Yon kanpay envitasyon Temwen Jewova yo òganize Nou envite w nan 2 evènman espesyal k ap fèt nan mwa mas la

Nan mwa mas 2024 la, Temwen Jewova yo gen yon kanpay espesyal pou envite moun toupatou nan peyi a nan de evènman espesyal.

Dimanch k ap 24 mas, plizyè milyon Temwen Jewova toupatou sou tè a pral rasanble pou yo komemore lanmò Jezi Kris, yon evènman Jezi li menm te tabli jan Evanjil yo fè konn sa.

«Temwen Jewova yo konsidere Memoryal la kòm jou ki pi enpòtan nan ane a» , se sa Fred Aimé, pòtpawòl Temwen Jewova yo ann Ayiti fè konnen. «Men, toupatou sou tè a, gen plizyè milyon moun ki pa Temwen Jewova ki asiste evènman espesyal sa a. Nou espere moun ki abite nan zòn nou an ap met ansanm avèk nou pou nou sonje Jezi Kris.»

Nan evènman ànyèl sa a ki rele Soupe Seyè a, yo pral bay yon diskou ki montre siyifikasyon lanmò Jezi ak enpòtans li genyen pou tout moun.

Rantre a gratis, tout moun ka vini. L ap dire anviwon inèdtan. L ap kòmanse e l ap fini ak yon priyè. Gen kote se pa mwayen videyo konferans w ap ka suiv evènman sa yo. Yon Temwen Jewova nan zòn ou an ap ka fè w jwenn enfòmasyon ki nesesè pou w konekte apati aplikasyon Zoom nan.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason Temwen Jewova yo selebre Soupe Seyè a, tanpri ale nan Kesyon moun poze souvan  sou jw.org, sit entènèt Temwen Jewova yo.

Yon semèn anvan Memoryal la, 16 ak 17 mas 2024, nan Sal Wayòm yo, yo pral bay yon diskou espesyal ki gen tèm: “Viktwa sou lanmò grasa Rezirèksyon!

Diskou piblik 30 minit sa a ki baze sou Bib la pral pale sou espwa Bib la bay kote moun ki mouri yo ap reviv ankò.

Pou plis enfòmasyon sou evènman sa yo ak kote y ap fè l, tanpri ale nan jw.org.

 

Lesly Gaussaint

Biwo Relasyon Piblik

Syèj nasyonal Temwen Jewova yo

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES