex Cherenfant, Konseye nan Direksyon jeneral, ki prezante estrikti CANTA,
  • M. Yves C. Vilfranche ki se aktyèl Direktè Kòdinasyon Operasyon INFP ki te prezante Kritè ak gwo liy Asirans kalite pou kalifikasyon pwofesyonèl Karayib yo (CVQ),
  • M. Samuel Germain ki se Chef Sèvis SISA/ DCO/INFP ki te prezante Kritè apwobasyon yon Sant pwofesyonèl pou Sètifika Karibeyen nivo I, II ak III.

E pami kad nan biwo santral la ki te prezan nou jwenn : Tida Guervens, Mathias Pierre, Jean Junior Lubin, Alnéus Jean Charles, Standley Delius…

Anpil nan Responsab Sant Fòmasyon pwofesyonèl yo te pale nan lokazyon sa-a tou tankou :

  • Me Ariste Wid-Pierre ki se aktyèl Direktè Sant Pilòt (CPFP),
  • Me Ezechiel Jean-Baptiste ki se aktyèl Direktè Sant pwofesyonèl Gonayiv (EPG),
  • Madam Rosana Jean ki se aktyèl Direktris Sant pwofesyonèl Jeremi (EPJ).
  • M. Yvon Calixe ki se aktyèl Direktè Sant pwofesyonèl Meyòt. Pou n site sila yo sèlman.                                      

Noteke tout Responsab yo te felisite Direksyon jeneral INFP pou inisyativ la epi poze kesyon pou pi byen konprann byenfonde opòtinite sa ke sektè Fòmasyon pwofesyonèl pral koumanse enplemante nan jou k ap antre yo. Toufwa, Direktè Calixe pwofite pou pale de yon pwoblèm k ap trakase Sant Meyòt la kote youn nan Fòmatè yo poko nome men yo jis gen yon kontra e pafwa yo konn fè nenpòt 5 mwa pa touche.

An gwo, lefèt ke INFP entegre Asosiyasyon Otorite Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl Karayib yo (CANTA) se yon pa anplis nan  bon direksyon. Kòm Responsab INFP yo opte pou yon entegrasyon gradyèl sou yon peryòd 5 lanne, donk, li rete kounye-a pou nou gen yon klima sekirite estab nan peyi-a pou fasilite bon fonksònman Sant Fòmasyon pwofesyonèl yo ak tout lòt enstitisyon ki nan peyi-a, konsa n a vanse tout bon vre. 

 

Ruben Sanon

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES