INFP ki kreye pa dekrè depi 9 oktòb 1973 te jis yon Enstiti ki te la pou fòme Kad epi Fòmatè pou travay nan Sant fòmasyon yo. Men pou estriktire Fòmasyon Pwofesyonèl ak Teknik peyi a, jou k te 23 oktòb 1984 la sou Prezidan Jean-Claude Duvalier vin gen yon dekrè-lwa ki pral dote INFP de yon premye Lwa-kad. Fòk nou presize, avan kreyasyon INFP, Sant fòmasyon pwofesyonèl yo te dirije dirèkteman pa yon Direksyon Teknik nan Ministè Edikasyon Nasyonal ki te rele ‘’ Direksyon zafè Teknik’’.
14 mas 1985 yon dekrè-lwa pwomilge pou vin plis kadre INFP kote ladan li nou vin jwenn tipoloji Sant yo ki se : Sant piblik, Sant sibvansyone ak Sant prive yo. E an 2018, yon nouvèl lwa vin pwomilge sou Prezidan Jovenel Moïse pou modènize sektè Fòmasyon pwofesyonèl peyi a. Se vre ke INFP òganize ekzamen pou Sant fòmasyon yo, men chak jou ki pase vin gen yon gwo eka ant Enstiti a ak Sant prive yo.
Pou palye ak sitiyasyon sila a, Me Franck Lauture ki se aktyèl Direktè jeneral INFP vle pote yon nouvèl touch pou bouche fose sila a. Nan menm lide sa a, DG a lanse yon kokennchenn resansman pou tout Lekòl pwofesyonèl prive yo nan peyi a, kit se sa yo ki gentan akredite deja nan Enstiti a oubyen tout sitwayen ki gen lekòl pwofesyonèl men ki poko anrejistre kòm sa dwa, yo tout dwe ranpli yon fòmilè resansman ke Responsab yo nan INFP mete disponib soti premye pou bout 30 avril 2026 la, yon pa, nan objektif pou rekeyi enfòmasyon ki konsène lekòl pwofesyonèl prive yo pou nou kapab mete ajou baz done INFP nan zafè akreditasyon Sant yo,. Yon lòt pa, pou wè tou nan Sant fòmasyon pwofesyonèl ki ta renmen jwenn akreditasyon pou yo fonksyone selon lalwa.
N ap note ke, selon DG Lauture : « baz done sila ap ede nou antan ke desidè yon lide non sèlman sou : ekzistans Sant yo, aktivite yo, sitiyasyon jewografik yo, pwofil ak kòdone Responsab la tankou nimerwo telefòn, adrès elektwonik…, filyè yo sa vle di disiplin ke yo anseye, men tou y ap gen pou reponn ak kesyon eske Sant yo a deja akredite nan INFP oubyen yo poko jwenn rekonesans.. e tou enfo sa yo ap pèmèt ke Responsab INFP yo mye regile sektè a. DG a kontinye pou di ke anbisyon l se pa pèsekite men de preferans aprè resansman sa nou pral akonpanye sila yo ki poko gen akreditasyon si yo ranpli kondisyon pou sa jis pou INFP ka redwi anachi ki ekziste nan kreyasyon epi fonksyònman lekòl pwofesyonèl nan peyi a. Se sak fè ke nou mande kolaborasyon ak tout Responsab Sant prive yo yon fason pou n kapab mete ajou baz done nou nan zafè sila a ».
Ki kote ak kijan enterese yo ap rive ranpli fòmilè a ?
Pou ranpli fòmilè a, w ap jis al sou Facebook nan paj’’ Institut National de Formation Professionnelle (INFP) ‘’ou sou sit ofisyèl Enstiti a ki se : infp.gouv.ht
Oubyen si ou ta gen difikilte ou ka pase nan Biwo santral INFP ki twouve l nan Ri Sen-Siren (ansyen lokal Ajans Kanadyèn) antre lokal kot Galri 128 te ye a, Jivena, Petyon-Vil. Nan sans sa a, w ap pwouve ke ou se yon Responsab yon lekòl pwofesyonèl prive. Ou ka pase ak telefòn entèlijan w ant 10 :00 e 2 :00 kote youn nan manm ekip la ap kotche w pou w ka ranpli fòmilè a anliy.
Pou ki rezon yon Responsab lekòl pwofesyonèl dwe ranpli fòmilè a ?
Me Franck Lauture kontinye pou di, dayè se li ki vin ak pwojè sila a : « rezon ki fè ke yon Resdponsab lekòl pwofesyonèl prive (sa vle di yon Sant ki pa ni piblik, ni sibvansyone) se : premyèman pou mete baz done INFP ajou nan zafè akreditasyon, sa vle di, tout Sant prive ke INFP deja rekonèt. Dezyèman, fòmilè resansman sa a konsène tout Responsab Sant prive ki gen dosye an soufrans ou ki poko trete onivo de INFP. Anfen, li konsène tout lòt lekòl pwofesyonèl sou teritwa nasyoanl la ».
Nou wè ke Me Lauture koumanse etone anpil moun, sitou abolotyo ki toujou pran yon malen plezi pou chanje diskou yo maten, midi ak aswè paske yo pa koyeran, e nan sa y ap di e nan sa y ap fè. Tankou y ap klewonnen ke yo pa vle yon Politisyen nan tèt INFP, tandiske se yon pozisyon ki alafwa Politik e Teknik. Se vre, li bonè pou nou ta di ke Direktè jeneral la ap delivre machandiz la tout bon vre, san nou pa inyore ke li byen koumanse. Men, sa ke m konprann avni DG a nan sektè a pral depann de nan men kilès ke li pral pran konsèy.
Antouka, mwen felisite DG a pou inisyativ sila a kote l ap resanse lekòl pwofesyonèl prive yo an menm tan eseye pèmèt baz done INFP plis agrandi nan zafè rekonesans lekòl pwofesyonèl yo.
Donk, angiz de konklizyon m swete l bòn kontinwite sou lanse sa a.
Ruben Sanon
509 3846-7208
